Pataje

Lekòl piblik Ozetazini

Tout timoun gen dwa pou resevwa edikasyon piblik gratis nan chak eta nan peyi Etazini. Aprann plis sou lekòl piblik nan Etazini. Jwenn enfòmasyon ki itil epi konnen a kisa ou dwe atann ou.


Timoun yo gen dwa ak edikasyon nan tout eta yo Ozetazini. Lekòl piblik disponib pou tout moun. USAHello gen anpil enfòmasyon pou ede w prepare pou voye pitit ou lekòl Ozetazini.

Ki lòt kalite lekòl ki genyen?

Ou ka chwazi nan ki kalite lekòl w ap voye pitit ou yo. Pifò timoun ale nan lekòl piblik paske l gratis. Gen lòt fason pou edike pitit ou Ozetazini olye de lekòl piblik.

Lekòl prive yo

Elèv yo dwe peye pou yo ale nan lekòl prive. Gen kèk nan yo ki chè anpil epi ki ofri bous etid pou ede timoun ki sòti nan fanmi ki pa gen anpil lajan yo.

Legliz ak òganizasyon relijyez yo jere anpil lekòl prive.

Lekòl prive yo souvan gen règ ki diferan de lekòl piblik yo.

Lekòl piblik endepandan yo

Lekòl piblik endepandan yo gratis. Pitit ou a dwe aplike pou l ka enskri; anpil nan lekòl piblik endepandan yo gen yon lis datant.

Yo gen menm rekòmandasyon akademik ak legal avèk lekòl piblik yo.

Lekòl piblik endepandan yo pa gen pou yo swiv tout règ lekòl piblik yo dwe swiv yo.

Lekòl lakay

Lekòl lakay se lè yon pwofesè oswa paran yo aprann timoun yo lakay yo.

Paran yo dwe konnen epi swiv règ eta yo ye a mete pou lekòl lakay yo. Règ sa yo ka varye de yon eta ak yon lòt.

Gen anpil resous gratis pou lekòl lakay. Men ou pral gen pou depanse nan liv, pwogram òdinatè, ak zouti lekòl yo.

(https://www.youtube.com/watch?v=cbjxdPncdEs)

Èske gen lòt bagay sou lekòl piblik Ozetazini ke m dwe konnen?

Paran yo gen responsabilite yo

Timoun yo dwe ale lekòl Ozetazini. Antanke yon granmoun, ou responsab pou voye pitit ou yo lekòl. Si w pa voye pitit ou yo lekòl, ou ka nan cho epi fè fas ak pwoblèm jiridik. Sa varye selon eta a.

Lòt responsabilite paran yo gen ladan:

  • Voye pitit ou lekòl ak rad sou yo, repoze epi pare pou aprann. (Si gen yon kòd abiman nan lekòl la, ou dwe swiv li) 
  • Revize kanè lekòl pitit ou a
  • Ou dwe konnen devwa pitit ou yo ak atant lekòl la genyen de li.
  • Patisipe nan pwogram lekòl la pou paran yo
  • Li epi siyen avi pou paran yo
  • Enplike w epi kenbe yon kominikasyon avèk pwofesè pitit ou a.

Kòd abiman lekòl la: Règ ki eksplike sa elèv yo ka mete pou yo al lekòl la. Règ sa yo ka diferan pou chak lekòl. Kòd abiman an se sa lekòl la konsidere apwopriye. (chòt long, rad ki pa ankouraje itilizasyon dwòg, pa mete ti mayo dekòlte, epi pa mete pijama)

Sekirite nan lekòl yo esansyèl

Ozetazini, li komen pou elèv yo patisipe nan egzèsis ijans yo. Elèv yo aprann sa pou yo fè nan ka yon dife, dezas natirèl, prezans yon entwi, oswa fiziyad.

Malerezman, vyolans nan lekòl se yon pwoblèm ki komen. Kèk tip vyolans nan lekòl gen ladan

Dènye fiziyad nan lekòl yo vin yon gwo enkyetid pou otorite yo, edikatè yo, ak paran yo.

Lekòl yo itilize diferan estrateji pou kenbe elèv yo ak pwofesè yo an sekirite. Anpil lekòl gen kamera k ap gade espas prensipal lekòl yo. Gen lòt ki kontwole antre lekòl yo epi mande yon kat idantifikasyon ki gen foto pou pwofesè ak anplwaye yo. Gen kèk lekòl ki enstale detektè metal tou.

Ou ka mande pwofesè pitit ou a oswa vizite lekòl la pou aprann plis sou mezi sekirite lekòl la pran yo.

Anpeche fiziyad nan lekòl yo: resous yo

Òganizasyon
Resous
Sa ki lakòz fiziyad nan lekòl yo ak kòman pou anpeche yo
Resous sou sekirite zam an Panyòl, Koreyen, Arab, lang Pèsik, Amarik, Oudou, Chinwa ak lòt lang
Videyo sou fiziyad nan lekòl avèk sa paran, pwofesè, ak elèv ka fè
10 bagay ou ka fè pou anpeche vyolans nan lekòl ou. Zouti pou paran yo ka kòmanse yon konvèsasyon ak pitit yo.
Pwogram di yon bagay: elèv yo ka rapòte de fason anonim yon kondisip ki riske blese tèt li oswa blese lòt moun

Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de U.S. Department of Education ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.

Pataje