Pataje

Kòman pou Aplike pou Azil Ozetazini

Azil se yon fòm pwoteksyon ki pèmèt ou rete Ozetazini. Jwenn enfòmasyon aktyèl sou chèche azil nan peyi Etazini. Dekouvri si ou elijib ak kijan pou aplike. Konnen kijan pou prepare pou entèvyou a.

Mizajou September 15, 2023

Enpòtan: Tit 42 toujou an vigè sou fwontyè Etazini-Meksik la. Règleman sa kapab rann chèche azil sou fwontyè a difisil. Aprann plis.  

Kisa azil la ye?

Azil se yon fòm pwoteksyon ki pèmèt ou rete Ozetazini si w te pèsekite oswa ou pè pèsekisyon nan peyi w akoz ras ou, relijyon, nasyonalite, apatenans nan yon gwoup sosyal patikilye, oswa opinyon politik. 

Lè yo ba ou azil, ou kapab:

  • Rete Ozetazini legalman avèk pwoteksyon kont detansyon ak depòtasyon
  • Mande azil pou madanm ou oswa mari ou ak pou timoun ou 
  • Kalifye otomatikman pou yon pèmi travay pou travay Ozetazini
  • Aplike pou yon kat sekirite sosyal, dokiman vwayaj, green card, ak sitwayennte
  • Elijib pou sèvis relojman pou yon peryòd tan, ansanm ak asistans finansyè ak medikal, kou anglè, travay, ak sèvis sante mantal

Egzijans azil yo

Ou kapab chèche azil sèlman si ou:

(https://www.youtube.com/watch?v=Z0-BRWZztS8&list=PL845KO58lhKOannRoW0b0K42byIhNQrJT)

Aplike pou azil 

Ou dwe aplike pou azil nan yon lane apre ou fin rive Ozetazini sof si ou fè pati yon eksepsyon. Ou p ap peye anyen pou sa. Etap ou pral pase yo ap diferan toudepan si w ap chèche azil afimatif, azil defansif, oswa te genyen yon rezilta pozitif pou egzamen krent kredib la.

Genyen 3 mwayen ou kapab jwenn azil Ozetazini:

Azil afimatif
Pwosesis afimatif la se pou moun ki pa nan pwosedi depòtasyon oswa retrè yo. Yon ofisye azil Ozetazini Sèvis Imigrasyon ak Sitwayennte Ameriken (USCIS) ap revize epi deside sou ka afimatif yo.

Entèvyou pou merit azil
Sa se pou moun yo te plase nan pwosedi retrè ekspedye epi ki te gen yon rezilta pozitif pou ekzamen krent kredib yo a. Yon ofisye azil nan USCIS ap revize epi deside sou ka a.

Azil defansif
Pwosesis defansif la se pou moun ki nan pwosedi retrè oswa depòtasyon yo devan yon jij imigrasyon nan Biwo Ekzekitif pou Ekzamen Imigrasyon (EOIR). Yon jij ap revize epi deside sou ka defansif yo.

Yo ka plase ou nan pwosedi retrè si:

  • Sèvis Ladwann ak Pwoteksyon Fwontyè Etazini (CBP) deklare ou te antre Ozetazini ak fo dokiman
  • Sèvis Ladwann ak Imigrasyon Etazini (ICE) te arete ou Ozetazini paske ou pat gen yon estati legal
  • Azil afimatif ou a pat apwouve

Pwosesis azil la trè konplike. Li enpòtan pou revize  opsyon pou èd jiridik ou genyen yo. Anpil òganizasyon ak avoka ofri sèvis jiridik ak sipò gratis oswa a ba pri. Ou gen plis chans pou w jwenn azil avèk èd yon avoka imigrasyon oubyen yon reprezantan legal ki akredite. Yo kapab ede w ranpli aplikasyon w lan epi prepare w pou entèvyou oubyen odyans ou.

