Imigrasyon fanmi pou sitwayen ameriken ak moun ki gen Green Card yo
Si ou se yon sitwayen ameriken oswa yon rezidan pèmanan legal, ou ka fè yon petisyon pou kèk manm fanmi ou vin jwenn ou Ozetazini. Aprann plis sou tip viza imigrasyon pou fanmi ki disponib ak kijan pou aplike.
Paj sa gen enfòmasyon pou sitwayen ak moun ki gen Green Card yo. Si w ap chèche lòt fason pou w reyini ak fanmi ou, gade paj:
- Reyinifikasyon fanmi pou refijye, moun ki nan azil, benefisyè pwogram Liberasyon kondisyonè poul Afgan ak SIV (Viza imigran Espesyal) yo
- Esponsò pou fanmi Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen, ak Venezyelyen
- Esponsò pou fanmi Ikrènyen
Etazini gen yon pwogram imigrasyon fanmi ki pèmèt fanmi yo reyini legalman Ozetazini. Toudepann de estati imigrasyon ou, ou ka anmezi pou w esponsorize kèk fanmi ou pou yo vin jwenn ou Ozetazini.
Lè ou fè demann pou manm fanmi ou antre Ozetazini, yo kapab jwenn yon Green Card. Sa ap pèmèt yo vwayaje, viv epi travay an pèmanans Ozetazini. Ou kapab fè demann tou pou manm fanmi ou ki deja Ozetazini jwenn yon Green Card.
Demann: yon aplikasyon oswa demann fòmèl ki fèt bò kote yon otorite
Moun ki fè demann nan: moun ki soumèt yon aplikasyon pou mande yon grenn card pou manm fanmi yo
Benefisyè: manm fanmi moun ki fè demann nan te soumèt aplikasyon an pou li a
Imigrasyon fanmi selon estati
Manm fanmi ou kapab fè demann pou yo a diferan toudepann de estati ou:
Sitwayen ameriken yo
Si ou se yon sitwayen ameriken, ou kapab fè demann pou manm fanmi ki pwòch epi ki lwen pou yo antre Ozetazini.
- Fanmi pwòch: mari oswa madanm, timoun ki pa marye ki gen mwens pase 21 an, ak paran. Pa gen limit sou kantite viza ki disponib pou fanmi pwòch.
- Lòt manm fanmi: timoun ki pa marye ki genyen plis pase 21 an, timoun ki marye, frè, epi sè. Disponiblite viza pou manm fanmi sa yo depann de kategori preferans fanmi yo.
- Fiyanse: ou kapab itilize Fòm I-129F pou w fè fiyanse ou ak timoun li yo antre Ozetazini pou w marye oswa tann apwobasyon Fòm I-130.
Moun ki gen Green Card yo
Si ou se yon rezidan pèmanan legal (LPR), ou kapab fè demann pou mari oswa madanm ou ak timoun ou genyen ki pa marye pou yo antre Ozetazini. Disponiblite viza yo depann de kategori preferans fanmi yo.
Moun ki fè demann nan | Benefisyè | Avantaj | Fòm |
---|---|---|---|
Sitwayen ameriken | Mari oswa madanm, timoun, paran, frè ak sè | Green Card | I-130I-485I-864 |
Sitwayen ameriken | Fiyanse ak timoun yo ki gen mwens pase 21 an | Viza fiyanse | I-129F |
Moun ki gen Green Card yo (LPR) | Mari oswa madanm ak timoun ki pa marye | Green Card | I-130I-485I-864 |
Koup menm sèks ki marye legalman rekonèt kòm moun ki ansanm pou viza pou fanmi yo.
Kategori viza preferans fanmi yo
Sitwayen ameriken yo kapab aplike pou manm fanmi pwòch yo vin jwenn yo epi y ap trete demann yo jan yo resevwa yo a. Lòt manm fanmi sitwayen ameriken yo ak manm fanmi moun ki gen Green Card yo dwe tann viza preferans fanmi yo disponib. Gen plizyè kategori preferans diferan.
