Pataje

Ki sa ki EAD? Yon gid pou Otorizasyon Travay Etazini

Anpil imigran vini Ozetazini pou travay. Si ou pa yon sitwayen ameriken oswa yon moun ki gen kat vèt, ou dwe genyen yon Dokiman Otorizasyon Travay (EAD). Jwenn enfòmasyon sou fason pou aplike pou yon pèmi travay epi renouvle li.


Kisa yon EAD ye

Yon EAD se yon Dokiman Otorizasyon Travay oswa pèmi travay. Pou travay nan Etazini, fòk ou se yon sitwayen ameriken, yon rezidan pèmanan legal, oswa ou gen yon pèmi travay. Yon EAD pwouve ke ou ka travay legalman nan Etazini. 

Anplwayè yo dwe tcheke si ou otorize pou travay pou yo kapab swiv lalwa epi evite penalite yo. Li komen pou anplwayè yo mande pandan yon entèvyou pou travay, “èske ou otorize pou travay legalman nan Etazini?”

EAD a pa espesifik pou yon anplwayè. Ou ka itilize kat EAD a pou travay pou nenpòt anplwayè nan Etazini.

 Kat EAD

Kat EAD a gen ladan non ou, foto ou, nimewo yo bay moun ki etranje, nimewo kat la, dat nesans, anprent ou, ak dat ekspirasyon. Ou ka itilize kat la tankou yon fòm idantifikasyon. Se pa yon dokiman valid pou re-antre Ozetazini. Yo rele kat sa I-766 tou.

Ki moun ki ka gen yon EAD

Ou ap bezwen fè pati youn nan kategori elijib yo pou aplike pou yon EAD.

Kèk nan yo gen ladan:

  • Refijye ak moun ki nan azil
  • Benefisyè pwogram imanitè liberasyon kondisyonèl yo
  • Moun ki ap mande azil ki annatant (150 jou apre yo fin ranpli aplikasyon an)
  • Benefisyè pwoteksyon kont depòtasyon (DED)
  • Benefisyè Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS)
  • Benefisyè DAKA
  • Benefisyè sispansyon oswa eliminasyon depòtasyon
  • Sèten travay yo bay non-imigran yo
  • Moun ki gen viza U ak viza T yo
  • Moun ki siyen petisyon VAWA pou tèt yo
  • Madanm oswa mari, fiyanse oswa moun ki depann de yon sèten kategori yo otorize

Jwenn yonlis konplè ki gen tout kategori yo otorize yo.

Sitwayen Ameriken ak rezidan pèmanan legal yo (moun ki gen rezidans yo) pa bezwen yon EAD pou yo travay nan Etazini.

Moun k ap chèche azil

Si ou se yon moun ki ap mande azil epi aplikasyon w lan annatant, ou dwe tann 150 jou avan ou aplike pou yon EAD. USCIS ka rejte fòmilè I-765 la si ou ranpli li avan peryòd 150 jou ou dwe tann lan.

 Pwojè k ap Defann Moun k ap mande Azil (Asylum Seeker Advocacy Project) (ASAP) se yon resous ki itil.

(https://www.youtube.com/watch?v=BZ2SOUPbcZY)

Refijye ak azile

Refijye ak asilye yo otomatikman otorize pou yo travay Ozetazini. Yo pa bezwen aplike oswa peye yon frè pou yon EAD (Dokiman Otorizasyon Travay).

Si ou se yon refijye, ajans reenstalasyon an depoze yon demann EAD sou non ou. Ou pa oblije montre yon EAD si ou gen tou de idantifikasyon eta a ak yon kat Sekirite Sosyal san limit. 

Si ou se yon azile, Biwo Azil la pral kòmanse trete EAD ou a otomatikman. Ou pa bezwen ranpli yon aplikasyon pou otorizasyon travay. Sepandan, si yon jij imigrasyon oswa Komisyon ki gen apèl nan zafè imigrasyon (BIA) te ba w azil, w ap resevwa enstriksyon aprè lòd pou w jwenn yon EAD nan men USCIS.

