Jwenn plis enfòmasyon pou jwenn yon kote pou viv.
Lojman akoutèm | Lwe yon kay | Posede yon kay |
Jwenn yon lojman ak èd | Konnen dwa ou genyen yo |

Etazini gen yon kriz pou jwenn lojman. Sa vle di pa genyen ase kay pou moun ak fanmi viv nan Etazini. Sa lakòz pri kay yo ogmante. Sa vin fè li difisil pou nouvo imigran ak refijye yo jwenn yon kote bon mache pou yo viv. Genyen resous ki la pou ede ou.
Plizyè fason ou kapab jwenn yon kote pou viv:
- Chèche lojman akoutèm
- Lwe yon apatman oswa kay
- Achte yon apatman oswa kay
Chèche lojman akoutèm
Lojman akoutèm se yon kote ou viv pandan yon titan. Se pou pandan yon ti bout tan, jeneralman se pandan kèk jou jiska 6 mwa. Opsyon ki posib yo sa gen ladan li yon:
- Otèl
- Apatman oswa kay ak lòt moun
- Abri pwovizwa pou sanzabri
- Pwogram lojman tranzisyon
Ni abri pwovizwa ak lojman tranzisyon toude bay yon kote pou moun ki sanzabri yo rete pandan yon titan. Epitou lojman tranzisyon an ede chèche yon kote pou viv alontèm. Estati imigrasyon ou pa ta dwe afekte posibilite pou rete nan youn oswa lòt.
Lwe yon kay
Yon pakèt moun ap lwe apatman oswa kay nan peyi Etazini. Ou kapab lwe yon kote nan menm yon mèt kay dirèk oswa nan men yon konpayi k ap jere kay.
Tout sitiyasyon kapab diferan men jeneralman ou mèt atann ou pral:
- Ranpli yon aplikasyon k ap poze kesyon sou revni ou, travay ou, ak ansyen lokasyon ou yo. Epitou l ap mande ou nimewo sekirite sosyal ou pou tcheke antesedan ak kredi ou.
- Siyen yon kontra lokasyon si aplikasyon ou an apwouve. Se yon kontra legal ant lokatè a ansanm ak mèt kay la. Ou dakò ansanm ak dat lokasyon an, pri a, ansanm ak kondisyon yo. Kontra lwaye a jeneralman se pou yon (1) lane li ye.
- Peye yon depo garanti ansanm ak premye mwa lwaye a.
- Peye lwaye a chak mwa ansanm ak sèvis piblik yo, tankou kouran.
Yon lokatè se yon moun k ap lwe yon kay. Yon mèt kay se yon moun k ap lwe lokatè kay.
Si ou genyen pwoblèm pou jwenn otorizasyon pou yon lokasyon, ou kapab fè yon moun tounen garan pou ou oswa jwenn yon kolokatè ki ka aplike pou ou.
Si ou pa genyen mwayen pou lwe yon kote pou viv, Ajans Lojman Piblik (Public Housing Agencies, PHA) yo se yon bon kote pou ou kòmanse. Gouvènman ameriken an ofri lojman piblik oswa sibvansyone kote lwaye a pa wo. Epitou lojman sibvansyone yo kapab ede peye lwaye.
Avantaj lojman federal yo disponib pou:
- Refijye
- Moun ki nan azil
- Moun ki gen libète sou kondisyon pou rezon Imanitè (tankou moun ki sòti Afganistan ak Ikrèn yo)
- Benefisyè restriksyon pou demenaje
Si ou pa genyen papye oswa genyen estati tanporè antanke imigran, ou pa elijib pou pwogram sa yo men ou kapab viv ansanm ak yon manm fanmi ki genyen dwa sa.
Epitou lè w pataje lwaye a ansanm ak lòt moun sa ka ede ou jwenn yon kote bon mache pou viv.
Achte yon kay
Majorite moun nan peyi Etazini posede yon kay.
- Jeneralman moun itilize ajan byen imobilye yo pou chèche kay.
- Plizyè pwopriyetè kay benefisye yon prè ipotekè oswa prè k ap ede yo achte yon kay.
