Pataje

Lwa ki enpòtan Ozetazini ou ta dwe konnen

Etazini gen anpil lwa nan nivo federal, etatik ak lokal. Jwenn yon lis lwa enpòtan ou ta dwe konnen pou evite vyole lalwa epi rete an sekirite.


Lwa yo diferan nan chak peyi. Li enpòtan pou nou konnen lwa yo Ozetazini pou nou rasire nou ke nou p ap vyole yo epi pou tonbe nan pwoblèm.

Dwa sivil 

Chak moun gen dwa ak menm tretman ak menm opòtinite. Sa gen ladan lè nou nan travay, lekòl, ak lè nou pral wè doktè. Lwa federal entèdi diskriminasyon. Ou pa ka trete yon moun enjisteman akoz:

  • Laj
  • Andikap
  • Kote li soti
  • Ras ak koulè
  • Relijyon oswa lafwa
  • Estil ak oryantasyon seksyèl

Aprann plis sou dwa sivil ak kisa pou ou fè si yo vyole dwa ou.

Krim grav

Krim grav lalwa pini Ozetazini yo se:

  • Omisid oswa retire lavi yon lòt moun
  • Menas, agresyon fizik, ak kidnaping
  • Vòl, vòl oswa destriksyon pwopriyete yon moun 
  • Gade, pwodui, oswa distribiye pònografi timoun
  • Vyòl ak agresyon seksyèl sa gen ladan l sèks san konsantman
    • Nan majorite eta yo, timoun ki gen mwens pase 18 lane pa kapab dakò pou yo fè sèks selon lalwa. 

Konnen kisa pou ou fè lè lapolis kanpe w oswa arete w.

Imigrasyon

  • Ou dwe genyen yon dokiman vwayaj ki valid pou w antre epi kite Etazini. Yo kapab arete ou epi depòte ou paske ou antre Ozetazini san pèmisyon.
  • Li pa legal pou w rete apre viza w fini. Si ou rete apre viza w espire, sa se yon vyolasyon lwa imigrasyon. 
  • Imigran ki genyen 18 lane oswa plis dwe genyen avèk yo dokiman idantifikasyon ak imigrasyon ki valid tout tan. Si yon ofisye imigrasyon mande ou papye ou, ou ta dwe montre li yo si ou genyen yo.
  • Ou pa kapab bay manti nan yon demann imigrasyon. Ou dwe toujou di laverite devan yon ofisye imigrasyon.

Aprann plis sou dwa imigran yo.

Kondwit 

  • Ou dwe genyen yon lisans chofè ki valid pou ou kondwi Ozetazini. Kèk eta pèmèt imigran ki pa gen dokiman aplike pou pèmi apranti ak lisans chofè.
  • Ou gen egzijans pou ou anrejistre machin ou nan eta kote w ap viv la. 
  • Ou bezwen abòne pou asirans de baz pou w kouvri depans yo nan ka yon aksidan. Kenbe papye asirans lan ak papye anrejistreman an nan machin ou tout tan.
  • Ou dwe aktyalize lisans chofè ou lè ou demenaje pou w ale nan yon lòt eta. 
  • Tout moun dwe pase senti sekirite keseswa se yo k ap kondwi oswa se pasaje. Tibebe yo ak timoun yo dwe nan syèj pa yo anndan machin nan.
  • Li pa legal pou ou kite timoun yo san siveyans nan yon machin nan kèk eta. 
  • Ou dwe respekte tout prensip sikilasyon yo. Li pa legal pou w bay vitès ak pase sou limyè wouj ak pano kanpe yo. 
  • Ou dwe kanpe si ou rive sou yon aksidan machin. Verifye si gen moun ki blese. Rele 911 si yo bezwen asistans medikal. 
  • Li pa legal pou w ap kondwi sou enfliyans alkòl oswa dwòg.
  • Sa kont lalwa pou w ap tèks oswa itilize telefòn pandan w ap kondwi nan anpil eta. 

Aprann plis sou lwa kondwit yo epi jwenn manyèl pou chofè ki tradui pou eta w la.

