Pataje

Konsèy pou evite fwod ki kòmen nan imigrasyon

Fwòd imigrasyon yo trè komen epi yo pran plizyè fòm. Ou dwe konnen kijan pou pwoteje tèt ou. Jwenn konsèy sou fason pou idantifye, evite, ak rapòte èskwokri.


Fwod se lè yon moun bay manti pou vòlè enfòmasyon pèsonèl ou oswa lajan w. Li ilegal. Malerezman, fwod kòmen.

Anpil fwod bay enfòmasyon ki fo sou prestasyon imigrasyon. Si ou pa sèten sou pwosedi espesifik, kontakte biwo imigrasyon lokal ou a oswa founisè sèvis legal ou a.

Pèman

Pifò eskwokri mande pèman pou frè pou imigrasyon. Frè imigrasyon ak aplikasyon yo trete atravè Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (U.S. Citizenship and Immigration Services, USCIS) ak Depatman Deta Etazini (U.S Department of State, DOS) ak Biwo Egzekitif pou Kontwòl Imigrasyon (Executive Office for Immigration Review, EOIR).

USCIS pral sèlman aksepte pèman sou Entènèt atravè kont myUSCIS ou oswa pa lapòs nan kòf ofisyèl li yo. Lè w ap ranpli yon aplikasyon sou entènèt, y ap voye w sou pay.gov pou peye frè yo.

USCIS pa p janm mande w:

  • Pèman pa telefòn oswa pa imèl
  • Pèman atravè sèvis tankou Western Union, MoneyGram oswa PayPal
  • Transfè lajan bay yon moun oswa peye yon moun
Tout fòmilè USCIS ak EOIR gratis sou USCIS.gov ak justice.gov. Pa gen moun ki ta dwe fè w peye pou yon fòm.

Enfòmasyon pèsonèl

Magouyè yo kapab eseye pran enfòmasyon pèsonèl ou pou vòlè idantite w ak lajan w. Sa ka gen ladan l:

  • non w ak adrès ou
  • nimewo kont bank ak kat kredi
  • nimewo sekirite sosyal
  • nimewo asirans medikal

Si yon moun mande w detay sa yo, fè atansyon. Bay enfòmasyon sa yo sèlman ak moun ou fè konfyans.

Fwod legal

Se sèlman yon avoka ak yon reprezantan ki akredite-DOJ ki gen otorizasyon pou bay konsèy legal.

Notè Piblik

Nan plizyè peyi nan Amerik Latin ak Ewòp, notè piblik yo (notario publicos, notary publics) se avoka ki otorize pou bay konsèy legal.

Nan peyi Etazini, notè yo fè moun prete sèman epi yo asiste lè moun ap siyen dokiman ki enpòtan. Notè piblik yo nan Etazini pa resevwa fòmasyon ni yo pa otorize pou bay okenn sèvis legal. Notè Ozetazini k ap eseye fè w fwòd kapab:

  • Pran pòz ofri sèvis legal
  • Ofri pou soumèt aplikasyon USCIS san yo pa gen eksperyans ki nesesè
  • Bay fo konsèy legal ki kreye pwoblèm nan ka imigrasyon w lan

Konsèy:

Asire w ou pran konsèy jiridik nan men yon avoka imigrasyon ki gen lisans oswa yon reprezantan legal ki akredite. Aprann kijan pou jwenn founisè legal ou kapab fè konfyans. 

Sit entènèt eskwokri

Yon sit entènèt fwod imigrasyon ka pretann li ofri enstriksyon ak èd pou ranpli yon aplikasyon USCIS. Pafwa, sitwèb fwòd yo kapab eseye sanble ak sit ofisyèl yo epi yo ka itilize menm estil la oswa so ofisyèl la. Yo kapab gen fot frap etranj.