Kategori preferans | Moun ki fè demann nan | Benefisyè | Kantite viza |
---|---|---|---|
Premye preferans (F1) | Sitwayen ameriken | Timoun ki pa marye (21+ (ki gen plis pase 21 an)) | 23,400 |
Dezyèm preferans (F2A) | LPR | Mari oswa madanm ak timoun ki minè (mwens pase 21 an) | 87,934 |
Dezyèm preferans (F2B) | LPR | Timoun majè ki pa marye (21+ (ki gen plis pase 21 an)) | 26,266 |
Twazyèm preferans (F3) | Sitwayen ameriken | Timoun majè ki pa marye (21+ (ki gen plis pase 21 an)) | 23,400 |
Katriyèm preferans (F4) | Sitwayen ameriken | Frè ak sè | 65,000 |
Gen yon total 226,000 viza preferans fanmi ki disponib chak ane. Ou kapab verifye disponibilite yo nan bilten viza a.
Yo aktyalize bilten viza a chak mwa e li afiche delè tretman aktyèl yo. Ou kapab kontinye nan etap annapre yo si dat depo demann ou an anvan dat ki endike a. Dat sa a se dat kote USCIS te resevwa aplikasyon w lan. Kolòn ki make “All Chargeability Areas Except Those Listed (Tout Zòn a Tarif yo Esepte Sa ki Endike yo)” se pou tout peyi esepte Lachin, End, Meksik, ak Filipin ki genyen pwòp kolòn pa yo.
Sonje, si ou se yon sitwayen ameriken, mari oswa madanm ou, paran ou, ak timoun ou ki genyen mwens pase 21 an pa oblije tann yon viza preferans fanmi.
Elijibilite manm fanmi
Ni ou ni manm fanmi ou dwe reponn ak yon seri ekzijans pou aplike pou imigrasyon fanmi. Egzijans elijibilite yo diferan pou chak estati imigrasyon.
Manm fanmi ou ka pa elijib si yo:
- sanble ka vin yon chaj piblik (sou kont gouvènman)
- te komèt kèk krim
- gen kèk maladi kontajye
Kijan pou aplike
Aplike pou imigrasyon fanmi genyen de (2) gran pati.
Premyeman, ou dwe soumèt Fòm I-130 pou esponsorize manm fanmi an pou li jwenn yon Green Card. Fòm sa a sèvi pou montre oumenm ak moun nan se fanmi epi ou kalifye pou imigrasyon fanmi. Yon demann ki apwouve pa bay okenn avantaj. Li sèlman bay yon plas pami demann viza y ap trete yo.
Dezyèman, manm fanmi ou dwe aplike pou yon ajisteman estati oswa ale nan konsila Sa depann de si yo deja andedan Ozetazini oswa nan yon lòt peyi.
- Si manm fanmi ou andedan Etazini, yo kapab aplike pou yon ajisteman estati lè yon viza disponib. Sa fèt ak Form I-485.
- Si manm fanmi ou andeyò Etazini, National Visa Center (NVC) “Sant Nasyonal pou Viza” ap trete aplikasyon yo a pou yon viza imigran. Sa rele trètman konsilè. Manm fanmi an pa bezwen ranpli Form I-485.
Nan kèk sikonstans, ou kapab an mezi pou ranpli Form I-130 ak I-485 an menm tan. |
Etap pou aplike pou manm fanm ki andeyò Etazini
1. Soumèt Form I-130 pou chak manm fanmi. Ou pral bezwen bay dokiman ki pwouve estati imigrasyon w ak relasyon familyal ou.
2. Jwenn apwobasyon nan USCIS. Petisyon w lan dwe apwouve anvan ou ka kòmanse pwosesis viza a.
3. Kòmanse pwosesis viza. NVC ap revize ka ou a epi asire ou te bay tout dokimantasyon nesesè pou entèvyou w la.
Si w ap aplike pou yon viza pou manm fanmi ki pa imedya ou dwe tann li disponib anvan sou bilten viza.
4. Peye frè trètman an nan yon bank ki Ozetazini. W ap bezwen peye Frè Trètman Aplikasyon Viza Imigran an ak Frè Sipò Afidavit la.
5. Dosye Form I-864. Sa montre ou ka finansyèman sipòte manm fanmi ou. W ap bezwen enkli dokiman ki montre revni ou.
6. Konplete Form DS-260. Manm fanmi w lan ap bezwen ranpli aplikasyon viza anliy lan. Yo dwe bay kèk dokiman tankou yon batistè oswa kazye jidisyè. Sa enkli tradiksyn sètifye pou dokiman ki pa an Anglè yo.
