Pataje

Kisa ou dwe fè lè yon moun ap menase ou

Li ka efreyan epi estresan lè yon moun ap menase ou. Li enpòtan pou konnen kijan pou reponn a menas epi pwoteje tèt ou. Aprann plis sou mezi ou ka pran, kijan pou rapòte menas yo, epi jwenn èd.


Sa kapab fè ou pè anpil epi ba ou anpil estrès lè yon moun ap menase ou. Li enpòtan pou konnen kijan pou reyaji ak menas yo epi pwoteje tèt ou ansanm ak lòt ki ta gen pwoblèm ak menas.

Tip menas

Yon menas se lè yon moun di oswa demontre li vle fè ou mal oswa pwopriyete ou mal. Sa gen ladan yo domaj fizik oswa emosyonèl, andomaje bagay ki se byen prive ou, joure ou, eseye fè ou pè, oswa fè ou abi. Gen plizyè tip menas ak fason pou reyaji ak yo.

Menas fas a fas rive se lè yon moun ki toupre ou demontre li vle fè ou mal.

Menas nan telefòn fèt pandan ou nan yon apèl. Pafwa menas ki fèt nan telefòn yo kapab se nan “yon kou monte” y ap pran ou. Sa a se lè yon moun ap pran plezi ak ou epi se pa yon menas reyèl li ye. Li toujou pi bon pou trete li tankou se yon bagay reyèl si ou pa fin twò rasire. 

Menas nan mesaj elektwonik jeneralman se nan mesaj tèks, medya sosyal, oswa imèl ou resevwa yo. 

Krim rayisman yo se menas ki gen rapò ak ras ou, relijyon ou, oryantasyon seksyèl ou, orijin nasyonal ou, oswa lòt idantite. Genyen yon ogmantasyon nan kesyon krim rayisman yo kont Azyatik Ameriken yo pandan pandemi COVID-19 lan.

Kijan pou reyaji fas ak yon menas

Kisa ou dwe fè selon tip menas lan epi nan ki nivo pou pran menas lan oserye.

Si se fas a fas y ap menase ou an:

  • Sekirite ou se sa ki plis enpòtan. Fè yon koudèy byen rapid kote ou ye a epi chèche yon kote ki gen sekirite pou ale. Li kapab yon espas ki gen yon pakèt moun oswa yon espas ou kapab kache kò ou.
  • Pa fè tèt cho. Evite gade moun nan je oswa pale ansanm ak moun k ap menase ou an. Pa demontre ou pè epi kouri oswa fè bak byen rapid.
  • Rele 911 pou jwenn èd imedya.
  • Mande moun ki toupre ou yo pou ede ou.
  • Kache  epi eseye bloke fason pou yo rive jwenn ou. Mete telefòn ou sou silans.
  • Eseye pran detay konsènan evènman an. Eseye pran foto oswa videyo san pa gen danje pou fè sa oswa mande yon moun ki toupre pou li fè sa pou ou. Si ou pa konnen moun k ap menase ou an, chèche kèk bagay ki ka ede ou idantifye moun lan tankou laj li, sèks li, ras li, wotè li, gwosè li, cheve li ansanm ak koulè je li, rad ki sou li epi tout lòt bagay ou kapab idantifye. 
  • Dènye sa pou fè se riposte lè lavi ou nan yon danje imedya. 
  • Siyale menas la bay ajan lapolis.
Rele 911 si ou menm oswa yon lòt moun nan yon danje imedya. Jwenn enfòmasyon sou kisa pou atann ou lè ou rele lapolis.

Si ou resevwa yon menas nan telefòn oswa atravè yon mesaj:

  • Rete kalm epi pa rakwoche telefòn lan. Eseye pran plis enfòmasyon sou moun k ap menase ou an. Poze kesyon pou ede ou konnen si menas lan se yon bon menas li ye.
  • Pa reponn mesaj yo, piblikasyon medya sosyal, oswa imèl yo.
  • Anrejistre enfòmasyon. Konsève mesaj yo epi ekri yon nimewo telefòn oswa adrès imèl. Pran yon eskrinnchòt menas y ap fè ou yo sou medya sosyal yo. Anrejistre yon apèl telefòn si sa posib oswa ekri sa ki te di yo.
  • Siyale menas la bay ajan lapolis.

