Yon lis konplè sou pi bon klas anglè an liy gratis ak lòt resous ki itil
Gen anpil fason gratis pou aprann ak amelyore anglè w sou òdinatè w oswa telefòn ou. Jwenn yon lis konplè klas anglè gratis sou entènèt. Aprann sa yo ofri ak ki kote pou ale pou kòmanse.
Aprann anglè an liy
Lis ki anba yo ofri yon varyete kou anglè, aplikasyon, ak sit entènèt pou ede w aprann anglè kòm dezyèm lang. Chak moun aprann nan yon fason diferan. Eseye chak grenn ladan yo epi gade sa k pi bon pou ou a.
klas anglè an liy gratis
Klas | Ofri | Sitwèb/Aplikasyon | 1e Sipò Lengwistik |
---|---|---|---|
Klas ak videyo kout pou aprann mo ak fraz an anglè pou ede w ak lavi kotidyen. | Sitwèb ak aplikasyon | Amarik, bimàn, chinwa, dari, koreyen, pèsàn, taylandè | |
Klas entèaktif ki gen leson ak egzèsis ki kout. Ou kapab fè pratik pwononsyasyon anglè ansanm ak natif ki pale anglè. Plan bazik la gratis. | Sitwèb ak aplikasyon | ||
Yon sitwèb bileng pou edikatè ak fanmi k ap aprann lang anglè. | Sitwèb | Panyòl | |
Yon pakèt klas anglè gratis pou moun ki gen nivo debitan, avanse ak entèmedyè. | Sitwèb ak aplikasyon | Arab, Katalan, Fransè, Alman, Italyen, Pòtigè, Ris, Panyòl, Vyetnamyen | |
Leson kout, tès pratik ak repetisyon pou ede w aprann Anglè. | Sitwèb ak aplikasyon | ||
Ede ak konpetans pou tande. Chwazi sijè ki baze sou enterè pèsonèl ou tankou espò, istwa ak vwayaje. | Sitwèb | ||
Jwèt, videyo ak chante pou ede timoun yo aprann Anglè. Enskri gratis atravè USAHello. | Aplikasyon sèlman | ||
Aktivite an liy ki itilize videyo, foto, son, grafik ak tèks. Montre vokabilè, gramè, pwononse ak aptitid nan lavi. Ede w pratike tande, pale, li ak ekri Anglè. | Sitwèb ak aplikasyon | Panyòl | |
Leson videyo chak semèn ak fèy ou ka enprime pou aprann anglè. Paj jounal ki gen yon lis nouvo vokabilè ak atik pou tcheke konesans ou an Anglè. | Sitwèb | Bimàn, Kreyòl, Fransè, Panyòl, Swayili, Tik ak plizyè lòt |
Resous gratis pou aprann Anglè
Resous | Ofri | Tip |
---|---|---|
Aktivite aprantisaj, tès, jwèt ak lòt resous pou amelyore itilizasyon Anglè nan vi reyèl la. | Sitwèb | |
Yon tès anglè estandadize sou entènèt pou evalye nivo Anglè w.Free EF SET Certificate™ | Sitwèb ak aplikasyon | |
Fèy travay ak ti tès ou kapab telechaje pou fè pratik Anglè w. | Sitwèb | |
Resous ki gen ladann egzèsis gramè ak vokabilè. | Sitwèb | |
Egzamen pratik (tankou TOEFL) pou ede w prepare w pou tès lengwistik Anglè pou lekòl ak travay. | Sitwèb ak aplikasyon | |
Klas ak resous Anglè, ki gen ladann plis pase 2000 videyo konvèsasyon an Anglè ou kapab gade pou aprann kilti, istwa ak liv ameriken. | Sitwèb | |
Tcheke jan w ekri epi korije fot gramè w yo. | Sitwèb ak aplikasyon | |
Tès pou ede w aprann gramè anglè | Sit entènèt | |
Aprann ekri an Anglè ak èd nan men yon natif ki pale Anglè. | Sitwèb | |
Konsèy pou gramè ak pwononsiyasyon pou amelyore jan w ekri ak ponktiyasyon an Anglè. Resous pou ekri lèt bazik pou biznis, lèt motivasyon ak CV. | Sitwèb |
Aprann anglè sou rezo sosyal yo
Medya sosyal yo ofri plizye santèn resous pou moun k ap aprann anglè. TikTok gen tout bagay, tankou videyo sou gramè. YouTube gen videyo pou ede w memorize epi aprann nan yon fason ki amizan.
Èske nou manke yon bagay nan lis sa? Fè nou konnen. Voye yon imèl pou estaf nou an nan [email protected] Mèsi!
Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.