Dwòg ak alkòl 

  • Li pa legal pou moun ki genyen mwens pase 21 lane achte alkòl ak sigarèt. Kèk eta pèmèt moun ki genyen mwens pase 21 lane yo bwè alkòl avèk pèmisyon paran yo yon kote prive. 
  • Nan majorite eta yo, sa kontrè a lalwa pou bwè alkòl an piblik. Genyen restriksyon sou kote ou kapab fimen tou.
  • Li pa legal pou w ap kondwi sou enfliyans alkòl. Nan anpil eta, lè ou genyen yon konsantrasyon alkòl a 0,08% nan san w, sa vle di ou entoksike. 
  • Li pa legal pou pwodui, vann, ak konsome yon seri dwòg ki kontwole. Dwòg ilegal yo se metamfetamin, kokayin, ewoyin, ak mariwana nan majorite eta.
    • Li legal pou moun konsome mariwana kòm amizman nan 19 eta. Mariwana medikal la legal nan 38 eta.

Travay 

  • Sa kont lalwa pou travay Ozetazini san otorizasyon. Tout moun dwe pwouve ke yo elijib pou yo travay.
  • Ou dwe peye enpo leta ak enpo federal si w ap antre plis pase yon sèten montan. Moun yo dwe peye enpo yo chak 15 avril.

Aprann plis sou dwa travayè yo ak kòman pou w peye enpo ozetazini

Timoun ak paran

  • Paran yo responsab pou yo pran swen timoun yo jiskaske yo genyen 18 lane. Paran yo dwe bay timoun yo ase manje, rad, refij, swen medikal, edikasyon, sipèvizyon, ak pwoteksyon. 
  • Paran yo pa kapab abize oswa neglije timoun yo. Paran yo pa kapab abime timoun yo a ni fizikman, ni mantalman, oswa seksyèlman oswa menase pou yo frape timoun yo a. 
  • Timoun yo gen egzijans pou yo ale lekòl pandan yon sèten kantite lane. Nan majorite eta yo, timoun ki genyen ant 5 ak 16 lane yo dwe ale lekòl. 

Aprann plis sou lwa sou timoun ak levasyon timoun ak lwa sou edikasyon ak dwa etidyan.

Maryaj ak sèks 

  • Se yon krim lè ou fòse yon moun marye kont volonte li. Manm fanmi yo pa kapab abize yon moun fizikman oswa emosyonèlman oswa twonpe yon moun pou w fè l marye si li pa vle. 
  • Ou kapab marye lè ou genyen 18 lane san pèmisyon yon paran nan majorite eta Ozetazini. Anpil eta pèmèt timoun ki genyen ant 16 ak 17 lane marye ak konsantman paran yo.
  • Maryaj ant de moun ki gen menm sèks legal. 
  • Ou kapab mande divòs san apwobasyon mari ou oswa madanm ou. 
  • Poligami ilegal. Ou pa kapab marye ak plis pase yon sèl moun nan menm moman an.
  • Vyolans domestik se yon krim. Ou pa kapab abize patnè w la fizikman, emosyonèlman, seksyèlman, ak finansyèman. Vyòl konjigal, oswa fòse yon mari ou oswa yon madanm fè sèks avèk ou san konsantman, pa legal. 

Aprann plis sou lwa sou lafanmi yo.  

Lojman 

  • Ou dwe peye lwaye ou oswa ipotèk ou a tan. 
  • Ou dwe respekte prensip yo ak règleman yo ki nan kontra w la.
  • Ou pa dwe deranje vwazen w yo. Li pa legal pou menase, asele, oswa tèrifye vwazen w yo. 
  • Sa kont lalwa lè ou depase limit ou. Ou pa kapab monte sou pwopriyete yon moun san pèmisyon.

Aprann plis sou dwa lojman ou yo.

Zannimo ak lachas

  • Eta yo egzije yon lisans pou chase zannimo sovaj yo, tankou kana, sèf, wapiti, ak elan. Anpil eta egzije tou yon lisans pou peche nan dlo sale ak dlo dous. 
  • Li pa legal pou sasinen yon zannimo ki pa anndan lakay ou oswa yon abatwa ki apwouve. 
  • Lalwa entèdi move tretman ak neglijans sou zannimo. Li pa legal pou w fè zannimo yo pase mizè, pou w fè yo travay twòp, pou w tiye yo. Li pa legal pou w refize bay zannimo yo bon manje, refij,ak swen medikal oswa abandonnen yo. 

