Pataje

Pwosesis reyinifikasyon fanmi nan pwogram liberasyon kondisyonèl ak pwogram yo

Pwosesis reyinifikasyon fanmi sou kondisyon imanitè an pèmèt manm fanmi ki gen aplikasyon pou viza ki apwouve vin Ozetazini ak kondisyon imanitè. Etazini envite sèten sitwayen ameriken ak rezidan pèmanan legal (LPR) pou aplike pou manm fanmi yo. Aprann plis sou pwosesis la.

Mizajou November 21, 2023

Sa se sèlman pou moun ki deja gen yon Fòmilè I-130 ki apwouve epi k ap tann viza imigran yo a toujou . Pwogram nan se pou moun ki soti nan Kolonbi, Kiba, Ekwatè, El Salvador, Gwatemala, Ayiti, ak Ondiras. Li fèk elaji pou ede redwi rès viza pou peyi sa yo.

Fòm I-130 se yon aplikasyon pou jwenn pèmisyon pou manm fanmi yo imigre Ozetazini. Jwenn plis enfòmasyon.

Pwogram liberasyon kondisyonèl

Nan kad pwogram sa, manm fanmi yo antre sou pwogram liberasyon kondisyonèl Ozetazini sou yon baz dosye-pa-dosye. Pwogram liberasyon kondisyonèlpèmèt fanmi ou antre Ozetazini yon mannyè legal epi aplike pou travay Ozetazini. Li pa yon estati legal pèmanan. Peryòd inisyal pwogram liberasyon kondisyonèl la se pou 3 an.

Benefisyè pwogram liberasyon kondisyonèl yo ta dwe aplike pou yon green card lè viza imigran yo a vin disponib. Manm fanmi w lan ta dwe jwenn viza li a nan anviwon 2 an apre li fin benefisye pwogram liberasyon kondisyonèl. 

Si manm fanmi w lan benefisye pwogram liberasyon kondisyonèl la olye li tann yon viza, sa ap koute li plis. Yo pral oblije peye pou yo jwenn otorizasyon travay ak pou yo jwenn yon green card. Sa se yon bagay nou dwe konsidere lè n ap deside si nou ta dwe aplike pou pwogram liberasyon kondisyonèl oswa kontinye tann yon viza. 

Elijibilite

Kounye a gen plizyè pwogram reyinifikasyon familyal sou kondisyon :

Fòk ou jwenn envitasyon pou aplike. Gouvènman ameriken an seleksyone yon seri moun epi voye yon envitasyon ba yo nan mesajri yo pou yo aplike pou youn nan pwogram sa yo. Se pou moun ki gen viza yo ki ta dwe disponib nan ant 18 ak 30 mwa. 

Pou w elijib pou aplike pou pwogram liberasyon kondisyonèl pou yon manm fanmi, fòk ou:

  • Se yon sitwayen ameriken oswa LPR
  • Genyen yon Fòm I-130 ki apwouve 
  • Gen manm fanmi ki nan Kolonbi, Kiba, Ekwatè, El Salvador, Gwatemala, Ayiti, ak Ondiras

Kijan pou aplike

Ou pa kapab aplike amwenske Sant Nasyonal Viza Depatman Eta (NVC) envite w pou w fè sa. 

Si ou panse ou ka elijib, asire ou NVC a genyen adrès mesajri aktyèl ou. Si ou genyen kesyon, ou kapab soumèt yon Fòmilè Demann Piblik anliy pou w kontakte NVC a.

Pou sila ki resevwa yon envitasyon, y ap genyen pou yo swiv enstriksyon yo ki nan lèt NVC a:

Ranpli yon Fòm I-131 apa pou chak manm fanmi epi mete:

Voye tout dokiman yo ansanm nan adrès mesajri a anvan dat limit la. Li enpòtan pou ou soumèt tout demann yo ansanm pou ede USCIS detèmine elijibilite a. Si se pa sa, yo ka refize demann ou an. 

