Kisa EAD la ye? Yon gid pou Otorizasyon Travay Etazini

Mizajou nan dat 19 mas 2025
Paj sa a te tradui pwofesyonèl pa yon moun. Aprann plis

Anpil imigran vini Ozetazini pou travay. Si ou pa yon sitwayen ameriken oswa yon moun ki gen kat vèt, ou dwe genyen yon Dokiman Otorizasyon Travay (EAD). Jwenn enfòmasyon sou fason pou aplike pou yon pèmi travay epi renouvle li.

Remak: Règleman imigrasyon ameriken yo ap chanje anba administrasyon Trump lan. Gen kèk nan enfòmasyon ki anba a ka pa ajou. Aprann sou chanjman aktyèl yo isit la.

Kisa yon EAD ye?

Yon EAD se yon Dokiman Otorizasyon Travay oswa pèmi travay. Pou travay nan Etazini, fòk ou se yon sitwayen ameriken, yon rezidan pèmanan legal, oswa ou gen yon pèmi travay. Yon EAD pwouve ke ou ka travay legalman nan Etazini.

Anplwayè yo dwe tcheke si ou otorize pou travay pou yo kapab swiv lalwa epi evite penalite yo. Li komen pou anplwayè yo mande pandan yon entèvyou pou travay, “èske ou otorize pou travay legalman nan Etazini?”

EAD a pa espesifik pou yon anplwayè. Ou ka itilize kat EAD a pou travay pou nenpòt anplwayè nan Etazini.

 Kat EAD

Kat EAD a gen ladan non ou, foto ou, nimewo yo bay moun ki etranje, nimewo kat la, dat nesans, anprent ou, ak dat ekspirasyon. Ou ka itilize kat la tankou yon fòm idantifikasyon. Se pa yon dokiman valid pou re-antre Ozetazini. Yo rele kat sa I-766 tou.

Ki moun ki ka gen yon EAD?

Ou ap bezwen fè pati youn nan kategori elijib yo pou aplike pou yon EAD.

Kèk nan yo gen ladan:

  • Refigye
  • Refijye ki benefisye azil
  • Pwogram imanitè liberasyon kondisyonèl
  • Benefisyè Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS)
  • Depa Fòse Difere (DED)
  • DACA
  • VAWA
  • U ak T viza
  • Moun ki ap mande azil ki annatant (150 jou apre yo fin ranpli aplikasyon an)
  • Sispansyon depòtasyon oswa depòte
  • Sèten travay yo bay non-imigran yo
  • Madanm oswa mari, fiyanse oswa moun ki depann de yon sèten kategori yo otorize

Jwenn yonlis konplè ki gen tout kategori yo otorize yo.

Sitwayen Ameriken yo ak moun ki gen Green Card yo pabezwen yon EAD pou yo travay.

Moun k ap chèche azil

Si ou se yon moun ki ap mande azil epi aplikasyon w lan annatant, ou dwe tann 150 jou avan ou aplike pou yon EAD. USCIS ka rejte fòmilè I-765 la si ou ranpli li avan peryòd 150 jou ou dwe tann lan.

Asylum Seeker Advocacy Project ( Pwojè k ap Defann Moun k ap mande Azil) (ASAP) se yon resous ki itil.

(https://www.youtube.com/watch?v=BZ2SOUPbcZY)

Refijye ak moun ki nan azil

Refijye ak asilye yo otomatikman otorize pou yo travay Ozetazini. Yo pa bezwen aplike oswa peye yon frè pou yon EAD (Dokiman Otorizasyon Travay).

Si ou se yon refijye , USCIS pral otomatikman trete Fòm I-765 ou a osito ke ou rive Ozetazini. Yon fwa ke aplikasyon w lan apwouve, yo pral kreye EAD w la. W ap resevwa kat EAD ou pa lapòs nan lespas 30 jou. Ou ka itilize Fòm I-94 ou a kòm prèv ou kapab travay legalman pandan w ap tann kat ou a.

Si ou se yon benefisyè azil, ou pa bezwen aplike pou otorizasyon travay. Lè yo ba ou azil, ou otorize pou travay imedyatman. Lè aplikasyon azil ou a apwouve, USCIS ap bay yon EAD. Ou ta dwe resevwa kat EAD ou pa lapòs nan lespas 30 jou. Ou ka itilize swa I-94 ou ki gen so 'azil apwouve' oswa EAD ou kòm prèv ou ka travay legalman.

