Kòman ou ka jwenn yon green card
Yon kat vèt, ke yo rele tou yon kat rezidan pèmanan, pèmèt ou viv ak travay nan peyi Etazini pou tout tan. Jwenn enfòmasyon sou fason pou jwenn yon kat vèt. Aprann plis sou etap pou aplike ak kijan pou prepare w pou entèvyou w la.
Kisa yon green card ye?
Yon green card pèmèt moun ki pa sitwayen ameriken yo viv epi travay Ozetazini. Se yon dokiman idantite ki genyen non ou ak foto ou. Yon green card se yon prèv estati imigrasyon ou antanke yon rezidan pèmanan legal (LPR).
Majorite green card yo valid pou 10 lane. Si ou se yon rezidan kondisyonèl, li valid pou 2 lane.
Yo rele green card la kat rezidan pèmanan tou. |
Avantaj ou genyen lè ou gen yon green card
Si ou gen estati rezidan pèmanan ou kapab:
- viv ak travay Ozetazini pou tout tan san krent pou detansyon oswa depòtasyon
- vwayaje andeyò Etazini pou jiska 12 mwa
- resevwa avantaj federal, tankou èd pou peye edikasyon ak lojman
- aplike pou antre manm fanmi ou Ozetazini
- aplike pou sitwayènte ameriken apre 5 lane
Kiyès ki kapab aplike
Genyen plizyè mwayen k ap pèmèt ou vin yon rezidan pèmanan legal. Ou kapab aplike si ou fè pati youn nan kategori elijib sa yo:
- Sitwayen ameriken yo kapab esponsorize paran yo, mari yo oswa madanm yo, fiyanse yo, timoun yo genyen ki pa marye, ak jèn frè oswa jèn sè yo. Yon moun ki se vèf oswa vèv yon sitwayen ameriken kapab aplike tou.
- Detantè green card yo kapab esponsorize mari yo oswa madanm ak timoun yo genyen ki pa marye pou rezidans pèmanan.
- Sitwayen ameriken ak detantè green card yo pa kapab esponsorize manm fanmi ki lwen yo, tankou kouzen, tati, tonton, ak granparan yo.
Ouvriye relijye, jèn imigran espesyal, Tradiktè oswa entèprèt Afganè oswa Irakyen ki te travay pou gouvènman ameriken an, manm medya, ak manm òganizasyon entènasyonal yo kapab aplike kòm imigran espesyal.
Refijye yo ak moun ki gen azil yo kapab aplike pou yon green card apre yon lane yo fin genyen estati yo a.
- Kèk moun ki viktim abi kapab aplike nan VAWA, Estati Jèn Imigran Espesyal (Special Immigrant Juvenile), Lwa Ajisteman pou Kiben (Cuban Adjustment Act), ak Lwa Ekite nan zafè Imigrasyon pou Refijye Ayisyen (Haitian Refugee Immigrant Fairness Act).
- Viktim nan trafik moun ak viktim krim yo kapab aplike pou rezidans pèmanan.
Sa rele yon green card nan rejis. Sa se yon opsyon menm si ou pa gen dokiman oswa ou te antre Ozetazini ilegal.
Kèk moun kapab aplike pou yon green card nan lòt pwogram tankou:
- Ekite nan zafè Imigrasyon pou Refijye Liberyen (Refugee Immigration Fairness) (LRIF)
- Pwogram Viza Imigran Divès (lotri green card)
- Lwa Ajisteman pou Kiben (Cuban Adjustment Act)
- Estati depandan nan HRIFA
- Lautenberg parolee
- Lwa Ajisteman Indochinese Parole 2000)
- Endyen Ameriken ki fèt Kanada
- Diplomat oswa moun ki fèt Ozetazini pou yon diplomat etranje
Egzijans yo
Chak kategori elijibilite pou green card genyen egzijans ki espesifik ou dwe ranpli.
Si ou Ozetazini
Yon ofisye imigrasyon te dwe enspekte epi admèt ou pou antre Ozetazini. Lè ou aplike pandan ou Etazini, sa rele ofisyèlman ajisteman estati.
Si ou aletranje
Ou dwe aplike pou yon viza imigran nan konsila ki nan lokalite w la pou w kapab antre Ozetazini. Pwosesis sa rele ofisyèlman pwosesis konsilè.
Si yo konsidere ou kòm yon chaj piblik, y ap refize demann green card ou an. Règleman sa pa pèmèt moun ki pral depann de yon seri asistans gouvènman jwenn yon green card. Moun ki gen azil yo, refijye yo, pwogram imanitè pou libere sou kondisyon yo, ak viktim trafik moun ak krim yo ekzante de règleman sa. |
Kijan pou aplike
Kounye a ou fin wè diferan kategori ki genyen yo, men pwochèn etap ou pral pase pou w aplike:
Etap 1: Verifye si ou elijib pou w aplike
- Chak kategori green card gen egzijans pa li.
Etap 2: Jwenn asistans jiridik si ou kapab
- Li toujou itil pou w jwenn asistans jiridik lè w ap eseye ajiste estati imigrasyon ou. Genyen anpil òganizasyon ak avoka ki ofri asistans yo gratis oswa pou yon ti kras lajan.
Etap 3: Chèche konnen si ou bezwen depoze yon demann pou yon viza
- Manm fanmi ou ka bezwen petèt ranpli Fòm I-130 ak yon sipò affidavit oprè administrasyon amerikèn. Sèvis Imigrasyon ak Sitwayènte Ameriken (USCIS).