Konsèy:

  • Asire w ke sit entènèt la an sekirite ak adrès “https” epi yon ikòn kadna (🔒) 
  • Sit entènèt ofisyèl gouvènman yo fini ak .gov 
  • Sèvi ak sit ofisyèl yo: USCIS.gov, DHS.gov, justice.gov
  • Pa sèvi ak sit ki eseye gen yon adrès ki sanble tankou USCIS-online.org
  • Aktyalize telefòn ou ak sistèm òdinatè yo lè yo sòti nouvo vèsyon yo
  • Itilize modpas ki solid ak otantifikasyon miltifaktè

Imèl fwod

Imèl fwod yo trè kòmen. Anpil imèl eskwokri gen dosye oswa lyen ki telechaje malveyan sou aparèy ou an lè ou klike sou yo. Yo ka mande enfòmasyon pèsonèl tankou nimewo kont oswa mande pou pèman.

Imèl sispèk yo kapab genyen:

  • Fot frap etranj, tankou nan non w
  • Karaktè etranj epi polis karaktè yo varye
  • Lyen sou fo sit entènèt gouvènman an

Konsèy:

  • Pa louvri imèl ki sispèk
  • Fè atansyon lè w ap louvri yon imèl yon moun ou pa konnen voye pou ou
  • Tout imèl USCIS ak gouvènman Etazini an voye pou ou ap fini nan .gov
  • Pa klike sou okenn lyen
  • Ale sou google oswa ekri adrès sit entènèt la olye pou klike sou lyen yo
  • Pa fè okenn pèman pa imèl
  • Pa reponn imèl ki sispèk
  • Fè atansyon ak nenpòt imèl ki di li gen yon desizyon USCIS
  • Ale nan MYUSCIS pou tcheke w ap resevwa enfòmasyon ki kòrèk la (tout dènye nouvèl enpòtan yo pral la)
[email protected] se yon imèl fwod. Pa reponn imèl ki sòti nan adrès sa a oswa pa klike sou okenn nan lyen li yo.

Apèl fwòd 

Pifò moun resevwa apèl fwod. Moun k ap fè fwòd souvan chanje nimewo idantifyan apèl yo pou l ka matche ak endikatif zòn ou an pou w ka pran apèl la. Kalite ki pi kòmen yo se sou kat kredi ak taks men kèk ka sou imigrasyon.

Yon moun k ap fè apèl fwod kapab:

  • pretann li se yon ofisye imigrasyon
  • mande pou enfòmasyon pèsonèl oswa pèman
  • di enfòmasyon ou yo pa bon oswa ou dwe lajan epi ap menase pou denonse w

Konsèy:

  • USCIS pa p mande pou enfòmasyon pèsonèl oswa pou fè pèman pa telefòn
  • Tcheke ak USCIS oswa EOIR si w pa sèten si apèl la reyèl
  • Chèche jwenn enfòmasyon sou ajans yo sou yon sit ofisyèl
  • Fèmen telefòn nan si w gen dout sou apèl la epi pa eseye rele yo
  • Kontakte yon avoka oswa yon reprezantan imigrasyon si w gen kesyon

Magouyè yo ka kontakte w tou sou rezo sosyal yo pou yo ofri èd yo pou yon aplikasyon imigrasyon tankou libète imanitè. USCIS p ap kontakte w sou Facebook, ni sou Twitter, ni sou LinkedIn, oswa lòt rezo sosyal.

Lòt fwod imigrasyon ke yo fè sou entènet 

Men yon lis kèk fwod imigrasyon ke yo fè sou entènèt otorite yo ap pataje ak piblik la.

Fwod enfòmasyon pèsonèl Afgan yo ka mande w pataje enfòmasyon sou ou pou yo ka ede w jwenn avantaj imigrasyon. Anjeneral, USCIS pa voye imèl pou fè w konnen yo apwouve w pou yon sèten benefis imigrasyon.

Fwod pwosesis akselere ka pwomèt ou pou yo fè w jwenn viza, kat vèt, oswa yon pèmi travay pi vit si w peye yon frè. Yo rele sa “sote etap.” Yo ka di w tou ke yo gen kontak nan gouvènman an pou akselere ka w la. Pèsonn pa ka akselere sèvis yo pi lwen pase tan nòmal pwosesis yo.

Fòm I-9 fwod nan imèl yo ka fè konprann yo se ajan USCIS epi mande patwon yo enfòmasyon ki nan Fòm I-9 la. Anplwayè yo pa oblije soumèt Fòm I-9 bay USCIS.