Afgan ak Ikrenyen ki an libète pwovizwa li

Sèten  moun Afgan ak Ikrènyen pwovizwa  pa bezwen tann pou apwobasyon Fòm I-765 pou travay Ozetazini. Fòm I-94 ki poko ekspire w la kapab pwouve ou ka travay pandan 90 premye jou yo nan travay ou. Aprè sa, w ap bezwen montre yon EAD ak kat Sekirite Sosyal san restriksyon.

USCIS ap ofri tou  egzanpsyon frè ak pwosesis pi rapid. Gen plis enfòmasyon ki disponib sou  paj Nasyonal Afganyo ak  Inite pou Ikrèn yo.

Kòman pou aplike pou yon EAD

Si ou pa yon refijye oswa yon moun ki nan azil, ou pral bezwen aplike pou yon pèmi travay avèk USCIS.

Men yon lis etap pou ou swiv:

1. Li enstriksyon yo. Fòm nan konplike. Nou rekòmande ou al chèche asistans legal pou evite erè.

2. Rasanble dokiman ki nesesè yo. Ou pral bezwen yon kopi yon Kat Idantifikasyon gouvènman-bay ak foto gwosè paspò. Gen lòt dokiman obligatwa selon kategori w.

3. Ranpli epi siyen Fòm I-765. Ou ka fè sa sou entènèt oswa enprime fòm lan. Asire w ke w reponn tout kesyon yo. Si w enprime fòm lan, asire w ke ou siyen li ala men.

4. Peye frè dosye aOu dwe peye $470 pou aplikasyon sou entènèt oswa $530 pou dosye papye. Tache resi frè dosye w nan aplikasyon EAD ou a. Ou ka pa oblije peye frè a si ou gen yon sèten estati imigrasyon oswa si w gen yon dispans frèapwouve.

5. Fè yon kopi fòm lan. Sa a itil si w bezwen renouvle EAD ou oswa si li vin pèdi oswa yo vòlè li.

6. Soumèt fòm ou a. Ou gen opsyon pou soumèt pa lapòs oswa sou entènèt. Si w ap soumèt pa lapòs epi ou vle resevwa notifikasyon elektwonik, gen ladan Fòm G-114.

7. Konsève nimewo ki nan resi USCIS ou a. Sa se fason ou ka swiv evolisyon estati ou la.

8. Ou dwe rete tann pou apwobasyon anvan w ka kòmanse travay. Ou ka kòmanse chèche yon travay pandan w ap tann.

Si yo fè w konnen w bezwen sèvis byometrik, w ap resevwa yon avi randevou ak enstriksyon yo.

Si w ap ranpli ak yon lòt fòm, ou dwe swiv enstriksyon yo pou lòt fòm lan. Pa egzanp, si w ap ranpli Fòmilè I-765 avèk Fòmilè I-539, ou dwe ranpli tou de fòm kote Fòmilè I-539 endike w pou fè sa. Epitou, verifye si frè pou diferan fòm yo dwe peye separeman. Sinon, yo ka rejte fòm ou a.

Tann pou yon EAD

Tan datant lan ka varye selon estati imigrasyon ak sant sèvis. Ou ka verifye tan jeneral pwosesis dosye yo sou entènèt. Ou ka wè tou estimasyon tan datant pou dosye ou pandan w ap konekte ak kont MyUSCIS ou. Aprè USCIS resevwa aplikasyon w lan, y ap voye yon nimewo resi ba ou tou pou swiv estati aplikasyon w lan.

Si w se yon refijye , w ap jwenn EAD w la nan 30 jou apre w fin rive Ozetazini.

Si w gen yon aplikasyon azil ki annatant, tan pou trètman an se 30 jou. Sa a se 150 jou anplis ou dwe tann pou aplike. Peryòd tan pandan yon aplikasyon azil la annatant anvan ou resevwa yon EAD yo rele “180-day asylum EAD clock.”

Si ou se yon travayè swen sante oswa gadri, ou ka jwenn yon pwosesis pi rapid oswa akselere si ou gen youn nan eleman sa yo:

  • Yon premye fòm EAD ki annatant depi plis pase 90 jou.
  • Yon fòm renouvèlman EAD ki gen yon EAD ekspire oswa ekspire nan lespas 30 jou oswa mwens.