- Patwon w lan ka genyen pou li depoze Fòm I-140 nan USCIS.
Etap 4: Depoze aplikasyon w lan
- Si ou aletranje, ou dwe aplike pou yon viza imigran nan anbasad ki nan peyi w la pou w kapab antre Ozetazini.
- Si ou Etazini, ou dwe ranpli Fòm I-485 avèk USCIS.
- Ou dwe tou gen yon egzamen medikal epi enkli fòm I -693 avèk aplikasyon green card ou a.
- Swiv konsèy pou ranpli aplikasyon green card ou a.
- Peye frè pou ranpli a. Li varye selon laj. Itilize kalkilatris frè USCIS la.
- Note: ou kapab aplike tou pou sekirite sosyal ou anmenm tan.
Etap 5: Randevou byometrik ou a
- Aplikan green card ki gen ant 14 ak 78 tan yo oblije bay done byometrik. Aprann dekisa w ap atann nan randevou w la.
Etap 6: Entèvyou ou a pou green card
- Yo ka mande pi fò moun pou fè entèvyou nan yon biwo USCIS lokal. Yon ofisye imigrasyon pral revize repons ki nan aplikasyon ou an. Yo ka poze lòt kesyon tou pou deside si ou kalifye pou yon green card.
Etap 7: Konteste yon desizyon
- Yon ofisye imigrasyon oubyen konsilè ofisyèl ap pran yon desizyon nan dosye pa w la nan fen entèvyou w la. Nan kèk ka, ofisye a ka mande plis prèv anvan yo rann yon desizyon.
- Si yo apwouve aplikasyon ou an, wap resevwa yon lòt lèt ak green card ou a.
- Si yo refize aplikasyon ou an, wap jwenn enfòmasyon sou si ou ka fè apèl kont li.
Etap 8: Jwenn green card ou a
- Tan datant pou yon green card depann de kategori ak kote ou ap aplike a. Ou kapab chèche estimasyon tan pwosesis la anliy.
Ou kapab tcheke estati aplikasyon ou a sou Entènèt oswa lè ou rele Sant Kontak USCIS la.
Entèvyou pou green card
Gen kèk bagay ou ka fè pou prepare pou entèvyou a.
- Revize aplikasyon ou an anvan entèvyou ou a. Jwenn avèk yon avoka, ajans reyentegrasyon, fanmi, oswa zanmi.
- Pote yon kopi aplikasyon ou an.
- Pote orijinal tout dokiman sipò yo san wete paspò w, dokiman vwayaj ou, ak Fòm I-94.
- Prepare ou pou ou reponn tout kesyon yo san bay manti.
- Ou kapab vini ak pwòp entèprèt ou si ou pa konprann anglè epi ranpli Fòm G-1256. Entèprèt ou a dwe gen omwen 18 an, pale lang ou ak anglè byen, epi li pa dwe enplike nan dosye w la.
Enfòmasyon pou detantè green card
Ou ka depoze yon petisyon pou retire kondisyon ki sou green card 2 zan ou 90 jou anvan li ekspire.
- Si ou gen yon green card ki baze sou fanmi, ranpli Form I-751. Ou pral oblije pwouve ou marye de bònfwa, sa vle di maryaj ou a otantik.
- Si ou gen yon green card ki baze sou travay, ranpli Form I-829. W ap gen pou pwouve ou te envesti oswa ap envesti $1,050,000 nan yon nouvo biznis epi 10 travay aplentan.
- Si ou ranpli youn nan fòm sa yo, green card ou a ap kontinye valab pou 48 mwa apre dat ekspirasyon kat la.
ou dwe renouvle kat ou sis mwa anvan li ekspire. Si kat ou te pèdi, yo vòlè li oswa andomaje, ou ka ranplase kat ou a.
Ranpli Fòm I-90 pou renouvle oswa ranplase kat ou a. Ou ka soumèt aplikasyon ou a anliy oswa pa lapòs.
Si ou ranpli Fòm I-90 pou renouvle yon green card ki pral ekspire oswa ki ekspire, green card ou a ap kontinye valab pou 24 mwa pandan USCIS ap trete aplikasyon w lan. Ou ka itilize avi resi w la kòm prèv tanporè ki montre estati rezidan pèmanan legal ou.
Si ou ap tann yon ranplasman green card, ou ka kontakte biwo USCIS lokal ou a pou mande prèv estati green card ou a.
Chaj piblik pa aplike pou ou si w ap aplike pou renouvle green card ou a. Ou ka oblije ale nan yon lòt detèminasyon inadmisibilité chaj piblik si ou retounen Ozetazini apre w fin absan pou plis pase 180 jou.
Wap bezwen montre yon paspò oswa yon dokiman vwayaj lè w ap kite peyi Etazini. W ap bezwen montre green card ou lè w retounen Ozetazini. Si ou vwayaje aletranje pou plis pase yon lane, ou dwe aplike pou yon pèmi pou retounen Ozetazini. Ou ka ranpli Fòm I-131, Aplikasyon pou Dokiman Vwayaj.
Aprann fwod sou imigrasyon ki pi kòmen tankou notè ak fo sit entènèt yo. Konnen kijan pou pwoteje tèt ou epi kisa pou fè si ou te viktim de fwod.
Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USCIS ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.