Lwa Federal ak Etatik sou Edikasyon
Lwa federal ak etatik yo pwoteje dwa elèv yo nan lekòl piblik yo atravè Etazini. Pandan yo aplike prensipalman pou lekòl elemantè, entèmedyè ak segondè, kèk lwa federal pwolonje pou aplike pou kolèj ak inivèsite yo, patikilyèman konsènan egalite chans yo pou etidyan tout sèks ak etidyan ki gen andikap.
Lwa etatik yo varye. Chak eta etabli pwòp règ li sou sa elèv yo aprann, ki moun ki ka anseye, ak kijan lekòl yo finanse.
Dwa ak edikasyon piblik
Tout timoun gen dwa pou yo benefisye yon edikasyon piblik ki gratis epi pou yo jwenn yon diplòm lekòl segondè nenpòt ki kote nan peyi Etazini. Tout moun gen dwa frekante lekòl piblik yo, kèlkeswa estati imigrasyon yo.
Dwa ak edikasyon piblik vini avèk egzijans tou:
- Paran ak responsab legal yo gen responsabilite pou enskri pitit yo nan lekòl piblik oswa prive.
- Tout timoun yo dwe ale lekòl pou yon sèten kantite lane. Majorite eta yo egzije timoun ki gen ant 5 ak 16 lane pou yo ale lekòl.
- Lwa eta yo defini kondisyon ki pèmèt elèv yo abandone lekòl. Nan majorite ka yo, elèv yo dwe gen omwen 16 lane epi yo dwe gen pèmisyon pou yo sispann ale lekòl.
Dwa ak edikasyon, kèlkeswa estati imigrasyon an, pa pwolonje pou l aplike pou etidyan ki aplike nan kolèj oswa inivèsite. Pa gen okenn lwa ki entèdi etidyan Aksyon Difere pou Arive Timoun (Deferred Action for Childhood Arrivals, DACA) yo oswa etidyan ki san papye yo pou yo pa frekante inivèsite men kèk lekòl ka refize admisyon an. Jwenn plis efòmasyon. |
Dwa pou opòtinite egalego
Tout lekòl piblik ak lokal yo gen egzijans pou yo ofri elèv yo yon aksè ak edikasyon piblik ki egalego .
- Lwa federal la egzije lekòl yo pou yo ofri elèv yo opòtinite ki egalego pou yo reyisi nan lekòl la, kèlkeswa ras, orijin etnik, koulè, orijin nasyonal, relijyon, sèks, estati imigrasyon yo, oswa revni familyal yo.
- Lekòl yo dwe founi menm opòtinite yo bay tout elèv nan sa ki gen pou wè ak kou, aktivite eskolè, espò, èd finansyè, avantaj sante, epi anplwa.
- Lekòl yo dwe fè chanjman ki rezonab nan kou ak aktivite yo pou akeyi elèv ki gen bezwen ki diferan yo. Sa yo enkli konpetans lengwistik, andikap, idantite seksyèl, ak relijyon.
- Elèv ki gen andikap yo gen dwa ak yon edikasyon espesyal epi sèvis ki gen rapò ak li yo. Sa a ka enkli terapi fizik, terapi pou lapawòl-langaj, yon entèprèt lang, yon moun k ap pran nòt, lektè, ekipman enfòmatik espesyal, ak tan siplemantè pou pase yon tès.
- Paran yo ka konteste plasman pitit yo a nan yon pòsyon pwogram oswa nivo aprantisaj.
Soutyen nan zafè lang anglè
Elèv ki pa pale anglè yo gen dwa ak yon asistans lengwistik ki gratis. Tout lekòl piblik yo gen egzijans pou yo idantifye elèv ki bezwen soutyen lengwistik yo. Elèv ki ap aprann anglè yo ka enskri pou kou anglè epi pou yo jwenn resous ki bileng. Paran yo ka mande yon entèprèt oswa dokiman ki tradui tou.
