Pataje

Kòman pou jwenn yon travay nan Etazini

Èske w ap chèche yon travay? Jwenn 10 konsèy itil sou fason pou jwenn yon travay. Konnen kijan pou prepare enfòmasyon ou yo ak ki kote pou chèche opòtinite travay. Aprann plis sou ajans travay, fwa travay, ak fason pou jwenn plis eksperyans.


Konsèy pou ede w jwenn yon travay

1. Rasanble enfòmasyon ou 

Anvan ou kòmanse rechèch travay ou, rasanble tout enfòmasyon ou yo. Sa ap ede w konnen ki kalite travay ou ka postile nan Etazini. Sa ka gen ladan l:

  • Istwa travay ou – non an, dat, ak kote ou te travay ansanm ak responsabilite ou yo
  • Konpetans travay – ladrès jeneral ou ka itilize nan nenpòt travay (yo te alè, aprann byen vit) ak konpetans espesifik nan travay (opere machin)
  • Edikasyon oswa fòmasyon – non ak lekòl kote ou te ale a. sa gen ladan l nenpòt fòmasyon ou genyen. You ka bezwen fè yo evalye diplòm ou an pou yo ka rekonèt li nan Etazini.
  • Lang – souvan imigran konnen plis pase yon lang sa ka yon valè pou yon anplwayè
  • Referans pwofesyonèl – moun sa yo ou te konn travay avèk yo nan tan lontan an epi ki ka pale pozitivman de eksperyans ou
  • Prèv ou ka travay nan Etazini – kèk  dokiman  montre ou ka travay nan Etazini tankou yon paspò, yon kat rezidans, oubyen kat sekirite sosyal ou. Yon anplwayè pa ta dwe janm kenbe dokiman ou. 

Selon travay ou ap chèche a, li bon pou prepare yon CV ak yon lèt ki akonpanye l. Gen kèk travay ki pa bezwen yon rezime, men kenbe yon lis enfòmasyon sou travay ou toujou itil.

2. Gade ki travay ki pi bon pou ou

Pran tan pou konprann diferan tit travay ak enfòmasyon yo bay sou yo. Ki eksperyans travay ak edikasyon ou bezwen pou yo? Chache mo tankou “bezwen,”obligatwa,” ak “dwe-genyen” pou asire ou gen eksperyans ak edikasyon pou travay la. 

3. Chèche opòtinite travay sou entènèt

Youn nan fason fasil pou chèche travay se lè ou chèche sou entènèt.

Ou ka ale sou sit entènèt yon konpayi e chèche travay ki disponib yo. Sit entènèt pou chache travay kapab ede ou chache yon travay tou selon zòn,, eksperyans e menm salè. Sit entènèt pou chèche travay ki pi popilè se Upwork, Glassdoor, LinkdIn, Indeed, USJobs, Snagajob, Care, ak anpil lòt. 

Kèk sit entènèt pou chache travay gen opsyon pou ou kreye yon pwofil e enskri pou avètisman travay. Pifò nan sit entènèt sa yo pral mande pou ou bati yon rezime sou entènèt la anvan ou aplike nan yon pozisyon ki nan lis la.

(https://www.youtube.com/watch?v=27BTcka64wQ)

Si ou bezwen amelyore konpetans enfòmatik ou, genyen klas gratis ak resous pou ede ou.

Rete veyatif sou pirataj. Anplwayè p ap janm mande ou peye pou jwenn yon travay. Ou ta dwe pridan tou lè w ap bay enfòmasyon pèsonèl, tankou nimewo kat sekirite sosyal ou oubyen kat kredi ou.

4. Pataje w ap chèche yon travay ak kominote w la

Fanmi ak zanmi ou ka konekte w ak anplwayè. Pataje avèk yo ke w ap chèche yon travay, epi mande rekòmandasyon. Ou ka pale ak vwazinaj ou ak lòt moun nan kominote ou. Sa yo se tout moun ki fè pati “rezo” ou a ki se yon sistèm sipò jwenn opòtinite ak bati relasyon.

Anplwayè yo kwè nan rekòmandasyon anplwaye yo. Epi, sa ka ba ou yon avantaj sou lòt kandida yo.

5. Chèche opòtinite ki genyen nan vwazinaj ou

Chèche siy ki make “Nou Bezwen Èd” yo nan vwazinaj ou a. Sa vle di y ap chèche anplwaye. Prezante tèt ou epi mande ki travay ki disponib. Ou ka bezwen ranpli yon demann sou papye.

Jounal lokal yo ak sitwèb yo kapab yon bon kote pou w kòmanse. Swiv jounal lokal yo epi verifye pano nan kominote lokal ou yo. Verifye bò kote konpayi toupre ou yo epi gade kiyès ladan yo k ap bay travay.

