ki sa USCIS la ye?
USCIS.gov se sit entènèt ofisyèl Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini an. USCIS fè pati Depatman Sekirite Enteryè Etazini an. Anpil sit entènèt gen enfòmasyon ki soti nan USCIS. Li bon pou tcheke USCIS.gov pou verifye enfòmasyon yo.
Ou ka jwenn enfòmasyon ak sèvis sa yo atravè USCIS:
- Aplikasyon pou avantaj imigrasyon tankou azil, antre sou kondisyon, ak grinkat. Tout fòmilè yo ofisyèl epi gratis.
- Nouvèl alèt sou pwosesis tankou liberasyon kondisyonèl Afgan.
- Mizajou sou règleman imigrasyon tankou Title 42 ak DACA.
Verifye ba adrès la pou asire w ke w vizite sit ofisyèl entènèt USCIS la. Adrès sit wèb entènèt ofisyèl gouvènman an pral gen .gov nan fen an. Yon ikon vewouyaj (🔒) vle di koneksyon ou an sekirite. |
Kijan pou chèche uscis.gov
- Sèvi ak ba rechè ch la nan tèt la ki di “rechèch sou sit nou an”
- Vizite endèks la pou kapab jwen rapidamn yon paj oswa yon sijè espesifik
- Gade leksik la pou gade sa yon tèm vle di
- Konekte nan MyUSCIS pou jere ak swiv ka w la
Kreye yon kont sou entènèt
USCIS rekòmande ou enskri pou yon kont gratis sou entènèt pou ranpli fòm sou entènèt. Ranpli fòm sou Entènèt pi fasil ak pi vit pase depoze yon aplikasyon sou papye pa lapòs. Ou ka kòmanse yon aplikasyon epi retounen sou li pita. Li pral konsève enfòmasyon yo pandan w ap kontinye.
Ranpli sou entènèt ka ede w evite erè komen tankou bliye siyati w sou yon aplikasyon sou papye. Ti erè tankou sa ka lakoz otomatikman aplikasyon w lan refize. Si w ranpli sou Entènèt, y ap fè w konnen si gen yon bagay ki manke. Ou pa ka soumèt aplikasyon w lan sou Entènèt jiskaske li fin ranpli.
Enskri pou myUSCIS
Gade videyo sa a pou jwenn enfòmasyon sou kòman yo kreye yon USCIS kont sou entènèt. Li disponib tou an español (Panyòl), دری (Dari), ak پښتو (Pashto).
(https://youtu.be/gqY6NmorTtU?si=0d0h3yTmGLUK0iML)
Etap pou kreye yon kont:
- Ale nan paj enskripsyon USCIS la.
- Antre adrès imel ou pou w ka enskri pou yon kont sou entènèt. Ou pral resevwa tout kominikasyon imel nan adrès sa a.
- Konfime kont ou. Ou pral resevwa yon imèl konfimasyon ak yon lyen pou konfime adrès imel ou. Desann pou w revize kondisyon itilizasyon yo epi klike sou "Mwen dakò."
- Kreye yon modpas ki gen omwen 8 karaktè.
- Chwazi yon metòd verifikasyon an de etap. Ou pral resevwa yon kòd atravè yon app, tèks, oswa imèl. Sa ede kenbe enfòmasyon sou kont ou an sekirite epi proteje.
- Reponn senk kesyon sekirite. Sa a ede konfime idantite w si ou bezwen reset modpas ou.
- Chwazi tip kont ou a: "Mwen se yon moun ki aplike, moun ki fè petisyon, oswa yon moun ki fè demann."
Lè ou kreye yon kont sou entènèt ou kapab:
- Tcheke kalifikasyon ou
- Ranpli yon fòm sou entènèt
- Revize epi siyen fòmilè yo
- Peye frè ou sou entènèt
- Ajoute yon ka sou kont ou
- Link yon fòm papye
- Verifye idantite w
- Gade estati ka w la
- Aksede tout avi yo voye ba ou
- Voye mesaj bay USCIS
- Telechaje prèv sou entènèt
- Reponn demann pou prèv
- Chanje adrès ou sou Entènèt
- Verifye kalifikasyon w pou travay
- Konsilte detay tretman dosye w la
Ou ka ranpli diferan fòm USCIS sou Entènèt ak telefòn ou, tablèt oswa òdinatè w. Sa gen ladann yon fòm chanjman adrès, aplikasyon pou kat vèt, ak pèmi travay.
Etap pou ranpli yon fòm yo enkli:
- Tcheke si ou ka ranpli fòm ou sou Entènèt
- Revize enstriksyon yo pou fòm lan
- Konekte sou kont myUSCIS ou
- Chwazi "Ranpli yon fòm sou entènèt"
- Ranpli tout seksyon fòmilè nan
- Upload dokiman yo mande yo
- Revize epi siyen fòmilè ou a
- Peye frè depoze a
Ou ka konsève yon bouyon fòmilè ou an sou entènèt epi soumèt li yon fwa li fin ranpli. Ou ka wè avi pou randevou ki gen rapò ak aplikasyon w lan. Ou ka reponn tou demann pou prèv atravè kont sou entènèt ou, tcheke estati ka w la, epi jwenn desizyon w sou Entènèt.
