Pataje

Yon lis konplè sou pi bon klas anglè an liy gratis ak lòt resous ki itil

Gen anpil fason gratis pou aprann ak amelyore anglè w sou òdinatè w oswa telefòn ou. Jwenn yon lis konplè klas anglè gratis sou entènèt. Aprann sa yo ofri ak ki kote pou ale pou kòmanse.


Nou mete ansanm yon lis sou divès estil klas anglè, aplikasyon ak sitwèb pou ede w aprann anglè kòm yon dezyèm lang. Chak moun aprann nan yon fason diferan. Eseye chak grenn ladan yo epi gade sa k pi bon pou ou a. USAHello fè patenarya ak Lingokids pou bay opsyon gratis si w enskri atravè sitwèb yo a.

klas anglè an liy gratis

Klas
Ofri
Sitwèb/Aplikasyon
1e Sipò Lengwistik
Klas ak videyo kout pou aprann mo ak fraz an anglè pou ede w ak lavi kotidyen.
Sitwèb ak aplikasyon
Amarik, bimàn, chinwa, dari, koreyen, pèsàn, taylandè
Klas entèaktif ki gen leson ak egzèsis ki kout. Ou kapab fè pratik pwononsyasyon anglè ansanm ak natif ki pale anglè. Plan bazik la gratis.
Sitwèb ak aplikasyon
Yon sitwèb bileng pou edikatè ak fanmi k ap aprann lang anglè.
Sitwèb
Panyòl
Yon pakèt klas anglè gratis pou moun ki gen nivo debitan, avanse ak entèmedyè.
Sitwèb ak aplikasyon
Arab, Katalan, Fransè, Alman, Italyen, Pòtigè, Ris, Panyòl, Vyetnamyen
Leson kout, tès pratik ak repetisyon pou ede w aprann Anglè.
Sitwèb ak aplikasyon
Ede ak konpetans pou tande. Chwazi sijè ki baze sou enterè pèsonèl ou tankou espò, istwa ak vwayaje.
Sitwèb
Jwèt, videyo ak chante pou ede timoun yo aprann Anglè.
Enskri gratis  atravè USAHello.
Aplikasyon sèlman
Aktivite an liy ki itilize videyo, foto, son, grafik ak tèks. Montre vokabilè, gramè, pwononse ak aptitid nan lavi. Ede w pratike tande, pale, li ak ekri Anglè.
Sitwèb ak aplikasyon
Panyòl
Leson videyo chak semèn ak fèy ou ka enprime pou aprann anglè. Paj jounal ki gen yon lis nouvo vokabilè ak atik pou tcheke konesans ou an Anglè.
Sitwèb
Bimàn, Kreyòl, Fransè, Panyòl, Swayili, Tik ak plizyè lòt

Resous gratis pou aprann Anglè sou entènèt

Resous
Ofri
Sitwèb/Aplikasyon
Aktivite aprantisaj, tès, jwèt ak lòt resous pou amelyore itilizasyon Anglè nan vi reyèl la.
Sitwèb
Yon tès anglè estandadize sou entènèt pou evalye nivo Anglè w.Free EF SET Certificate™
Sitwèb ak aplikasyon
Fèy travay ak ti tès ou kapab telechaje pou fè pratik Anglè w.
Sitwèb
Resous ki gen ladann egzèsis gramè ak vokabilè.
Sitwèb
Egzamen pratik (tankou TOEFL) pou ede w prepare w pou tès lengwistik Anglè pou lekòl ak travay.
Sitwèb ak aplikasyon
Klas ak resous Anglè, ki gen ladann plis pase 2000 videyo konvèsasyon an Anglè ou kapab gade pou aprann kilti, istwa ak liv ameriken.
Sitwèb
Tcheke jan w ekri epi korije fot gramè w yo.
Sitwèb ak aplikasyon
Aprann ekri an Anglè ak èd nan men yon natif ki pale Anglè.
Sitwèb
Konsèy pou gramè ak pwononsiyasyon pou amelyore jan w ekri ak ponktiyasyon an Anglè. Resous pou ekri lèt bazik pou biznis, lèt motivasyon ak CV.
Sitwèb

Lòt fason pou aprann anglè gratis

Medya sosyal yo ofri plizye santèn resous pou moun k ap aprann anglè. Tiktok gen tout bagay, tankou videyo sou gramè. YouTube gen videyo pou ede w memorize epi aprann nan yon fason ki amizan.

Klas gratis GED® ak sitwayènte USAHello an liy yo kapab tou yon bon zouti pou aprann Anglè. Ou kapab etidye Anglè pandan w ap gade klas yo nan lòt lang tou.

Kou anliy USAHello yo ouvri pou tout moun.

Kou USAHello yo gratis, epi yo fèt pou refijye ansanm ak imigran yo. Prepare evalyasyon pou GED® ou oubyen pou ou ka vin yon sitwayen ameriken.

Enfòme sou kou gratis nou yo

Èske nou manke yon bagay nan lis sa? Fè nou konnen. Voye yon imèl pou estaf nou an nan [email protected] Mèsi!


Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.

Pataje