Pwosesis Pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen epi Venezyelyen

Yo te tradwui paj sa nan lang sa tou:

DHS anonse ke yap etann pawòl pwogram pou Venezelyen yo , pou yo ka enkli Kiben yo, Ayisyen yo, epi Nikaragweyen yo. Mizajou pwogram nan ap pèmèt jiska 30,000 nasyonal ki kalifye pa mwa soti de 4 peyi sa yo pou yo vwyaje vin Etazini Damerik. Yon benefisyè pwogram sa ka gen yon pèmi travay epi viv tanporèman nan Etazini Damerik.

Si w apwouve pandan pwosesis sa, ou pral vwayaje Etazini, kote wap elijib pou w aplike pou otorizasyon travay Etazini. Se yon stati tanporè jiska 2 zan.

Pwogram sa a pa disponib pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen, Venezelyen kap antre U S pa Meksik oubyen panama ilegalman aprè 5 janvye 2023. Li te komanse se pou kanpe moun kap eseye rantre sou fontyè Etazini.

Aplikasyon pou w kòmanse pwosesis la gratis ti cheri. Aplikan an ansanm ak esponsò a pap bezwen peye anyen pou aplike.

Kiyès ki ka benefisye

Yon benefisyè se yon moun ke yo ka konsidere pawòl li nan kad pwosesis sa. Pou w kalifye pou w ka benefisye pwogram sa, ou sipoze:

  • Yon sitwayen Venezelyen , Kiben, Ayisyen oubyen Nikaragweyen.
  • Pou w pa Etazini
  • Gen yon sipòte nan Etazini
  • Gen yon paspò ki valid
  • Pase yon kontwol de sekirite
  • Fòk ou kapab aranje epi peye pwòp vwayaj ou pou w vin Etazini.
  • Pou w vaksine ak lòt kondisyon medical.

Ou pap kalifye si w:

  • Resevwa yon lòd pou yo depòte w de Etazini pandan 5 lane ki sot pase yo.
  • Rantre Etazini san otorizasyon aprè 5 janvye 2023.
  • Travèse fontyè Meksik ak Panama san otorizasyon aprè 5 janvye 2023.
  • Gen rezidans pèmananoubyen doub nasyonalite nan nenpòt lòt peyi.
  • Gen stati refijye nan nenpòt peyi.
Pou Venezyelyen, si paspò w te gen yon ekstansyon ki sètifye, ou ka itilize dat sa. Kèk paspò venezyelyen rete valid akoz dekrè 21 me 2019 Asanble nasyonal te pran. Jwen plis enfòmasyon sou sa What to Expect after Filing Form I-134.”

Eske manb fanmi m ka vin jwen mwen?

Wi, Si se epouz ou, oubyen timoun ki pa marye ki anba 21 lane. Yo pa bezwen sitwayen Venezyelyen, Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen. Yo ka tou gen stati refijye nan yon lòt peyi. Timoun ki anba 18 lane sipoze vwayaje avèk paran yo pou yo ka benefisye de pwosesis sa. Yo paka vwayaje pou kont yo.

Kiyès ki ka sipòtè

Yon sipòtè oubyen sponsò se yon moun ki dispoze pou li aplike pou w ka nan pwogram sa. Yo sipoze pwouve ke yo ka ede w sou plan finansyè ak lòt èd pandan 2 lane. Yo sipoze gen yon stati legal epi viv Etazini.

Yon sipòtè kapab:

  • Yon sitwayen ameriken
  • Rezidan pèmanan legal ( moun ki gen kat vèt)
  • Non imigran ki gen stati legal
  • Gen azil, se yon refijye, oubyen libète kondisyonèl
  • Moun ki genyen TPS
  • Benefisyè de yon depa fòse difere
  • Benefisyè DACA

Yon sipòtè:

  • Pwouve ke li gen ase resous pou sipòte w pandan tout tan wap pase Etazini an.
  • Pase kontwòl sekirite ak rechèch yap fè sou li

Egzanp de èd yon sipòtè sipoze dwe kapab ofri:

  • Ede w avèk transpò de èpòt la
  • Founi w yon lojman ki asire pandan dire liberasyon sou pawol la
  • Ede w ranpli epi soumèt dokiman wap bezwen yo
  • Asire li ke egzijans sante ak medikal ou ranpli
  • Ede w pou w jwen yon travay, ale lekòl, aprann anglè, ak lòt bezwen.

Yon sipòtè ka aplike avèk lòt oubyen nan non yon òganizasyon, oubyen Biznis ki ka founi w sipò, si yap aplike nan non yon biznis oubyen yon antite, yo sipoze enkli yon lèt dangajman.

Kòman mwen ka jwenn yon esponsò?

Welcome Connect ka ede w jwenn yon esponsò. Li bay yon yon fason ki sekirize, ki aksesib kote esponsò ak benefisyè kap chache refij yo ka konekte, kòmanse pale, epi mete yo dakò fason èd la pral fèt.

15 Chak mwa, platfòm nan pral pran done moun ki ap chache esponsò yo. Enskripsyon an ap ouvri a 3è pm nan Tan Inivèsèl Kowòdone (UTC). Gade anba pou fizo orè pa w la:

  • 8 am Lè Montay Nòmal
  • 9 am Lè Santral Nòmal
  • 10 am Lè Lès Nòmal 
  • 11 am Lè Nòmal Venezwelyen
  • 5 pm Lè Lès Ewopeyen

Enskripsyon an ap kanpe lè li rive nan limit li epi lap ouvri ankò nan 15 mwa pwochen.