USCIS ap trete demann ou an. Yo ka mande enfòmasyon adisyonèl.

Si pa gen okenn pwoblèm nan demann nan, manm fanmi w lan ap jwenn envitasyon pou yon entèvyou epi y ap mande li pou li sibi yon egzamen medikal. Y ap genyen pou yo bay done biyometrik yo tou, tankou anprent yo ak foto yo.

Si yo refize Fòm I-131 ou an, se yon desizyon final. Manm fanmi w lan ka toujou elijib pou yon viza imigran sou baz apwobasyon Fòm I-130 li a. 

Entèvyou

Entèvyou ap fèt Avàn toudepann nan ki pwogram ou te aplike. Pèsonèl USCIS la pral poze manm fanmi w lan kesyon pou li detèmine si l ap benefisye de pwogram liberasyon kondisyonèl la.

Manm fanmi w yo ta dwe pote tout dokiman obligatwa yo nan entèvyou a, dokiman sa yo se: 

  • Pyès idantifikasyon gouvènman an bay
  • Paspò ki pa espire
  • Dokiman ki pwouve elijibilite yo pou pwogram nan (si yo pa an anglè, fòk yo pote tradiksyon anglè sètifye yo) 
  • Rezilta egzamen medikal yo 
  • Kopi avi entèvyou a

Vwayaje Ozetazini 

Si manm fanmi w lan benefisye pwogram liberasyon kondisyonèl la nan USCIS la, y ap ba li dokiman vwayaj ki nesesè yo. Sa ka pran anviwon 6 mwa pou ou jwenn dokiman vwayaj yo apre ou fin soumèt demann ou an. 

Li enpòtan pou manm fanmi w lan pa fè okenn gwo chanjman jiskaske li resevwa dokiman vwayaj li yo. Sa gen ladan vann kay yo a oswa kite travay yo a.

Dokiman vwayaj yo ap pèmèt manm fanmi w yo antre Ozetazini. Ou menm oswa manm fanmi w lan dwe peye pou pwòp vwayaj yo. Lè yo rive, yon ofisye CBP nan yon pwen antre ap verifye dokiman yo. Si tout bagay nan lòd, y ap bay yon Fòm I-94 pou dokimante pwogram liberasyon kondisyonèl yo a. 

Depi li fin antre Ozetazini, manm fanmi w lan ap kapab aplike pou travay

Jwenn yon green card 

Depi viza imigran manm fanmi w lan vin disponib, y ap atann pou li aplike pou yon green card. Yon grenn card ap pèmèt li viv Ozetazini an pèmanans. L ap kapab aplike pou sitwayènte tou 5 lane apre yo fin genyen green card li a. Si li pa gen yon green card, l ap bezwen mande pou rebenefisye pwogram liberasyon kondisyonèl la ankò. 

Asistans jiridik

Li enpòtan pou ou pran konsèy jiridik depi ou kapab. Yon avoka oswa yon reprezantan yo akredite kapab ede ou konprann opsyon ou genyen pou reyinifikasyon ak fanmi ou epi byen soumèt demann ou an. Anpil òganizasyon ak avoka ofri sèvis jiridik gratis oswa bon mache.

lawyer reviewing information
Evite fwod imigrasyon

Aprann fwod sou imigrasyon ki pi kòmen tankou notè ak fo sit entènèt yo. Konnen kijan pou pwoteje tèt ou epi kisa pou fè si ou te viktim de fwod.

Aprann plis

Konprann mo yo

Rezidan pèmanan legal (LPR)
Yon moun ki gen yon green card valid
Demann
Yon aplikasyon oswa demann fòmèl ki fèt bò kote yon otorite
Moun ki fè demann nan
Moun ki soumèt yon demann pou aplike pou manm fanmi yo antre Ozetazini
Benefisyè
Manm fanmi ki gen yon moun ki fè demann pou li antre Ozetazini

Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USCIS ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.

Pataje