Li plis nan konsèy pou ranpli fòm sou Entènèt ak navige nan kont myUSCIS ou.
Si w planifye pou depoze yon egzansyon frè, ou dwe voye aplikasyon w lan pa lapòs bay USCIS. Jwenn konsèy pou depoze aplikasyon papye yo pa lapòs.
Asire w ke w konséve enfòmasyon w konekte ak sekirite w pou w pa bloke. Ekri oswa pran foto adrès imel ou, modpas, kòd backup de etap, kesyon sekirite, ak repons. Pa pataje enfòmasyon kont ou ak fanmi oswa zanmi.
Kontakte USCIS si w bezwen èd pou w konekte sou kont ou. Soumèt fòm sa a pou kesyon sou modpas ou oswa debloke kont ou.
Avoka w la ka ede w ranpli aplikasyon w lan tou atravè kont pa yo sou entènèt. W ap toujou oblije konekte sou kont ou pou siyen yon G-28 pou apwouve yo pou reprezante w epi soumèt aplikasyon w lan.
Konsèy legal ka enpòtan lè w ap ranpli yon aplikasyon nan USCIS. Yon avoka oswa yon reprezantan ki akredite ka ede w konprann opsyon ou yo epi byen soumèt aplikasyon w lan. Anpil òganizasyon ak avoka ofri sèvis legal gratis oswa a bon mache.
Jwenn resous yo ak zouti yo
Resous kle yo
USCIS gen enfòmasyon sou sijè kle imigrasyon yo:
Resous | Enfòmasyon |
---|---|
Yon varyete sijè nan 35 lang. Rechèch pa lang, kontni, ak sijè. | |
Demand reyenstalasyon refijye, azil, estati pwoteje tanporè, pawòl imanitè, viktim trafik moun, ak lòt krim. | |
Kondisyon pou kalifikasyon ak fason pou aplike. | |
Kondisyon ak viza pou travay Etazini | |
Mande pou fanmi yo rejwenn ou Etazini. | |
Pwosesis natiralizasyon ak materyèl etid. | |
Konsèy pou evite frod imigrasyon. |
Zouti itil yo
USCIS gen yon kantite zouti pou ede w ak dosye imigrasyon w lan.
Zouti | Enfòmasyon |
---|---|
Pwosesis demand pou divès kalite avantaj imigrasyon anvan ak apre yo fin ranpli. Epitou disponib an Panyòl, Chinwa, ak Vyetnamyen. | |
Konsilte opsyon imigrasyon ak kalifikasyon. | |
Ranpli yon aplikasyon lè w konekte sou kont myUSCIS ou. | |
Chache konnen ki kantite kòb ou gen pou peye USCIS. | |
Swiv evolisyon demand imigrasyon w la avèk nimewo resi ou a | |
Konsilte tan yo estime pou trete fòmilè imigrasyon ak kote biwo yo ye. Ou kapab konsilte tan ke yo estime yo nan myProgress. | |
Mete adrès ou ajou sou entènèt 10 jou apre w fin demenaje. | |
Konekte sou kont myUSCIS ou pou tcheke si w kalifye pou w travay. | |
Jwenn biwo eksteryè USCIS, biwo azil, ak biwo entènasyonal yo. | |
Jwenn yon doktè pou fè egzamen medikal imigrasyon pou kandida Green Card. | |
Jwenn founisè legal ki otorize pou bay asistans pou imigrasyon. | |
Gade disponiblite viza pou kandida Green Card. |
Evènman sou entènèt ak lokal yo
USCIS òganize evènman an pèsòn ak sou entènèt pou pataje enfòmasyon sou pwogram ak règleman imigrasyon yo. Enskri pou pwochen evènman tou pre w yo.
Kontakte-USCIS
Ou ka jwenn USCIS nan diferan fason. USCIS rekòmande w eseye zouti sou entènèt yo anvan ou rele.
- Rele 800-375-5283 (TTY 800-767-1833) pou pale ak yon reprezantan Lendi jiska Vandredi 8 am a 8 pm tan Zòn lès. Si ou pa Etazini, ou ka rele nan 212-620-3418. Li ofri tou èd otomatik 24 èdtan pa jou pou kesyon jeneral.
- Soumèt yon Demann sou entènèt si w gen kesyon sou ka w la, oswa si w bezwen aranjman pou yon randevou.
- Koze ak Emma, asistan vityèl USCIS la, pou jwenn enfòmasyon sou sèvis USCIS yp. Ou ka koze nan tou de angle ak espanyòl.
- Pran yon randevou pou jwenn èd an pèsòn. Ou ka pran randevou sèlman pou kèk sèvis espesifik nan yon biwo ekteryè. Konekte sou kont myUSCIS ou pou fè yon demann. Ou kapab tou rele Contact Center / Sant Kontak la tou pou mande yon randevou.
Si w toujou ap tann yon repons nan men USCIS nan jou 60, ou ka kontakte Ombudsman CIS la pou asistans.
Jwenn mizajou USCIS
Enskri pou jwenn mizajou imel. Swiv @USCIS sou platfòm sa yo pou plis mizajou sou pwosesis imigrasyon yo.

Konnen ki jan yo pwoteje tèt ou kont move ak fo sit entènèt. Aprann sa pou w fè si w te viktim fwod.
Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USCIS ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.