Pwoteksyon kont diskriminasyon
Diskriminasyon se trètman enjis yon moun sibi sou baz karakteristik reyèl li oswa karakteristik lòt moun kwè oswa asime se verite a pwopo li. Li ka fèt nan anpil domèn edikasyon, tankou:
- Admisyon ak enskripsyon
- Devwa ak aktivite
- Èd finansyè
- Disiplin
Diskriminasyon ka pran anpil fòm. Li kapab enkli:
- Bay pote vye non epi ensilt
- Menas vèbal oswa vyolans fizik
- Eksklizyon nan aktivite yo
- Trètman elèv yo resevwa ki diferan
Tout lekòl piblik, kolèj, ak inivèsite pa kapab fè diskriminasyon kont elèv/etidyan, paran ak responsab legal, anplwaye, ak aplikan yo sou baz:
- Ras, koulè, orijin nasyonal, orijin etnik, oswa asandans
- Kapasite lengwistik
- Sèks, oryantasyon seksyèl, ak idantite seksyèl
- Andikap (defisyans fizik oswa mantal)
- Gwosès, estati matrimonyal, oswa lefèt yo gen pitit
- Estati imigrasyon
- Estati ekonomik
- Sitiyasyon lojman
- Relijyon
- Laj
Pwofesè, administratè, ak elèv/etidyan yo pa kapab sible, asele, oswa pwofile gwoup moun espesifik sou baz karakteristik sa yo.
Tout lekòl yo dwe founi aksè ak edikasyon piblik pou elèv ki sanzabri yo. Elèv yo ki pa gen yon domisil pèmanan ka enskri nan lekòl la menm si yo pa kapab founi dokiman ki nesesè yo, tankou prèv rezidans.
Tout lekòl piblik yo gen obligasyon pou yo mennen envestigasyon sou diskriminasyon yo siyale ba yo epi pran mezi pou mete fen nan sa, trete efè li koze yo, epi anpeche pou sa rive ankò.
Dwa pou libète ekspresyon
Tout elèv yo gen dwa pou yo eksprime tèt yo nan lekòl la a kondisyon sa pa vyole politik lekòl yo oswa pètibe aktivite eskolè yo Sa enkli pale, ekri, oswa eksprime tèt ou atravè mesaj senbolik.
Elèv yo gen dwa pou yo eksprime ak pratike lafwa yo nan lekòl la. Elèv yo ka obsève aktivite relijye tankou lapriyè nan lekòl la nan yon anviwònman ki pa deranje lòt moun. Elèv yo lib pou yo pale sou sijè relijye. Lekòl yo dwe pèmèt elèv yo pou yo absante yo pou yo selebre fèt relijye yo.
Kòd vestimantè lekòl piblik yo pa ka anpeche elèv yo eksprime kwayans yo. Elèv yo gen dwa pou yo mete rad relijye, ki enkli foula, tiban, ak kipa. Elèv yo ka mete rad ki koresponn ak idantite seksyèl yo. Politik vestimantè lekòl yo ka sèlman entèdi yon pòsyon rad si yo konsidere yo kòm deranjan oswa kòm rad ki ka lakòz distraksyon.
Lekòl piblik yo pa kapab pwomouvwa kwayans oswa pratik relijye, pami yo lapriyè nan lekòl la oswa pandan aktivite eskolè yo.
Elèv yo gen dwa pou yo rete an silans epi chita pandan Sèman Alejans lan.
Dwa pou gen vi prive
Tout elèv yo gen dwa ak vi prive anndan ak deyò lekòl la.
Lekòl yo pa kapab:
- Poze kesyon sou estati imigrasyon yon elèv, ki enkli kesyon sou kote elèv la fèt, sètifika nesans, oswa nimewo sekirite sosyal.
- Divilge enfòmasyon pèsonèl elèv la bay tyès pati ki pa gen otorizasyon san otorizasyon elèv la oswa paran li oswa responsab legal li.
- Divilge dosye edikatif elèv la, san otorizasyon paran oswa responsab legal elèv la.
- Founi dosye elèv la bay ajan Sèvis Imigrasyon ak Ladwàn (Immigration and Customs Enforcement, ICE) yo san konsantman oswa yon manda.
Manm pèsonèl lekòl la ak lapolis ka fouye pwopriyete lekòl la, tankou kazye ak biwo elèv yo si yo gen motif rezonab pou yo sispèk yon elèv te vyole yon règ. Sepandan, manm pèsonèl lekòl la ak lapolis pa ka fouye afè pèsonèl elèv yo, ki enkli valiz lekòl ak telefòn, san otorizasyon elèv la oswa yon manda.
Lapolis ak ICE nan lekòl la
Elèv yo gen dwa espesifik fas ak lapolis epi ajan imigrasyon yo.