Ou ka jwen plis enfòmasyon nan Welcome.US. La Sponsor Circle Program soti nan Community Sponsorship Hub ka founi resous ak gid pou sipotè yo.

Kòman ou ka aplike

Benefisyè a paka komanse aplikasyon an. Sipòtè w la se li ki sipoze aplike an premye. Sipòtè a sipoze ranpli fòm I-134A, Demann anliy pou vin yon esponsò ak deklarasyon sipò finansye. Sipotè a oubyen sponsò a sipoze ranpli yon fòm pou chak benefisyè enkli timoun tou.

Asire w ke sipòtè w la gade imèl li chak tan, enkli fichye spam pou mesaj enpotan de USCIS.

Pwosesis si sipòtè w la apwouve

USCIS ka detèmine ke fòm I-134A sifi oubyen mande plis enfòmasyon pou apwouve sipòtè w la. Aprè ke sipòtè w la apwouve, wap resevwa yon imèl kap bay enstriksyon yo etap pa etap.

Pou w soumèt enfòmasyon biyografik

  • Kreye yon kont
  • Konfime ke ou vaksine e egzijans sante

Soumèt enfòmasyon bay CBP one:

  • Itilize U S Customs and Border protection,CBP One aplikasyon mobil
  • Voye yon foto
  • Si CBP konfime aplikasyon w lan, wap resevwa yon notifikasyon de myUSCIS

Jwen otorizasyon de vwayaj an avans pou Etazini

  • Si li apwouve, wap gen otorizasyon pou w vwayaje etazini pandan 90 pwochen jou yo
  • Oumenm oubyen sipòtè w la sipoze achete tikè avyon an epi aranje vwayaj la.
  • Otorizasyon pou w vwayaje a pa vle di ou pral jwen liberasyon, wap toujou bezwen pou w pase enspeksyon.

Mande pou pawòl lè w rive Etazini

  • Wap bezwen pase enspeksyon CBP a, enkli anprent epi kontwol adisyonèl
  • Si ofisye a kwè ke ou se yon menas pou Etazini, oubyen ou pa kalifye pou lòt rezon, you ka pa kite w rantre.
  • Si ou pa pase yo ka refere w bay U S Immigration and Customs Enforcement ( ICE)

Pou w jwen pawòl

  • If you make it through all these steps and pass inspection, you will be granted parole for up to 2 years.

kisa ki aprè lèm finn gen pawol

Si w sou pawol Etazini, ou pral bezwen fè sa yo aprè w fin rive:

  • Rapòte adrès fizik ou aprè 30 jou
  • Pase yon kontwol medikal nan espas 90 jou
  • Aplike pou yon pèmi travay itilize fòm I-765
  • Aplike pou yon kat sekirite sosyal

Si w chanje lokasyon nan Etazini, ou sipoze rapòte tout chanjman adres nan espas 10 jou pandan wap deplase a.

Si ou deside kite Etazini, epi swete retounen, ou sipoze aplike pou yon dokiman vwayaj. Wap itilize Form I-131.

Ou kapab bezwen pou w chache èd jiridik pouw ka konnen opsyon ou genyen yo lè pawòl ou a fini. Ou ka elijib pou w aplike pou azil pou w ka rete Etazini, men ou sipoze ranpli l nan espas yon ane lè w rive a.

Yap atann ke ou kite peyi a pou kò w lè pawòl ou a fini. Yo ka kenbe w epi plase w nan pwosedi pou voye w tounen si w pa kite l.

Department of homeland security (DHS) ka deside fini pawòl anba kèk sikonstans, tankou si w vyole nenpòt lwa Etazini.

Enstriksyon pou Venezelyen yo

Siw te soumèt fòm I-134 anliy avan 6 janvye 2023, anba pwosesis pou venezelyen, ka paw la ap kontinye, ou pa bezwen fè anyen ankò. Wap toujou bezwen swiv dat avan yo obligatwaman. Ou pa sipoze soumèt fòm I-134.

Alèt : vwayaje pa Meksik epi Panama

DHS te di ke Venezelyen, Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen pa vwayaje pa meksik ak Panama pou yo pa travese fontyè epi rantre Etazini. Si ou iregilyenman travese fontyè meksiken ak panameyen an aprè 5 janvye  ou pap elijib pou pwosesis sa.

Ap gen nouvo pwend kontwòl imigrasyon sou fwontyè Meksik la. Yo pral mete plis resous an plas pou arete moun kap fè pasaj klandesten. Si w eseye antre Etazini pa fwontyè, yo ka prese voye w ale Meksik.

Si w rantre Etazini avan 19 oktob 2022, e ou an atant de yon demand azil, ou sipoze kontinye ak aplikasyon Azil la.

lawyer reviewing information
Evite fwod imigrasyon

Aprann fwod sou imigrasyon ki pi kòmen tankou notè ak fo sit entènèt yo. Konnen kijan pou pwoteje tèt ou epi kisa pou fè si ou te viktim de fwod.

Aprann plis

Enfòmasyon ki sou paj sa a soti nan sous ke nou ka fè konfyans, tankou Depatman Deta avèk USCIS. Objektif nou se bay enfòmasyon ki fasil pou moun konprann epi ke nou mete ajou regilyèman. Paj sa a la se tankou yon gid. USAHello pa bay konsèy jiridik, ni tou pa gen pyès nan materyèl nou yo ki la ak objektif pou moun pran yo kòmkwa se konsèy jiridik.