Si menas lan gen rapò paske ou se yon imigran: 

  • Itilize anglè nan sitiyasyon an si sa posib.
  • Pa santi ou oblije edike moun sou move ide yo genyen yo. Moun ki rasis yo oswa ki vyolan yo pa rasyonèl.
  • Chèche èd legal si yon moun ap menase ou pou rele imigrasyon pou ou epi ou pè pou yo pa depòte ou.
  • Siyale krim rayisman yo bay FBI.
  • Kontakte òganizasyon dwa sivil yo, sitou si ou pa alèz pou pale ansanm ak lapolis.
  • Jwenn plis enfòmasyon sou dwa ou genyen antanke yon imigran.
  • Kontakte manm kominote ou an. Diskite sou menas ansanm ak lòt moun ki te pase nan menm bagay lan kapab ede ou konnen kisa pou ou fè.
Aprè ou fin resevwa yon menas, eseye chèche sipò emosyonèl. Diskite ansanm ak yon manm fanmi, zanmi, gwoup kominotè, oswa pwofesyonèl sante mantal ou fè konfyans. Jwenn plis enfòmasyon sou sèvis sante mantal yo.

Si ou temwen yon moun ki viktim yon menas:

  • Pale fò oswa anrejistre menas lan si ou kapab fè sa a an sekirite.
  • Rele 911 si moun y ap menase a nan danje imedya.
  • Pale ansanm ak viktim lan. Pwopoze èd epi mande yo kijan ou kapab ede yo. Koute sa yo vle avan ou fè tout sa ou gen pou fè. 
  • Pwopoze pou deplase ansanm ak viktim lan. 
  • Rete ansanm ak viktim lan aprè menas lan si li bezwen plis sipò.

Siyale yon menas

Ou kapab siyale menas yo bay lapolis ki gen nan rejyon an oswa lòt òganizasyon ki bay èd. Epitou ou kapab siyale menas yo bay kèk otorite selon kote menas lan fèt.

Pou
Kontakte
Yon menas grav nenpòt kote
911 pandan yon menasLapolis nan rejyon an aprè yon menas
Menas kont dwa sivil ou yo, tankou dwa antanke imigran ak LGBTQ+ 
Menas dwa sivil kont Afriken ameriken ansanm ak krim rayisman 
Menas kont Azyatik Ameriken
Menas dwa sivil kont Mizilman ansanm ak krim rayisman 
Menas kont kominote LGBTQ+ yo
Menas adomisil
Menas ajan gouvènmantal etranje fè, dirijan nan gouvènman, krim òganize, ansanm ak krim rayisman
Biwo rejyonal FBI(800) 225‐5324
Menas nan yon konpayi, magazen, oswa restoran
Manadjè
Menas nan transpò piblik
Sekirite nan transpò piblik
Menas nan lekòl
Yon pwofesè, konseye, oswa direktèJwenn plis efòmasyon sou sekirite lekòl
Menas sou medya sosyal
Menas nan espas travay
Sipèvizè ou an oswadepatman resous imèn

Si ou pa santi ou alèz pou rele lapolis, genyen lòt resous sekirite ki disponib pou ou.

Ou kapab siyale menas yo nan yon fason konfidansyèl. Òganizasyon tankou lapolis pral kolabore ansanm ak ou pou pwoteje idantite ak konfidansyalite ou. Yo p ap pataje enfòmasyon ou yo san ou pa bay otorizasyon.

Kisa k ap pase lè mwen fin siyale yon menas? 

Chak òganizasyon genyen pwosedi pa yo pou mennen ankèt epi reyaji kont menas. Pran enfòmasyon nan òganizasyon ou an pou konnen lòt etap yo.

Jeneralman, lapolis pral mennen yon ankèt sou menas lan ansanm ak moun ki te fè menas lan. Si ou te pran yon foto oswa yon videyo yo kapab sa yo antanke prèv. Si lapolis jwenn bonjan prèv sou menas lan epi genyen yon vyolasyon kont lalwa, yo kapab arete epi lanse pousuit penal. Menas vyolans fizik se yon krim ki grav li ye nan plizyè eta.

Epitou ou kapab depoze yon pwosè sivil nan tribinal ki nan rejyon ou an paske ou sibi vyolans emosyonèl oswa fizik. Ou kapab mande yon entèdikasyon pou pa pwoche yon moun konsa l ap sispann menase ou epi kanpe lwen ou.

Jwenn èd toupre w

Jwenn èd legal, kou anglè, klinik sante, sipò lojman, ak plis ankò. Chèche yon kat jeyografik lokal ak yon lis sèvis pou imigran nan peyi Etazini ak aplikasyon FindHello a.

Kòmanse rechèch ou an

Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USA.gov, the FCC, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.

Pataje