6. Enskri nan yon sant pou travay

Sant pou travay yo ofri asistans pou jwenn travay gratis. Yo ofri tou sèvis tankou konsèy sou travay, asistans pou prepare cv, epi aksè nan òdinatè. Ou kapab chèche sant pou travay ak lòt sipò sou  FindHello. Klike sou “Jobs & Careers” (Travay ak Karyè).

Si ou se yon refijye, ajans reyentegrasyon w lan kapab ede ou chèche yon travay epi li kapab bay kèk nan sèvis sa yo.

Jwenn èd toupre w

Jwenn èd legal, kou anglè, klinik sante, sipò lojman, ak plis ankò. Chèche yon kat jeyografik lokal ak yon lis sèvis pou imigran nan peyi Etazini ak aplikasyon FindHello a.

Kòmanse rechèch ou an

7. Kontakte konpayi yo dirèk

Si ou vle travay pou yon konpayi espesifik, men ou pa jwenn okenn òf sou entènèt, ou kapab voye yon imèl oswa rele yo. Ou p ap toujou jwenn yon repons men ou ka jwenn kèk enfòmasyon k ap itil sou opòtinite k ap gen pou vini. Gen kèk ka menm ofri yon reyinyon.

Lè w ap kontakte yon konpayi, rasire w ou:

  • Mande pou depatman Resous Imèn oswa pou moun ki responsab rekritman an.
  • Prezante tèt ou epi esplike pou ki rezon ou rele.
  • Mete w prè pou w reponn kesyon ak bay enfòmasyon.
  • Si ou pa kapab jwenn yon responsab rekritman, mande yon adrès imèl pou w kapab voye rezime w la.

8. Patisipe nan salon travay yo ak nan evènman rezotaj yo

Salon travay yo se evènman kote plizyè konpayi ap bay enfòmasyon sou opòtinite travay. Nòmalman, w ap kapab pale avèk moun k ap bay kout men nan rekritman pou konpayi a. 

Evènman rezotaj yo rasanble plizyè moun dideran ansanm, k ap travay nan domèn ki konèks pou pale ak aprann youn de lòt.

Fason ou kapab prepare w pou evennman sa yo se:

  • Fè kopi rezime w la oswa kreye yon kòd QR pou w kapab pataje byen fasil.
  • Abiye byen.
  • Fè pwen pou pale ak kesyon prepare. 
  • Pa timid. Prezante tèt ou epi esplike pou ki rezon ou la ak ki pòs w ap chèche.

9. Jwenn plis eksperyans ak fòmasyon oswa volontè

Pafwa ou bezwen plis eksperyans pou travay ou bezwen an. Kèk anplwayè vle wè tou ke ou genyen eksperyans Ozetazini. 

Jwenn fòmasyon gratis

Gouvènman ameriken an ofri fòmasyon gratis sou entènèt ak pwogram travay.

Apprenticeship.gov: Opòtinite pou w jwenn eksperyans travay k ap peye w nan plizyè sektè.

Sibvansyon Fòmasyon Konpetans H1B: Èd pou jwenn travay nan sektè k ap emèje yo.

Job Corps: Pwogram fòmasyon nasyonal pou moun ki genyen ant 16 ak 24 lane.

YouthBuild: Pwogram fòmasyon ak edikasyon pou jenn a risk ki genyen ant 16 ak 24 lane.

CareerOneStop: Opòtinite travay ak fòmasyon.

Volontè oswa estajyè 

Lè ou vin yon benevòl oswa yon estajyè sa kapab ede w gen esperyans. Ou ka pa jwenn lajan, men ou kapab jwenn fòmasyon, lòt konpetans, ak jwenn rekòmandasyon pwofesyonèl. Pafwa, yon pòs benevòl oswa yon estaj kapab mennen nan yon travay kote y ap peye w. 

10. Aplike nan plis pase yon travay alafwa

Li enpòtan pou ou aplike pou otan travayposib pou w ogmante chans ou pou w jwenn travay. Aplike pou yon travay pa vle di jwenn yon entèvyou oswa jwenn travay. 

Aplike nan travay ou konnen ou kapab epi ou vle fè. 

Pa dekouraje

Sa ka pran tan pou w jwenn bon travay la. Kontinye chèche menm si ou poko janm reyisi. Ou kapab mande yon anplwayè pou ki rezon ou pa jwenn travay la. Pafwa, w ap jwenn remak onèt k ap kapab ede ou fè kèk amelyorasyon. 

Eksperyans lavi w ak kapasite w pou adapte w ak chanjman yo gen anpil valè epi yo ka yon atou pou anpil anplwayè.


Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.

Pataje