Ki moun ki ka gen yon EAD | Kijan pou aplike pou yon EAD | Moun ki ap mande azil ki annatant |
Tan pwosesis la | Refijye ak moun ki nan azil | Afgan ak Ikrènyen ki nan pwogram imanitè liberasyon kondisyonel yo |
Renouvèlman ak pwolonjman EAD | Nimewo sekirite sosyal | Jwenn èd |
EAD ki pèdi oswa yo volè | Travay san yon EAD | Travayè nan lasante ak nan pran swen timoun |
Kisa yon EAD ye
Yon EAD se yon Dokiman Otorizasyon Travay oswa pèmi travay. Pou travay nan Etazini, fòk ou se yon sitwayen ameriken, yon rezidan pèmanan legal, oswa ou gen yon pèmi travay. Yon EAD pwouve ke ou ka travay legalman nan Etazini.
Anplwayè yo dwe tcheke si ou otorize pou travay pou yo kapab swiv lalwa epi evite penalite yo. Li komen pou anplwayè yo mande pandan yon entèvyou pou travay, “èske ou otorize pou travay legalman nan Etazini?”
EAD a pa espesifik pou yon anplwayè. Ou ka itilize kat EAD a pou travay pou nenpòt anplwayè nan Etazini.
Kat EAD
Kat EAD a gen ladan non ou, foto ou, nimewo yo bay moun ki etranje, nimewo kat la, dat nesans, anprent ou, ak dat ekspirasyon. Ou ka itilize kat la tankou yon fòm idantifikasyon. Se pa yon dokiman valid pou re-antre Ozetazini. Yo rele kat sa I-766 tou.


Ki moun ki ka gen yon EAD
Ou ap bezwen fè pati youn nan kategori elijib yo pou aplike pou yon EAD.
Kèk nan yo gen ladan:
- Refijye ak moun ki nan azil
- Benefisyè pwogram imanitè liberasyon kondisyonèl yo
- Moun ki ap mande azil ki annatant (150 jou apre yo fin ranpli aplikasyon an)
- Benefisyè pwoteksyon kont depòtasyon (DED)
- Benefisyè Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS)
- Benefisyè DAKA
- Benefisyè sispansyon oswa eliminasyon depòtasyon
- Sèten travay yo bay non-imigran yo
- Moun ki gen viza U ak viza T yo
- Moun ki siyen petisyon VAWA pou tèt yo
- Madanm oswa mari, fiyanse oswa moun ki depann de yon sèten kategori yo otorize
Jwenn yonlis konplè ki gen tout kategori yo otorize yo.
Sitwayen Ameriken ak rezidan pèmanan legal yo (moun ki gen rezidans yo) pa bezwen yon EAD pou yo travay nan Etazini.
Kijan pou aplike pou yon EADuj
Si ou pa yon refijye oswa yon moun ki nan azil, ou pral bezwen aplike pou yon pèmi travay avèk USCIS.
Men yon lis etap pou swiv:
1. Li enstriksyon yo. Fòmilè a konplike. Yo rekòmande pou gen yon asistans legal pou evite fè erè.
2. Rasanble dokiman yo mande yo. Ou ap bezwen yon kopi de yon kat idantifikasyon gouvènman an ba ou ak yon foto ki gen dimansyon foto paspò. Gen lòt dokiman yo mande an fonksyon de kategori w.
3. Konplete epi siyen Fòmilè I-765 la. Ou ka fè sa anliy oswa enprime fòmilè a. Asire ou ke ou reponn tout kesyon yo. Si ou enprime fòmilè a, asire ou ke ou siyen li alamen.
4. Peye 410 dola frè aplikasyon an. Atache resi frè aplikasyon an ansanm ak aplikasyon EAD a. Gen sèten estati imigrasyon yon moun genyen li ka pa bezwen peye frè a. Tcheke enstriksyon yo nan fòmilè a.
5. Fè yon kopi fomilè a. Li ap itil si ou bezwen renouvle EAD ou oswa si li pèdi oswa si yo volè li.
6. Soumèt fomilè ou la. Ou gen opsyon pou soumèt li pa lapòs oswa anliy. Si ou soumèt li pa lapòs epi ou bezwen resevwa yon notifikasyon elektwonik, mete ladan tou Fomilè G-114 la.
7. Konsève nimewo ki nan resi USCIS ou a. Sa se fason ou ka swiv evolisyon estati ou la.
8. Ou dwe tann yo apwouve ou avan ou elijib pou kòmanse travay.
Si yo notifye ou ke ou bezwen sèvis biyometrik. Ou pral resevwa yon notifikasyn pou randevou ansanm ak enstriksyon yo. Sa pral koute yon 85 dola anplis.
Si ou ap ranpli avèk yon lòt fòmilè, ou dwe swiv enstriksyon pou lot fòmilè a. Pa egzanp, si ou ap ranpli Fòmilè I-765 avèk Fòmilè I-539, ou dwe ranpli tou de fòmilè yo kote Fòmilè I-539 la endike pou fè sa. Epitou, tcheke si yo dwe peye frè pou diferan fòmilè yo separeman. Otreman, yo ka rejte fòmilè w la. |
Moun ki ap mande azil ki annatant yo
Si ou se yon moun ki ap mande azil epi aplikasyon w lan annatant, ou dwe tann 150 jou avan ou aplike pou yon EAD. USCIS ka rejte fòmilè I-765 la si ou ranpli li avan peryòd 150 jou ou dwe tann lan.