Afgan ak Ikrènyen pwovizwa yo

Sèten  moun Afgan ak Ikrènyen pwovizwa  pa bezwen tann pou apwobasyon Fòm I-765 pou travay Ozetazini. Fòm I-94 ki poko ekspire w la kapab pwouve ou ka travay pandan 90 premye jou yo nan travay ou. Aprè sa, w ap bezwen montre yon EAD ak kat Sekirite Sosyal san restriksyon.

USCIS ap ofri tou  egzanpsyon frè ak pwosesis pi rapid. Gen plis enfòmasyon ki disponib sou  paj Nasyonal Afganyo ak  Inite pou Ikrèn yo.

Kijan pou aplike pou yon EADuj

Si ou pa yon refijye oswa yon moun ki nan azil, ou pral bezwen aplike pou yon pèmi travay avèk USCIS.

Men yon lis etap pou swiv:

1. Li enstriksyon yo. Fòmilè a konplike. Yo rekòmande pou gen yon asistans legal pou evite fè erè.

2. Rasanble dokiman yo mande yo. Ou ap bezwen yon kopi de yon kat idantifikasyon gouvènman an ba ou ak yon foto ki gen dimansyon foto paspò. Gen lòt dokiman yo mande an fonksyon de kategori w. 

3. Konplete epi siyen Fòmilè I-765 la. Ou ka fè sa anliy oswa enprime fòmilè a. Asire ou ke ou reponn tout kesyon yo. Si ou enprime fòmilè a, asire ou ke ou siyen li alamen.

4. Peye 410 dola frè aplikasyon an. Atache resi frè aplikasyon an ansanm ak aplikasyon EAD a. Ou ka pa oblije peye frè a si ou gen yon sèten estati imigrasyon oswa si ou gen yon dispans frè apwouve.

5. Fè yon kopi fomilè a. Li ap itil si ou bezwen renouvle EAD ou oswa si li pèdi oswa si yo volè li.

6. Soumèt fomilè ou la.  Ou gen opsyon pou soumèt li pa lapòs oswa anliy. Si ou soumèt li pa lapòs epi ou bezwen resevwa yon notifikasyon elektwonik, mete ladan tou  Fomilè G-114 la.

7. Konsève nimewo ki nan resi USCIS ou a. Sa se fason ou ka swiv evolisyon estati ou la.

8. Ou dwe tann yo apwouve ou avan ou elijib pou kòmanse travay. Ou ka kòmanse chèche yon travay pandan w ap tann pèmi travay ou.  

Si yo notifye ou ke ou bezwen sèvis biyometrik. Ou pral resevwa yon notifikasyn pou randevou ansanm ak enstriksyon yo. Sa pral koute yon 85 dola anplis. Moun k ap chèche azil ki gen yon aplikasyon annatant pa bezwen soumèt frè sa a. Lè w peye move kantite lajan an, sa ka lakòz yo rejte aplikasyon w lan.

Si ou ap ranpli avèk yon lòt fòmilè, ou dwe swiv enstriksyon pou lot fòmilè a. Pa egzanp, si ou ap ranpli Fòmilè I-765 avèk Fòmilè I-539, ou dwe ranpli tou de fòmilè yo kote Fòmilè I-539 la endike pou fè sa. Epitou, tcheke si yo dwe peye frè pou diferan fòmilè yo separeman. Otreman, yo ka rejte fòmilè w la.

Kantite tan pou rete tann yon EAD

Kantite tan pou rete tann lan ka varye selon estati imigrasyon ak sant sèvis la. Tcheke tan trètman dosye a. Aprè USCIS resevwa aplikasyon w lan, y ap voye yon nimewo resi ba w pou w swiv sitiyasyon aplikasyon w lan.

Si w gen yon aplikasyon azil ki annatant, tan pou trètman an se 30 jou. Sa a se 150 jou anplis ou dwe tann pou aplike. Peryòd tan pandan yon aplikasyon azil la annatant anvan ou resevwa yon EAD yo rele “180-day asylum EAD clock.”

Si ou se yon travayè swen sante oswa gadri, ou ka jwenn yon pwosesis pi rapid oswa akselere si ou gen youn nan eleman sa yo:

  • Yon premye fòm EAD ki annatant depi plis pase 90 jou.
  • Yon fòm renouvèlman EAD ki gen yon EAD ekspire oswa ekspire nan lespas 30 jou oswa mwens.