 Fwod libète imanitè yo ka vize imigran ak sponsò yo pou pwofite de yo. Magouyè yo ka kontakte w sou entènèt oswa atravè rezo sosyal yo epi yo ofri yo kòm sipòtè w an echanj pou yon frè oswa enfòmasyon pèsonèl tankou nimewo paspò w oswa dat nesans ou. Si w ap chèche yon sponnsò, itilize Welcome Connect.

Sponnsò yo responsab pou yo bay benefisyè yo sipò finansye pou jiska 2 zan. Benefisyè yo pa oblije remèt lajan ni travay pou sponsor yo. Ni sponnsò yo ni benefisyè yo pa gen pou yo peye pou yo soumèt yon aplikasyon.

 Fwod trafik moun ka komanse ak yon fo kontra travay ki gen ladanl promès travay ki soti nan lòt peyi oswa ke w resevwa pa imel. Trafik moun gen ladan l sitiyasyon kote yo oblije moun yo fòse travay epi yo pa ka kite akòz menas, dèt, ak estati imigrasyon. Chache jwenn bon konsèy pou w evite trafik moun.

 Fwod TPS yo souvan ofri fo enfòmasyon sou re-enskri pou TPS. Fwod sou entènèt sa yo ka mande pou w soumèt fòm ak pèman pou w renouvle TPS ou a. Ou pa peye pou w renouvle l. Pa peye oswa pa ranpli okenn fòm toutotan USCIS pa mete ajou enfòmasyon ofisyèl TPS sou Entènèt. 

Fwod sou lotri viza ka di yo te chwazi w pou pwogram Visa Divèsite (VD) a. Se Depatman Deta a ki jere lotri viza a, se pa USCIS. Depatman Deta a p ap voye imèl ba ou pou l di w yo te chwazi w pou lotri viza a. Lotri viza a gratis. Ou pa bezwen peye yon frè pou aplike.

Rapòte fwod ak eskwokri 

Rapòte fwod sou entènèt ka fè w jwenn èd. Li ka ede tou asire w ke lòt moun pa fè eksperyans menm bagay la. Ou ka rapòte yon fwod sou entènèt san w pa idantifye w epi ou pa oblije bay non w. Ou kapab tou depoze yon rapò sou non yon lòt moun.

Asire w ou kolekte enfòmasyon espesifik sou fwod la oswa eskwokri: 

  • Dat, lè, ak kote ensidan an te pase
  • Non ak enfòmasyon kontak moun oswa biznis ki enplike
  • Deskripsyon vyolasyon an
Rapòte
Bay
Eskwokri benefis imigrasyon
Magouy imigrasyon
Fwod pwosedi tribinal imigrasyon
Fwod trafik moun
Imèl sispèk, sit entènèt oswa kont rezo sosyal ki di yo afilye ak USCIS
Fwod jeneral
Pèdi lajan oswa byen
Fwod
Fwod sou entènèt
Fwod ak abi patwon an

Pale ak yon manm fanmi w oswa yon zanmi ou fè konfyans si w bezwen sipò. Chache jwenn plis èd si yon moun ap menase w.

Fè atansyon ak lòt fo enfòmasyon

Gen anpil fo enfòmasyon k ap sikile, sitou sou kesyon imigrasyon. Fè atansyon ak rimè ak fo enfòmasyon. Souvan yo rele rimè fo nouvèl. Objektif li se pou l enfliyanse opinyon w. Fo enfòmasyon pa oblije fèt nan entansyon pou twonpe w men yo toujou ba w enfòmasyon enkòrèk.

Konsèy:

  • Prete atansyon sou kote nouvèl ou ak enfòmasyon yo ap soti
  • Fè atansyon ak enfòmasyon ou jwenn sou rezo sosyal yo
  • Verifye sous orijinal yo nan atik la oswa pòs la
  • Li sou moun ak òganizasyon an pou w konnen si w ka fè yo konfyans
  • Verifye enfòmasyon an nan yon lòt sous

Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USCIS, FTC, DOJ, USA.gov, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.

Pataje