Ekspirasyon EAD

Kounye a, yon EAD ka valab pou jiska 5 ane sa depan de sitiyasyon imigrasyon w. Yon nouvo règ endike EAD ou a pral valab pou 5 ane si ou te:

  • Admi oswa librere sou pawòl oswa libere li kòm yon refijye
  • Akòde azil
  • Te benefisye sispansyon depòtasyon oswa espilsyon, ajisteman nan estati, oswa anilasyon espilsyon an
  • Gen yon aplikasyon ki annatant pou azil oswa pou sispansyon espilsyon, anilasyon espilsyon, oswa ajisteman nan estati

Règ sa a aplike sèlman pou aplikasyon ki depoze nan dat 27 septanm 2023 oswa apre. Li pa aplike pou EAD yo bay anvan dat sa a. Lòt estati imigrasyon, tankou TPS, ka gen EAD ki valab pou diferan kantite tan. USCIS kapab otomatikman pwolonje EAD yo pa peyi ak TPS.

Renouvèlman EAD

Si EAD ou a ap ekspire talè oswa li ekspire, ou ka aplike pou yon renouvèlman. Ou dwe soumèt yon nouvo Fòm I-765. W ap bezwen peye frè aplikasyon an ankò sof si w satisfè sèten eksepsyon oswa si w gen yon egzansyon frè apwouve.

Ou ka ranpli aplikasyon w pou renouvèlman an kòmanse 180 jou anvan dat ekspirasyon an. Li pi bon pou w aplike bonè pou w pa gen yon espas nan otorizasyon travay.

Kounye a, pou moun ki nan yon kategori ki elijib, EAD ou a pral otomatikman pwolonje pou 540 jou si:

  • Ou te gen yon aplikasyon pou renouvle EAD ki te toujou nan pwosesis sou 4 me 2022, epi ou te soumèt li alè.
  • Ou te depoze yon aplikasyon pou renouvle EAD a nan dat 4 me 2022 oswa apre, epi ou te depoze li alè.

Moun ki elijib pou ekstansyon otomatik la gen ladan refijye, moun ki ap mande azil yo, aplikan azil ki annatant, moun ki gen TPS, premye aplikan TPS ki annatant, moun ki fè demann VAWA, ak lòt moun. Gade lis konplè kategori ki elijib yo ak plis enfòmasyon .

Kalkilatè ekstansyon EAD USCIS la ka ede w konnen nouvo dat ekspirasyon an.

nimewo Sekirite Sosyal

Pou travay nan peyi Etazini, ou pral bezwen tou yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN). Ou ka aplike pou kat SSN ak EAD ou an menm moman avèk Fòm I-765. Yon nimewo Sekirite Sosyal itilize pou rapòte salè w touche bay gouvènman an epi detèmine avantaj ou yo.

Jwenn èd

Li enpòtan pou chèche konsèy legal nan men yon avoka imigrasyon oswa yon reprezantan ki akredite. Anpil òganizasyon ak avoka ofri sèvis legal gratis oswa bon mache.

Ede ak pèman frè a

Ou ka aplike pou yon egzansyon frè si ou gen yon sèten kantite moun nan kay la ak revni. Ou dwe ranpli Fòm I-912 ak aplikasyon EAD ou a oswa soumèt yon lèt pou mande yon dispans frè ansanm ak prèv ki nesesè yo.

Kat EAD pèdi oswa vòlè

Ou ka jwenn yon ranplasman EAD si yo te vòlè kat ou a, li te pèdi oswa detwi. W ap bezwen ranpli yon nouvo Fòm I-765 pou ranplase yon EAD.

Travay san otorizasyon

Gen anpil moun ki pa gen estati imigrasyon legal Ozetazini e donk pa ka jwenn yon EAD. Yo souvan travay nan travay “non deklare” oswa yo peye yo ak lajan kach. Jwenn enfòmasyon pou travayè san papye.

Gen yon travay oswa bay yon sèvis san dokiman apwopriye yo sa kontrè ak lwa travay e imigrasyon Etazini. Travay a tan pasyèl, travay sou entènèt, oswa dirije pwòp biznis ou san otorizasyon ka gen konsekans grav. Yo ka anile viza w oswa yo ka depòte w.

de fanm konsilte nan mi brik ki chita sou yon tab
Jwenn èd jiridik

Aprann kijan pou jwenn èd gratis oswa bon mache nan men avoka imigrasyon ak reprezantan legal de konfyans.

Kòmanse

Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USCIS ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.