Pataje

Fason pou itilize zouti ak resous USCIS yo

USCIS bay anpil zouti ak resous pou ede w konprann epi aplike pou benefis imigrasyon. Aprann kijan pou kreye yon kont USCIS pou ranpli aplikasyon yo. Jwenn konsèy pou chèche enfòmasyon ak resous sou sitwèb USCIS la.


USCIS.gov se sit entènèt ofisyèl Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini an. USCIS fè pati Depatman Sekirite Enteryè Etazini an. Anpil sit entènèt gen enfòmasyon ki soti nan USCIS. Li bon pou tcheke USCIS.gov pou verifye enfòmasyon yo.

Ou ka jwenn enfòmasyon ak sèvis sa yo atravè USCIS: 

  • Aplikasyon pou avantaj imigrasyon tankou azil, antre sou kondisyon, ak grinkat. Tout fòmilè yo ofisyèl epi gratis. 
  • Notifikasyon pou nouvèl sou pwosesis tankou Lòt antre sou kondisyon Afgan yo. 
  • Mizajou sou règleman imigrasyon tankou Title 42 ak DACA.
Tcheke ba adrès la pou asire w ou vizite sit entènèt ofisyèl USCIS la. Adrès sitwèb ofisyèl gouvènman an ap gen .gov nan fen. Yon icon kadna (🔒) vle di koneksyon ou an sekirite.

Kijan pou chèche uscis.gov

Kreye yon kont sou entènèt 

USCIS rekòmande ou enskri pou yon kont gratis sou entènèt pou ranpli fòm sou entènèt. Ranpli fòm sou Entènèt pi fasil ak pi vit pase depoze yon aplikasyon sou papye pa lapòs. Ou ka kòmanse yon aplikasyon epi retounen sou li pita. Li pral konsève enfòmasyon yo pandan w ap kontinye.

Ranpli sou entènèt ka ede w evite erè komen tankou bliye siyati w sou yon aplikasyon sou papye. Ti erè tankou sa ka lakoz otomatikman aplikasyon w lan refize. Si w ranpli sou Entènèt, y ap fè w konnen si gen yon bagay ki manke. Ou pa ka soumèt aplikasyon w lan sou Entènèt jiskaske li fin ranpli. 

Enskri pou myUSCIS

Gade videyo sa a pou w jwenn enstriksyon sou fason pou w kreye yon kont USCIS sou entènèt. Li disponib tou دری (Dari), ak پښتو (Pashto). 

(https://www.youtube.com/watch?v=c_5YDNyMJ30&feature=youtu.be)

Etap pou kreye yon kont:

  1. Ale nan paj enskripsyon USCIS la.
  2. Antre adrès imel ou pou w ka enskri pou yon kont sou entènèt. Ou pral resevwa tout kominikasyon imel nan adrès sa a. 
  3. Konfime kont ou. Ou pral resevwa yon imèl konfimasyon ak yon lyen pou konfime adrès imel ou. Desann pou w revize kondisyon itilizasyon yo epi klike sou “Mwen dakò.”
  4. Kreye yon modpas ki gen omwen 8 karaktè. 
  5. Chwazi yon metòd verifikasyon an de etap. Ou pral resevwa yon kòd atravè yon app, tèks, oswa imèl. Sa ede kenbe enfòmasyon sou kont ou an sekirite epi proteje.
  6. Reponn senk kesyon sekirite. Sa a ede konfime idantite w si ou bezwen reset modpas ou. 
  7. Chwazi kalite kont ou a: “Mwen se yon aplikan, moun ki fè petisyon, oswa yon moun ki fè demann.”

Jwenn resous yo ak zouti yo 

Resous kle yo

USCIS gen enfòmasyon sou sijè kle imigrasyon yo:

Resous
Enfòmasyon
Yon varyete sijè nan 35 lang. Chache pa lang, kontni, ak sijè.
Aplike pou reyentegrasyon refijye, azil, estati pwoteksyon tanporè, libète imanitè, viktim trafik moun, ak lòt krim.
Kondisyon pou kalifikasyon ak kijan pou aplike. 
Kondisyon ak viza pou travay Ozetazini.
Mande pou manm fanmi yo vin jwenn ou Ozetazini.
Pwosesis natiralizasyon ak materyèl etid.
Konsèy pou evite fwod imigrasyon.

Zouti ki itil

USCIS gen yon kantite zouti pou ede w ak dosye imigrasyon w lan. 

Zouti
Enfòmasyon
Pwosesis aplikasyon pou plizyè avantaj imigrasyon anvan ak apre depoze. Disponib tou an Espanyòl, Chinwa, ak Vyetnamyen
Gade opsyon imigrasyon ak kalifikasyon.
Ranpli yon aplikasyon lè w konekte sou kont myUSCIS ou.
Chache konnen ki kantite ou gen pou peye USCIS.
Swiv estati aplikasyon imigrasyon w la avèk nimewo resi w la.
Gade estimasyon tan pwosesis pou fòm imigrasyon ak kote biwo yo.
Mete adrès ou ajou sou entènèt nan 10 jou apre w fin demenaje.
Konekte sou kont myUSCIS ou pou tcheke si w kalifye pou w travay.
Jwenn yon sikisal USCIS, biwo azil, ak biwo entènasyonal yo.
Jwenn yon doktè pou fè egzamen medikal imigrasyon pou aplikan kat vèt.
Jwenn founisè legal ki otorize pou bay èd pou imigrasyon.
Gade disponiblite viza pou aplikan kat vèt yo.

Evènman sou entènèt ak lokal yo

USCIS òganize evènman an pèsòn ak sou entènèt pou pataje enfòmasyon sou pwogram ak règleman imigrasyon yo. Enskri pou pwochen evènman tou pre w yo. 

Kontakte USCIS

Ou ka jwenn USCIS nan diferan fason. USCIS rekòmande w eseye zouti sou entènèt yo anvan ou rele. 

  • Rele nan 800-375-5283 (TTY 800-767-1833) pou pale ak yon reprezantan lendi jiska vandredi 8 am jiska 8 pm lè lès. Si w andeyò Etazini, ou ka rele 212-620-3418. Li ofri tou èd otomatik 24 èdtan pa jou pou kesyon jeneral.
  • Soumèt yon Demann sou entènèt si w gen kesyon sou ka w la, oswa si w bezwen aranjman pou yon randevou.
  • Koze ak Emma, asistan vityèl USCIS la, pou jwenn enfòmasyon sou sèvis USCIS yp. Ou ka koze nan tou de angle ak espanyòl.
  • Pran yon randevou pou jwenn èd an pèsòn. Konekte sou kont myUSCIS ou pou fè yon demann. Ou kapab tou rele Sant Kontak pou mande yon randevou. 

Jwenn mizajou USCIS

Enskri pou jwenn mizajou imel. Swiv @USCIS sou platfòm sa yo pou plis mizajou sou pwosesis imigrasyon yo. 

lawyer reviewing information
Evite fwod imigrasyon

Aprann fwod sou imigrasyon ki pi kòmen tankou notè ak fo sit entènèt yo. Konnen kijan pou pwoteje tèt ou epi kisa pou fè si ou te viktim de fwod.

Aprann plis

Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USCIS ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.

Pataje