7. Pase yon egzamen medikal. Yon doktè anbasad la apwouve dwe egzaminen manm fanmi w lan. Yo dwe konplete tout vaksen yo egzije anvan entèvyou yo a.
8. Rasanble dokiman yo pou entèvyou a. Vin ak foto e dokiman eta sivil yo ranpli ak NVC a pou entèvyou a.
9. Pase yon entèvyou. Manm fanmi w lan pral pase entèvyou a nan yon Anbasad oswa Konsila Ameriken. Ajan an pral poze w kesyon sou aplikasyon an pou deside si ou kalifye pou yon viza imigran.
10. Resevwa yon desizyon. Ajan konsilè a ap apwouve, rejte, oswa mete aplikasyon an annatant pou plis prèv. Si yo apwouve aplikasyon yo a, y ap jwenn enfòmasyon sou fason retounen paspò ak viza yo ba yo ak pwochenn etap yo.
11. Peye yon frè imigrasyon. Si manm fanmi w lan jwenn apwobasyon pou yon viza, yo dwe peye yon frè imigrasyon pou trete viza ak kat rezidans yo a.
12. Vwayaje Ozetazini. Ou dwe rive Ozetazini pa pita pase dat ekspirasyon ki sou viza w la. Abityèlman li valab pou 6 mwa. Lè ou rive, yo pral revize amidsyon ofisyèl ou Ozetazini.
Si manm fanmi w lan nan Afganistan apwouve pou yon viza, y ap ofri yo asistans lè y ap kite peyi a. Ou pa gen dwa vwayaje Afganistan pou vwayaje ak fanmi w. Aprann plis sou reyinifikasyon familyal pou Afgan.
Y ap envite kèk manm fanmi ak yon apwobasyon Form I-130 pou aplike pou estati pawòl. Sa se pou moun ki toujou ap tann viza. Li otorize w rantre Ozetazini pandan y ap tann pou aplike pou yon kat rezidans. Li disponib pou moun ki nan Kolonbi, Kiba, El Salvadòl, Gwatemala, Ayiti, ak Ondiras. Aprann plis.
Ozetazini Depatman Eta voye fòm pou esprime enterè bay kèk manm fanmi Irakyen ak Siryen ki genyen yon Form I-130 ki apwouve. Li ofri manm fanmi w lan opòtinite pou mande estati refije.
USCIS ap entèvyouwe manm fanmi w lan pou wè si yo kalifye pou reyenstalasyon tankou yon refije. Si li apwouve, yon ajan reyenstalasyon pral fè suivi ak yo pou pi byen trete ka yo a.
P-2 Irakyen ak Siryen ki genyen yon Form I-130 ki apwouve e ki genyen yon demann refij va resevwa trètman pi rapid, asistans ak vwayaj, ak benefis lè o rive Ozetazini. Madanm oswa mari ak timoun ki poko marye ki genyen mwens 21 lanne elijib pou pwogram sa a.
Jwenn èd jiridik
Li enpòtan pou jwenn konsèy legalpou konprann opsyon w yo pou imigrasyon familyal. Òganizasyon ak avoka yo ka ede w konplete aplikasyon w lan. Avoka ak reprezantan imigrasyon ki travay pou òganis ki pa pou fè lajan ki resevwa akreditasyon “Board of Immigration Appeals” ka ofri depans ki mwen chè ak plis sèvis ki fyab. Apran ki fason pou jwenn èd legal.
Si yon moun mande w pou peye yo anpil lajan pou mennen yon manm fanmi w isi a, ou dwe chache yon lòt opinyon. Kèk moun ka eseye fè magouy pou di w yo ka mennen manm fanmi w ki pa nan kategori ki elijib yo, tankou yon kouzen, granparan, matant, oswa tonton.

Aprann fwod sou imigrasyon ki pi kòmen tankou notè ak fo sit entènèt yo. Konnen kijan pou pwoteje tèt ou epi kisa pou fè si ou te viktim de fwod.
Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USCIS, the Department of State, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.