Pwosesis Azil afimatif

Ou dwe Ozetazini oswa sou yon pò nan antre Etazini pou w aplike pou azil. Yon pò nan antre Etazini kapab yon ayewopò, pò maritim, oswa pasaj fwontyè. Si ou pa nan pwosedi retrè, ou kapab aplike pou azil afimatif dirèk nan Sèvis Imigrasyon ak Sitwayennte Ameriken (USCIS). 

W ap bezwen ranpli epi soumèt Fòm I-589, Aplikasyon pou Azil ak pou Sispansyon Retrè. USCIS ap asepte sèlman edisyon ki gen dat 10/12/22 anba nan kwen agoch la.

Pwosesis egzamen laperèz kredib la

Si yo mete ou nan pwosedi pou depòtasyon rapid epi ou di ou vle aplike pou azil, y ap voye ou nan USCIS pou yon egzamen laperèz kredib.

Yon ofisye azil nan USCIS ap ba ou yon entèvyou pou detèmine si ou genyen yon laperèz pèsekisyon oswa tòti ki kredib. Yo ka ofri ou dezyèm entèvyou ki rele Entèvyou pou Merit Azil oswa voye ou al jwenn yon jij imigrasyon pou pwosesis azil defansif la.

Entèvyou pou Merit Azil

Si ou genyen yon Entèvyou pou Merit Azil, y ap konsidere si ou elijib pou pwoteksyon nan Konvansyon Kont Tòti a (CAT). Si yo deside ou elijib, y ap ba ou azil. Dosye ekri sou desizyon pou laperèz kredib pozitif la ap sèvi kòm demann ou pou azil la. Ou p ap bezwen soumèt Fòm I-589.

Pwosesis azil defansif

Si ou nan yon sant detansyon imigrasyon amerikèn oswa nan pwosedi depòtasyon rapid, ou kapab aplike pou azil defansif pa mwayen yon jij imigrasyon. Si ou pa genyen yon aplikasyon pou azil nan dosye w deja, ou dwe ranpli epi soumèt Fòm I-589, Aplikasyon pou Azil ak pou Sispansyon Depòtasyon.

Ka w la ap azil defansif si ou:

  • nan pwosedi pou depòtasyon rapid apre USCIS pat ba ou azil afimatif
  • te nan depòtasyon rapid, te genyen yon laperèz kredib, epi te resevwa yon Avi Konvokasyon (olye yon Entèvyou pou Merit Azil)
  • nan pwosedi pou depòtasyon rapid avèk ICE oswa CBP pou vyolasyon nan koze imigrasyon

Pwosesis azil la trè konplike. Li enpòtan pou revize  opsyon pou èd jiridik ou yo.

Pwochenn etap apre ou fin jwenn azil la

  1. Jwenn èd bò kote sèvis relojman yo.
  2. Aplike pou yon kat sekirite sosyal.
  3. Jwenn yon lisans kondiktè oswa yon kat idantifikasyon nasyonal.
  4. Jwenn yon travay. Ou kapab travay san ou pa genyen pou w aplike pou yon pèmi travay oswa EAD (Otorizasyon Travay).
  5. Vwayaje deyò Etazini Ou dwe aplike pou yon pèmi vwayaj anvan. Soumèt Fòm I-131, Aplikasyon pou Dokiman Vwayaj bò kote USCIS anvan vwayaj ou a. Yon dokiman vwayaj valid pou yon lane. 
  6. Mande pou antre mari w oswa madanm ou ak timoun ou ki pa marye ki gen mwens pase 21 lane Ozetazini. Aprann plis sou reyinifikasyon familyal.
  7. Aplike pou yon green card yon lane apre ou fin jwenn azil la.
  8. Aplike pou sitwayènte 4 lane apre ou fin resevwa rezidans pèmanan legal la (green card).
lawyer reviewing information
Evite fwod imigrasyon

Aprann fwod sou imigrasyon ki pi kòmen tankou notè ak fo sit entènèt yo. Konnen kijan pou pwoteje tèt ou epi kisa pou fè si ou te viktim de fwod.

Aprann plis

Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de DHS, USCIS, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.

Pataje