Pataje

Twomatis kay Imigran ak Refijye yo

Anpil imigran ak refijye soufri twomatis. Aprann plis sou siy twomatis ak twoub estrès pòs-twomatik (PTSD). Jwenn konsèy pou fè fas ak twomatis ak kijan pou jwenn tretman.

 


Kisa Twomatis la ye

Si ou fè eksperyans yon move evènman, li komen pou gen yon emosyon fò tankou lapèrèz, tristès, ak kolè. Pafwa, yon eksperyans ka kite w ak santiman kote ou santi w pa an sekirite alontèm. Sa rele twomatis.

Tip evènman ki lakòz twomatis yo souvan rive sanzatann, andeyò kontwòl ou, oswa mete lavi ou an danje. Sa ka gen ladan l:

  •  temwen oswa fè eksperyans vyolans
  • lagè oswa zak teworis
  • abi fizik oswa abi seksyèl
  • pèdi yon moun ou renmen
  • Kenbe w nan yon sitiyasyon kont volonte ou (tankou lè moun nan prizon)
  • Aksidan oswa dezas ki menase lavi moun

Lè w ap vini nan yon nouvo peyi, ou ka gen yon move bagay ki rive w pandan vwayaj la oswa aprè w fin rive. Li ka pafwa difisil pou rekipere w de evènman sa yo paske yo te rive lè ou panse w te ka an sekirite.

Sentòm twomatis yo

Tout moun pa fè eksperyans twomatis akoz menm evènman oswa fè eksperyans lan menm jan. Pou anpil moun k ap deplase al nan yon lòt peyi, li komen pou yo konsantre sou bezwen debaz yo avan. Ou ka pa fè eksperyans sentòm twomatis yo touswit akoz de sa.

Sentòm twomatis ki komen yo se:

  • Santiman lapèrèz, enkyetid, tristès, mank enterè nan aktivite chak jou yo, koupab, oswa refize akspete sa ki rive a.
  • Sentòm fizik tankou pwoblèm somèy oswa kochma, tèt fè mal, toujou santi fatig, doulè san yon kòz fizik, kè plen, ogmantasyon batman kè, oswa toujou rete an alèt.
  • Difikilte pou sonje bagay, konfizyon, oswa pwoblèm konsantrasyon.
  • Chanjman nan konpòtman tankou itilize plis sigarèt, dwòg, oswa alkòl, chanjman nan apeti, oswa pa kominike menm jan ak fanmi oswa zanmi yo.

Tout sa yo se repons nòmal. Pou pifò moun, sentòm sa yo disparèt avèk letan. Nan kèk ka, sentòm sa yo pa disparèt poukont yo. Yo rele sa Twoub estrès pòstwomatik (PTSD).

Trètman pou twomatis

Pa santi ou nan nòmal ou aprè yon move bagay rive se nòmal. Chak kilti ak chak moun gen diferan eksperyans ak twomatis ak fason yo rekipere yo.

Gen anpil bagay ou ka fè poukont ou pou ede sentòm yo disparèt:

  • Rete aktif. Bouje kò w kapab sitou itil lè w ap travay sou chòk Li ede sèvo w ak kò w rekipere epi li ka redwi òmòn ki fè w santi ou estrese yo.
  • Konekte ak lòt moun.
  • Pran swen sante fizik ou. Manje manje ki bon pou lasante, dòmi ase epi fè egzèsis, epi evite alkòl ak dwòg.
  • Jwenn fason pou w santi w kalm. Santiman pèdi kontwol trè kouran avèk twomatis. Kapab kalme tèt ou poukont ou, enpòtan pou ede ou santi w an kontwòl. Ou ka eseye Ti pratik kout pou kanpe move panse yo. Ou ka mete aktivite pou kalme w tou nan woutin chak jou w yo tankou meditasyon, al mache, mizik, lapriyè, oswa yon aktivite ou renmen.
Konsèy senp pou w santi w kalm
– Mete men w ak pwanyè ou anba dlo k ap koule.
– Bouje kò ou pandan w ap sote oswa w ap kouri sou plas.
– Eseye metòd 5-4-3-2-1 an. Site non senk bagay ou ka wè, kat bagay ou ka tande, twa bagay ou ka manyen, de bagay ou ka santi, epi yon bagay ou ka goute.

Si ou fè bagay sa yo epi ou toujou ap batay pou santi w nan nòmal ou, li tap petèt itil pou ta travay avèk yon pwofesyonèl sante mantal. Moun sa yo se moun ki ka ede ou devlope konpetans pou w santi w plis an kontwòl. Li enpòtan pou jwenn yon moun ou santi w alèz avèk li. Gen kèk moun ki twouve li pi fasil pou yo travay ak yon moun ki gen menm pakou kiltirèl avèk yo. 

Yon bon pwofesyonèl sante mantal ap ede w jwenn mwayen pou jere sentòm w ap rankontre yo. Ou pa bezwen pale sou istwa ou si w pa vle fè sa. Si ou gen asirans medikal, li ka kouvri frè a pou ou.

Aprann kòman pou jwenn sèvis sante mantal.

Twoub estrès pòstwomatik (PTSD)

Pou pifò moun, emosyon difisil yo resanti apre yon evènman twomatik vin amelyore avèk letan. Si ou kontinye gen sentòm ki pa amelyore epi yo vin fè li difisil pou fè aktivite chak jou w yo, ou ka gen PTSD. Nan kèk ka, sentòm PTSD yo ka parèt yon bon bout tan aprè evènman an fin pase. 

Si ou panse ou soufri PTSD, ou ka pale ak doktè w la. Doktè w la ka sijere ou medikaman oswa li ka mete ou an kontak ak yon pwofesyonèl sante mantal. 

Jwenn èd toupre w

Jwenn èd legal, kou anglè, klinik sante, sipò lojman, ak plis ankò. Chèche yon kat jeyografik lokal ak yon lis sèvis pou imigran nan peyi Etazini ak aplikasyon FindHello a.

Kòmanse rechèch ou an

Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.

Pataje