Epitou, moun ki ap mande azil ki annatant yo pa bezwen bay 85 dola frè sevis biyometrik yo. Yo pa mande sa ankò epi sa ka lakòz yo rejte aplikasyon w lan paske ou peye anplis.
Pwojè k ap Defann Moun k ap mande Azil (Asylum Seeker Advocacy Project) (ASAP) se yon resous ki itil.
Kantite tan pou rete tann yon EAD
Kantite tan pou rete tann lan ka varye selon estati imigrasyon ak sant sèvis la. Tcheke tan trètman dosye a. Aprè USCIS resevwa aplikasyon w lan, y ap voye yon nimewo resi ba w pou w swiv sitiyasyon aplikasyon w lan.
Si w gen yon aplikasyon azil ki annatant, tan pou trètman an se 30 jou. Sa a se 150 jou anplis ou dwe tann pou aplike. Peryòd tan pandan yon aplikasyon azil la annatant anvan ou resevwa yon EAD yo rele “180-day asylum EAD clock.”
Refijye ak azile
Refijye ak asilye yo otomatikman otorize pou yo travay Ozetazini. Yo pa bezwen aplike oswa peye yon frè pou yon EAD (Dokiman Otorizasyon Travay).
Si ou se yon refijye, ajans reenstalasyon an depoze yon demann EAD sou non ou. Ou pa oblije montre yon EAD si ou gen tou de idantifikasyon eta a ak yon kat Sekirite Sosyal san limit.
Si ou se yon azile, Biwo Azil la pral kòmanse trete EAD ou a otomatikman. Ou pa bezwen ranpli yon aplikasyon pou otorizasyon travay. Sepandan, si yon jij imigrasyon oswa Komisyon ki gen apèl nan zafè imigrasyon (BIA) te ba w azil, w ap resevwa enstriksyon aprè lòd pou w jwenn yon EAD nan men USCIS.
Afgan ak Ikrènyen pwovizwa yo
Sèten moun Afgan ak Ikrènyen pwovizwa pa bezwen tann pou apwobasyon Fòm I-765 pou travay Ozetazini. Fòm I-94 ki poko ekspire w la kapab pwouve ou ka travay pandan 90 premye jou yo nan travay ou. Aprè sa, w ap bezwen montre yon EAD ak kat Sekirite Sosyal san restriksyon.
USCIS ap ofri tou egzanpsyon frè ak pwosesis pi rapid. Gen plis enfòmasyon ki disponib sou paj Nasyonal Afganyo ak Inite pou Ikrèn yo.
EAD renouvèlman ak ekstansyon
Yon EAD valab pou swa youn oswa de ane depann de kategori w la. Si EAD ou a ap ekspire talè oswa li ekspire, ou ka aplike pou yon renouvèlman. Ou dwe soumèt yon nouvo Fòm I-765.
Ou ka ranpli aplikasyon w pou renouvèlman an kòmanse 180 jou anvan dat ekspirasyon an. Li pi bon pou w aplike bonè pou w pa gen yon espas nan otorizasyon travay.
Ranpli aplikasyon w pou renouvèlman ka pwolonje otorizasyon travay ou pandan tretman renouvèlman aplikasyon w lan an pwosesis. Peryòd ekstansyon aktyèl la se 540 jou akòz ralantisman ki gen nan pwosesis yo. Sa tanporè epi espere retounen nan yon ekstansyon 180 jou pou moun ki ranpli apre 27 oktòb 2023.
Kalkilatè ekstansyon EAD USCIS la ka ede w konnen nouvo dat ekspirasyon an.
Nimewo Sekirite Sosyal
Pou travay Ozetazini, w ap bezwen tou yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN). Ou ka aplike pou kat SSN ak EAD ou an menm tan avèk Fòm I-765. Yo itilize yon nimewo Sekirite Sosyal pou rapòte salè ou bay gouvènman an epi detèmine benefis yo.
Chèche èd
Li enpòtan pou chèche konsèy legal nan men yon avoka imigrasyon oswa yon reprezantan ki akredite. Anpil òganizasyon ak avoka ofri sèvis legal gratis oswa bon mache.
Lòt kesyon
Ou ka jwenn yon ranplasman EAD si yo te vòlè kat ou a, li te pèdi oswa detwi. W ap bezwen ranpli yon nouvo Fòm I-765 pou ranplase yon EAD.
Si ou gen yon EAD, ou ka kontinye travay pandan w ap ajiste estati ou. Si ou pa gen yon EAD, ou bezwen soumèt Fòmilè I-765 ansanm ak Fòmilè I-485.
Gen anpil moun ki pa gen estati imigrasyon legal Ozetazini e donk pa ka jwenn yon EAD. Yo souvan travay nan travay “non deklare” oswa yo peye yo ak lajan kach. Jwenn enfòmasyon pou travayè san papye.
Gen yon travay oswa bay yon sèvis san dokiman apwopriye yo sa kontrè ak lwa travay e imigrasyon Etazini. Travay a tan pasyèl, travay sou entènèt, oswa dirije pwòp biznis ou san otorizasyon ka gen konsekans grav. Yo ka anile viza w oswa yo ka depòte w.
Travayè swen sante ak gadri yo ka jwenn yon pwosesis pi vit oswa akselere si yo genyen youn nan bagay sa yo:
- Yon premye fòm EAD ki annatant depi plis pase 90 jou.
- Yon fòm renouvèlman EAD ki gen yon EAD ekspire oswa ekspire nan lespas 30 jou oswa mwens.