Paj sa a ofri enfòmasyon pou sitwayen ak Detantè Green Card. Si w ap chèche lòt fason pou reyini ak fanmi, gade paj nou an sou reyinifikasyon fanmi pou refijye, asilye, Afganestan pwovizwa ak SIVs.
Petisyon pou fanmi
Etazini gen yon pwogram imigrasyon fanmi ki pèmèt fanmi yo reyini legalman Ozetazini. Toudepann de estati imigrasyon ou, ou ka anmezi pou w esponsorize kèk fanmi ou pou yo vin jwenn ou Ozetazini.
Lè ou fè demann pou manm fanmi ou antre Ozetazini, yo kapab jwenn yon Green Card. Sa ap pèmèt yo vwayaje, viv epi travay an pèmanans Ozetazini. Ou kapab fè demann tou pou manm fanmi ou ki deja Ozetazini jwenn yon Green Card.
Petisyon: yon aplikasyon oswa yon demann fòmèl ki fèt bay yon otorite
Petisyonè: moun ki depoze yon aplikasyon pou mande yon Green Card pou manm fanmi yo
Benefisyè: manm fanmi petisyonè a te ranpli aplikasyon an.
Imigrasyon fanmi selon estati
Manm fanmi ou ka fè lèt pou yo diferan depann sou estati ou:
Sitwayen Ameriken.
Si ou se yon sitwayen ameriken, ou kapab fè demann pou manm fanmi ki pwòch epi ki lwen pou yo antre Ozetazini.
- Fanmi pwòch: mari oswa madanm, timoun ki pa marye ki gen mwens pase 21 an, ak paran. Pa gen limit sou kantite viza ki disponib pou fanmi pwòch.
- Lòt manm fanmi: timoun ki pa marye ki genyen plis pase 21 an, timoun ki marye, frè, epi sè. Disponiblite viza pou manm fanmi sa yo depann de kategori preferans fanmi yo.
- Fiyanse: ou ka itilize Fòm I-129F pou mennen fiyanse w ak pitit yo Etazini pou marye oswa rete tann apwobasyon Fòm I-130 la.
Moun ki gen Green Card
Si ou se yon rezidan pèmanan legal (LPR), ou kapab fè demann pou mari oswa madanm ou ak timoun ou genyen ki pa marye pou yo antre Ozetazini. Disponiblite viza yo depann de kategori preferans fanmi yo.
Moun ki fè demand |
Benefisyè |
Avantaj |
Fòm |
---|---|---|---|
Sitwayen Ameriken |
Mari /madanm, timoun, paran, frè ak sè |
Kat Vèt |
I-130 I-485 I-864 |
Sitwayen Ameriken |
Fiyanse ak pitit yo ki poko gen 21 lane |
Viza fiyanse |
I-129F |
Detantè Green Card (LPR) |
mari / madanm ak timoun ki pa marye |
Kat Vèt |
I-130 I-485 I-864 |
Koup menm sèks ki marye legalman rekonèt kòm moun ki ansanm pou viza pou fanmi yo.
Kategori viza preferans fanmi yo
Sitwayen ameriken yo kapab aplike pou manm fanmi pwòch yo vin jwenn yo epi y ap trete demann yo jan yo resevwa yo a. Lòt manm fanmi sitwayen ameriken yo ak manm fanmi moun ki gen Green Card yo dwe tann viza preferans fanmi yo disponib. Gen plizyè kategori preferans diferan.
Kategori preferans |
Moun ki fè demand |
Benefisyè |
Kantite viza yo |
---|---|---|---|
Premye preferans (F1) |
Sitwayen Ameriken |
Timoun ki pa marye (21+) |
23,400 |
Dezyèm preferans (F2A) |
LPR |
Mari /madanm ak timoun minè (ki poko gen 21) |
87,934 |
Dezyèm preferans (F2B) |
LPR |
Timoun granmoun ki pa marye (21+) |
26,266 |
Twazyèm preferans (F3) |
Sitwayen Ameriken |
Timoun marye (21+) |
23,400 |
Katriyèm preferans (F4) |
Sitwayen Ameriken |
Frè ak sè yo |
65,000 |
Gen yon total 226,000 viza preferans fanmi ki disponib chak ane. Ou kapab verifye disponibilite yo nan bilten viza a.
Yo aktyalize bilten viza a chak mwa e li afiche delè tretman aktyèl yo. Ou kapab kontinye nan etap annapre yo si dat depo demann ou an anvan dat ki endike a. Dat sa a se dat kote USCIS te resevwa aplikasyon w lan. Kolòn ki make “All Chargeability Areas Except Those Listed (Tout Zòn a Tarif yo Esepte Sa ki Endike yo)” se pou tout peyi esepte Lachin, End, Meksik, ak Filipin ki genyen pwòp kolòn pa yo.
Sonje, si ou se yon sitwayen ameriken, mari oswa madanm ou, paran ou, ak timoun ou ki genyen mwens pase 21 an pa oblije tann yon viza preferans fanmi.
Eiljibileite manm fanmi
Ni ou ni manm fanmi ou dwe reponn ak yon seri ekzijans pou aplike pou imigrasyon fanmi. Egzijans elijibilite yo diferan pou chak estati imigrasyon.