Medikal

  • Ou pa kapab ale nan dosye medikal yon moun san pèmisyon li.
  • Li pa legal pou w pataje preskripsyon medikaman yo. Lè ou pran medikaman preskripsyon yo san avi doktè, sa kapab gen gwo risk sou sante ou. 

Aprann plis sou dwa ou lakay doktè a ak lakay yon espesyalis sante fanm.

Lòt lwa yo 

  • Tout sitwayen ak imigran gason ki genyen ant 18 ak 25 lane dwe enskri nan sèvis selektif la nan ka yon sèvis militè obligatwa. Sitwayen yo dwe enskri anvan yo genyen 18 lane. Imigran yo, pami yo, refijye yo, moun ki gen azil yo, ak detantè green card yo, dwe enskri nan yon mwa apre yo rive Ozetazini.
  • Li pa legal pou jete fatra nan lari. Voye fatra nan lari yo, pak yo, ak nan dlo yo sa ka fe w peye penalite, ansanm ak amann. 
  • Eta yo entèdi tibilans an piblik, tankou goumen, lè moun sou, ak lè moun espoze pati entim kò yo. Li pa legal nonplis pou fè vagabondaj, tankou lè ou kanpe yon kote oswa ap tann yon kote san okenn vrè rezon. 
  • Li pa legal nan anpil vil pou w mache kote ki pa gen tras pou sa. Sa se lè w ap travèse yon lari san ou p ap mache kote ki pa fèt pou sa. 
  • Jwèt aza pa legal nan anpil eta. Chak eta gen restriksyon yo sou diferan kalite jwèt aza.
  • Li pa legal pou bay e resevwa podven. Podven se lè ou twoke yon bagay de valè, tankou lajan oswa kado, pou w konvenk yon moun fè yon seri bagay. 
  • Telechaje ak pataje mizik, fim, jwèt, liv, oswa lòt zèv kreyativite san pèmisyon se yon vyolasyon lwa sou dwa otè. 
  • Majorite vil yo egzije pèmi pou reyalize evènman espesyal nan espas piblik yo, tankou nan pak yo. 
Kèk lwa, tankou mache move kote, pa aplike souvan. Li enpòtan pou nou remake moun nwa ak moun koulè po bren Ozetazini pi souvan tonbe nan pwoblèm pou deli minè yo. Li pi an sekirite pou sèlman respekte lalwa epi evite tout pwoblèm.

Kisa k ap pase lè yon moun vyole lalwa?

Moun ki vyole lalwa a ka fè fas ak penalite toudepann de ki kalite krim li fè, tankou:

  • Oblije peye yon amann
  • Fè sèvis kominotè
  • Ale nan detansyon oswa prizon
  • Pèdi yon seri dwa oswa privilèj

Resous 

Jwenn lwa

  • USA.gov ofri enfòmasyon jeneral sou lwa yo ak kesyon jiridik yo 
  • Find Law ak Nolo esplike lwa espesifik ki fasil pou konprann.

Denonse vyolasyon yo

  • Ou kapab denonse vyolasyon lwa lokal oswa leta yo bay polis nan lokalite w la. Aprann kòman ou kapab kontakte lapolis
  • Ou kapab denonse vyolasyon lwa federal yo bay Biwo Federal pou Envestigasyon an (FBI) sou entènèt oswa nan telefòn.
  • Jwenn plis enfòmasyon sou denonse krim, tankou krim akoz rayisman, trafik moun, agresyon seksyèl, oswa move kondwit lapolis ak jij yo. 

Jwenn asistans jiridik

Lè ou jwenn asistans jiridik,sa kapab ede ou konprann dwa ou ak opsyon ou genyen yo. Jwenn asistans jiridik gratis oswa bon machetoupre ou. 

two women consult by brick wall sitting at a table
Jwenn èd legal gratis ak pri pi ba

Si w ap eseye jwenn yon kat vèt, sitwayènte, mennen yon fanmi Ozetazini, oswa gen lòt ka imigrasyon… sonje, ou pa poukont ou nan pwosesis ou an. Genyen avoka ak òganizasyon ki pare pou ede ou gratis oswa ak yon pri ki ba. Jwenn plis enfòmasyon sou fason pou jwenn èd legal.

Jwenn èd legal

Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USA.gov, the ACLU, FindLaw, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.

Pataje