Dekouvri resous pou achte yon kay ak Solisyon Lojman pou Refijye ak Depatman Lojman ak Devlopman Iben.
Dekouvri lojman ak èd
Genyen plizyè fason ou kapab chèche yon kote pou viv. Genyen sitwèb ak kote nan kominote ou an pou tcheke, tankou tablo piblisite yo.
Kèk sitwèb ou kapab eseye tankou:
- Lojman akoutèm: hotels.com, Airbnb
- Lojman pataje: Facebook marketplace, craigslist, roommates.com
- Lokasyon: Zillow, HotPads, RentCare, 4stay, apartments.com
Epitou genyen plizyè ajans gouvènman ak òganizasyon ki pa la pou fè pwofi ki ka ede ou jwenn lojman epi ede ou peye lokasyon an, prè yo, oswa sèvis piblik yo.
Resous | Ofri |
Chache asistans lojman pou imigran ak refijye nan zòn ou an. | |
Konseye atravè peyi a bay konsèy gratis oswa pou yon ti kras kòb sou kòman pou jwenn lojman, afèmay, oswa achte yon kay nan pri abòdab. | |
Yon ajans gouvènman federal kki ofri yon varyete resous pou jwenn lojman ak asistans pou afèmay. | |
Ede moun ki sanzabri jwenn resous nan kominote yo a. | |
Lojman nan pi ba pri pou pèsonaj, moun ki gen andikap, ak sila yo ki pa gen gwo revni. | |
Yon lis lojman nan pri abòdab, lojman piblik, ak resous pou sanzabri ki tou pre w. | |
Ede moun ki an reta sou fèm kay yo, sou peman ipotèk, ak fakti yo akoz pandemi an. | |
Bay sipò lojman pou afgan ki kite peyi yo. | |
Enfòmasyon pou refijye k ap chache lojman. | |
Ede refijye ak moun k ap mande azil yo jwenn lojman ki an sekirite ak nan pri abòdab, enstale yo, ak peye lwaye ak chaj yo. | |
Ede moun nan zòn riral yo jwenn lojman ki an sekirite ak nan pri abòdab epi repare kay yo. | |
Sèvis Sosyal 877.428.8844 | Yon asosyasyon benevòl ki gen yon sant apèl an anglè ak panyòl k ap konekte moun ak lojman. |
Jwenn lojman pwovizwa pa eta. | |
Enfòmasyon sou lojman abòdab, acha kay, ak asistans pou pèsonaj ak pou moun ki gen andikap yo. | |
Rele 211 pou mande konsènan resous ki kapab ede ou peye depans pou lojman yo ak fakti chaj yo. |
Konnen dwa ou
Si ou lwe yon kay Ozetazini, ou genyen yon seri dwa lokatè dapre lalwa. Dwa sa yo depann de nan ki eta w ap viv. Ou gen yon dwa pou ou abite nan yon kay moun ka viv ladan. Sa vle di kay la dwe an sekirite epi pwòp pou ou kapab viv ladan. Egzanp kondisyon lavi ki pa an sekirite gen ladan yo prezans mwazi toksik, yon do kay ki koule, oswa kay la gen anpil sourit.
Jwenn konsèy pou w konnen kòman pou w konpòte w an bon lokatè.
Discrimination
Lwa sou lojman Ozetazini entèdi diskriminasyon nan vant oswa afèmay kay. Se kont lalwa pou yon pwopriyetè kay oswa ajan imobilye ba ou move tretman, menase.
Si ou panse yo vyole dwa lojman ou, ou kapab depoze yon plent. |
Sekirite
- Se pa tout lis afèmay ak lojman ki reyèl epi ki an sekirite. Aprann kòman ou kapab idantifye ak deklare anak lojman yo.
- Jwenn enfòmasyon sou sekirite sou chache epi viv avèk konpayon chanm.

Find legal help, English classes, health clinics, housing support, and more with FindHello. Search a map and list of services for immigrants in the USA.
Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de the Department of Housing and Urban Development, USA.gov, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.