Ekspirasyon EAD

Kounye a, yon EAD ka valab pou jiska 5 ane sa depan de sitiyasyon imigrasyon w. Yon nouvo règ endike EAD ou a pral valab pou 5 ane si ou te: 

  • Rantre oswa benefisye kondisyon imanitè kòm yon refijye
  • Te benefisye azil
  • Te benefisye sispansyon depòtasyon oswa espilsyon, ajisteman nan estati, oswa anilasyon espilsyon an
  • Gen yon aplikasyon ki annatant pou azil oswa pou sispansyon espilsyon, anilasyon espilsyon, oswa ajisteman nan estati

Règ sa a aplike sèlman pou aplikasyon ki depoze nan dat 27 septanm 2023 oswa apre. Li pa aplike pou EAD yo bay anvan dat sa a. Lòt estati imigrasyon, tankou TPS, ka gen EAD ki valab pou diferan kantite tan. USCIS kapab otomatikman pwolonje EAD yo pa peyi ak TPS. 

Renouvèlman EAD 

Si EAD ou a ap ekspire talè oswa li ekspire, ou ka aplike pou yon renouvèlman. Ou dwe soumèt yon nouvo Fòm I-765. W ap bezwen peye frè aplikasyon an ankò sof si w satisfè sèten eksepsyon oswa si w gen yon egzansyon frè ki apwouve.

Ou ka ranpli aplikasyon w pou renouvèlman an kòmanse 180 jou anvan dat ekspirasyon an. Li pi bon pou w aplike bonè pou w pa gen yon espas nan otorizasyon travay.

Lè w ranpli aplikasyon renouvèlman w la sa ka pwolonje otorizasyon travay ou pandan aplikasyon w lan ap trete. Peryòd ekstansyon aktyèl la retounen a 180 jou apati 27 oktòb 2023. Si ou te resevwa yon ekstansyon otomatik 540 jou dapre règ anvan an, ekstansyon ou a ap fini nan dat sa a, oswa lè ou resevwa yon desizyon final sou aplikasyon renouvèlman ou a.

Kalkilatè ekstansyon EAD USCIS la ka ede w konnen nouvo dat ekspirasyon an.

Nimewo Sekirite Sosyal

Pou travay Ozetazini, w ap bezwen tou yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN). Ou ka aplike pou kat SSN ak EAD ou an menm tan avèk Fòm I-765. Yo itilize yon nimewo Sekirite Sosyal pou rapòte salè ou bay gouvènman an epi detèmine benefis yo.

Chèche èd 

Li enpòtan pou chèche konsèy legal nan men yon avoka imigrasyon oswa yon reprezantan ki akredite. Anpil òganizasyon ak avoka ofri sèvis legal gratis oswa bon mache.

Ede ak pèman frè a

Ou ka aplike pou yon egzansyon frè si ou gen yon sèten kantite moun nan kay la ak revni. Ou dwe ranpli Fòm I-912 ak aplikasyon EAD ou a oswa soumèt yon lèt pou mande yon dispans frè ansanm ak prèv ki nesesè yo.

Kisa mwen ta dwe fè si mwen pèdi oswa yo vòlè kat EAD mwen an?

Ou ka jwenn yon ranplasman EAD si yo te vòlè kat ou a, li te pèdi oswa detwi. W ap bezwen ranpli yon nouvo Fòm I-765 pou ranplase yon EAD.

Èske mwen ka travay Ozetazini san otorizasyon travay?

Gen anpil moun ki pa gen estati imigrasyon legal Ozetazini e donk pa ka jwenn yon EAD. Yo souvan travay nan travay “non deklare” oswa yo peye yo ak lajan kach. Jwenn enfòmasyon pou travayè san papye.

Gen yon travay oswa bay yon sèvis san dokiman apwopriye yo sa kontrè ak lwa travay e imigrasyon Etazini. Travay a tan pasyèl, travay sou entènèt, oswa dirije pwòp biznis ou san otorizasyon ka gen konsekans grav. Yo ka anile viza w oswa yo ka depòte w.


Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USCIS ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.

Pataje