Manm fanmi ou ka pa elijib si yo:
- gen chans rive nan yon chaj piblik
- te komèt sèten krim
- gen sèten maladi kominikasyon
Kijan pou aplike
Aplike pou imigrasyon fanmi genyen de (2) gran pati.
Premyeman, ou dwe soumèt Fòm I-130 pou esponsorize manm fanmi an pou li jwenn yon Green Card. Fòm sa a sèvi pou montre oumenm ak moun nan se fanmi epi ou kalifye pou imigrasyon fanmi. Yon demann ki apwouve pa bay okenn avantaj. Li sèlman bay yon plas pami demann viza y ap trete yo.
Dezyèman, manm fanmi ou dwe aplike pou yon ajisteman estati oswa ale nan konsila Sa depann de si yo deja andedan Ozetazini oswa nan yon lòt peyi.
- Si manm fanmi ou andedan Etazini, yo kapab aplike pou yon ajisteman estati lè yon viza disponib. Sa fèt ak Form I-485.
- Si manm fanmi ou andeyò Etazini, National Visa Center (NVC) “Sant Nasyonal pou Viza” ap trete aplikasyon yo a pou yon viza imigran. Sa rele trètman konsilè. Manm fanmi an pa bezwen ranpli Form I-485.
Nan kèk sikonstans, ou kapab an mezi pou ranpli Fòm I-130 ak I-485 an menm tan. |
Etap pou aplike pou manm fanmi an deyò Etazini
1. Soumèt Fòm I-130 pou chak manm fanmi. W ap bezwen bay dokiman ki pwouve estati imigrasyon ou ak relasyon familyal ou.
2. Jwenn apwobasyon nan USCIS. Petisyon w lan dwe apwouve anvan ou ka kòmanse pwosesis viza a.
3. Kòmanse pwosesis viza. NVC ap revize ka ou a epi asire ou te bay tout dokimantasyon nesesè pou entèvyou w la.
Si w ap aplike pou yon viza pou manm fanmi ki pa imedya ou dwe tann li disponib anvan sou bilten viza.
4. Peye frè pwosesis yo nan yon bank ki baze Ozetazini. W ap bezwen peye Frè Pwosesis Aplikasyon Visa Imigran an ak Frè Deklarasyon sou Sèman pou Sipò.
5. Aplike Fòm I-864. Sa montre w ka finansyèman sipòte manm fanmi ou. Ou pral bezwen gen ladan dokiman ki montre revni w yo.
6. Ranpli Fòm DS-260. Manm fanmi w dwe ranpli aplikasyon viza sou entènèt sa a. Yo dwe bay kèk dokiman tankou yon sètifika nesans oswa dosye lapolis. Sa gen ladann tradiksyon sètifye pou dokiman ki pa an Anglè.
7. Pase yon egzamen medikal. Yon doktè anbasad la apwouve dwe egzaminen manm fanmi w lan. Yo dwe konplete tout vaksen yo egzije anvan entèvyou yo a.
8. Rasanble dokiman yo pou entèvyou a. Vin ak foto e dokiman eta sivil yo ranpli ak NVC a pou entèvyou a.
9. Pase yon entèvyou. Manm fanmi w lan pral pase entèvyou a nan yon Anbasad oswa Konsila Ameriken. Ajan an pral poze w kesyon sou aplikasyon an pou deside si ou kalifye pou yon viza imigran.
10. Jwenn yon desizyon. Ofisye konsila a pral apwouve, refize, oswa mete aplikasyon yo an atant pou plis prèv. Si aplikasyon yo apwouve, yo pral jwenn enfòmasyon sou ki jan paspò yo ak viza yo pral retounen ba yo ak pwochen etap yo.
11. Peye yon frè imigran. Si manm fanmi w apwouve pou yon viza, yo dwe peye yon frè imigran pou trete viza yo ak Green Card yo.
12. Vwayaje nan Etazini Ou dwe rive nan peyi Etazini pa pita pase dat ekspirasyon an sou viza ou. Li anjeneral valab pou 6 mwa. Lè yo fin rive, ou pral revize pou admisyon ofisyèl nan Etazini.
Jwenn èd jiridik
Li enpòtan pou jwenn konsèy legalpou konprann opsyon w yo pou imigrasyon familyal. Òganizasyon ak avoka yo ka ede w konplete aplikasyon w lan. Avoka ak reprezantan imigrasyon ki travay pou òganis ki pa pou fè lajan ki resevwa akreditasyon “Board of Immigration Appeals” ka ofri depans ki mwen chè ak plis sèvis ki fyab. Apran ki fason pou jwenn èd legal.
Si yon moun mande w pou peye yo anpil lajan pou mennen yon manm fanmi w isi a, ou dwe chache yon lòt opinyon. Kèk moun ka eseye fè magouy pou di w yo ka mennen manm fanmi w ki pa nan kategori ki elijib yo, tankou yon kouzen, granparan, matant, oswa tonton.

Konnen ki jan yo pwoteje tèt ou kont move ak fo sit entènèt. Aprann sa pou w fè si w te viktim fwod.
Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USCIS, the Department of State, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.