Immigration Customs Enforcement (ICE) yo gen entèdiksyon pou yo prezan nan lekòl yo konsidere kòm anplasman ki sansib yo. Sa enkli lekòl matènèl, lekòl primè, lekòl segondè, kolèj ak inivèsite, epi lòt etablisman ansèyman. Jeneralman ICE ak CBP pa gen dwa arete, entèwoje, fouye, oswa siveye imigran nan yon lekòl, arè otobis eskolè, oswa pandan aktivite eskolè yo.
Responsab eskolè yo pa kapab ede ajan imigrasyon yo pou ekspilse elèv ki imigran, ki enkli moun ki gen estati san papye, nan lekòl la. Lekòl yo pa dwe otorize sèvis imigrasyon yo pou yo anndan lekòl yo sof si yo gen yon manda jidisyè ki gen siyati yon jij. Nan ka kote otorite imigrasyon yo kenbe yon elèv nan detansyon, distri eskolè a dwe enfòme paran oswa responsab elèv la.
Lapolis lekòl la ka kanpe, entèwoje, ak fouye elèv yo nan lekòl la si yo sispèk yo ap vyole nenpòt ki lwa oswa règ lekòl la. Yo gen dwa pou yo rete an silans epi yo pa t a dwe reponn okenn kesyon san yo pa pale dabò ak yon paran, responsab legal, oswa avoka.
Lapolis lekòl la pa ka itilize fòs ki eksesif kont elèv yo.
Lapolis lekòl la pa kapab fouye yon elèv, sak lekòl li, telefòn li, oswa lòt pwopriyete li san otorizasyon oswa yon manda. Sepandan, yo kapab fouye kazye oswa pwopriyete lekòl la si yo gen motif rezonab pou yo sispèk yon enfraksyon, sa ki se yon estanda ki mwens estrik pase motif rezonab ki nesesè pou otorite aplikasyon lalwa yo respekte andeyò lekòl la.
Lapolis lekòl la ka arete yon elèv si yo gen prèv ki di gen chans pou l te komèt yon krim. Si yo te kenbe oswa arete pitit ou a, asire w sou lefèt li konnen pou l mande pou l pale ak yon avoka. Pa reponn okenn kesyon oswa siyen okenn dokiman san w pa pale ak yon avoka.
Pwoteksyon kont entimidasyon
Entimidasyon se zak vèbal oswa fizik ki asele, entimide, oswa nui lòt elèv yo. Menas, anmède, entimidasyon, asèlman, vyolans fizik, imilyasyon, ak vòl, yo tout se fòm entimidasyon. Sibè-entimidasyon se entimidasyon ki fèt anliy (sou entènèt).
Yo pa otorize entimidasyon nan lekòl yo. Eta yo gen diferan lwa ki entèdi entimidasyon nan lekòl yo ak anliy. Lekòl yo gen obligasyon pou yo gen politik sou fason pou yo anpeche entimidasyon epi trete zak entimidasyon yo, patikilyèman lè li enplike diskriminasyon.
Tout pwofesè ak administratè lekòl yo dwe pran mezi pou pwoteje elèv yo kont entimidasyon ak asèlman epi rezoud tout ensidan, patikilyèman lè li enplike diskriminasyon. Jwenn plis enfòmasyon sou www.stopbullying.gov
Pale pou pitit ou a epi siyale vyolasyon yo
Ou gen dwa pou w pale pou bezwen pitit ou a. Si li gen pwoblèm nan lekòl la oswa avèk devwa lekòl la bay yo, ou ka pale ak pwofesè li a pou konnen fason pou soutni pitit ou a. Si w pa jwenn èd, ou ka pale avèk yon konseye eskolè oswa yon administratè tankou direktè a.
Ou ka mande yon entèprèt si w pa pale anglè byen. Kèk lekòl gen yon lyezon kominotè oswa kiltirèl ki ka defann fanmi imigran yo.
Si ou kwè yo te vyole dwa ou yo oswa dwa pitit ou a, ou kapab depoze yon plent bò kote pwofesè, konseye, direktè lekòl la, epi direktè jeneral distri eskolè a. Li enpòtan pou otorite yo mennen envestigasyon sou ensidan an epi ede w angaje pousuit jidisyè si sa nesesè.
Ou kapab siyale diskriminasyon tou bay Department of Education, Office for Civil Rights.
Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de Department of Education, ACLU, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.