Pataje

Gid ou pou viza ameriken an: tip yo ak egzijans yo

Ou ka bezwen yon viza pou vwayaje ale USA. Aprann plis sou tip viza ameriken ki disponib epi kiyès w ap bezwen. Li sou fason pou aplike epi prepare pou entèvyou w la.


Kisa yon viza ye?

Yon viza se yon dokiman ofisyèl ki pèmèt sitwayen etranje yo vwayaje pou antre Ozetazini pou yon objektif espesifik. Yon poze oswa mete yon viza sou paspò oswa dokiman vwayaj yon moun. Yon viza endike kantite fwa moun k ap vwayaje a kapab antre Ozetazini ak kantite jou li kapab rete.

Vwayaje Ozetazini san yon viza

Se pa tout moun k ap vwayaje Ozetazini ki bezwen yon viza. Pwogram Ekzanpsyon Viza (VWP) a pèmèt sitwayen nan 40 peyi vwayaje san yon viza. Ou dwe reponn ak kondisyon sa yo:

  • Ou dwe yon sitwayen oswa fèt nan 40 peyi sa yo
  • Genyen yon paspò ki valid pou omwen 6 mwa apati dat ou planifye pou w vwayaje Ozetazini an.
  • Genyen yon Sistèm Elektwonik pou Otorizasyon Vwayaj (ESTA) ki valid
  • Ou dwe ap vwayaje pou biznis oswa touris
  • Planifye pou w rete Ozetazini pandan 90 jou oswa mwens

Kategori viza ameriken yo

Genyen de 2 kategori viza: 

Viza pou moun ki pa imigran se pou moun k ap vizite Etazini pandan yon ti tan. 

Viza imigran se pou moun ki prale Ozetazini pou rete. 

Tip viza pou moun ki pa imigran

Majorite viza pou moun ki pa imigran yo se pou vwayajè entènasyonal pou biznis ak touris, etidyan, travayè tanporè, ak vizitè echanj yo. 

Kategori Viza
Pou
Egzijans yo
Fòm
Frè
Viza pou vizitè(viza biznis (B-1 oswa VWP), viza touris (B-2 oswa VWP), tretman medikal (B oswa VWP)
Biznis, plezi oswa touris, ak tretman medikal pou yon ti bout tan
Pwouve ou gen mwayen pou w kouvri tout depans pou vwayaj ou a
$160
Pwogram akademik oswa vokasyonèl pou etidyan nan lòt peyi
Pwouve akseptans nan yon pwogram akademik oswa vokasyonèl
$160
Viza pou travayè tanporè(H-1B, H1B1, H-2A, H-2B, H-3, L, O, P-1, P-2, P-3, Q-1)
Travay pou yon ti bout tan
Demann Fòm I-129 apwouve 
$190
Viza imanitè (viktim trafik moun (T), viktim krim (U)
Viktim trafik moun ak lòt krim 
Gen volonte pou ede fòs lòd yo ankete sou krim yo oswa angaje pouswit lajistis
$0
Mari oswa madanm sitwayen ameriken k ap antre Ozetazini pandan yap tann yon viza imigran
Demann Fòm I-129 apwouve, prèv maryaj ou a vrè ak soutyen finansye 
$265
Fiyanse sitwayen ameriken k ap antre Ozetazini pou maryaj
Demann Fòm I-129 apwouve, prèv relasyon an 
$265
Diplomat, ofisyèl gouvènman yo, ak anplwaye k ap travay pou òganizasyon entènasyonal oswa NATO
Nòt diplomatik oswa lòd misyon
$0

Tip viza imigran

Majorite viza imigran yo se pou manm fanmi sitwayen ameriken ak LPR yo epi viza pou travay yo annapre. 

Viza
Pou
Egzijans yo
Fòm
Frè
Viza pou fanmi (IR1, CR1, IR3, IH3, IR4, IH4, IR2, CR2, IR5, F1, F3, F4, F2A, F2B)
–Yon mari oswa madanm, fiyanse, timoun, paran, oswa yon frè oswa sè yon sitwayen ki genyen 21 lane oswa plis.– Yon mari oswa madanm oswa yon timoun ki pa marye ki pou yon LPR ameriken 
Prèv soutyen finansye 
$325
Viza pou anplwayè(E1, E2, E3, Ew3, SD, SR, SI, SQ, C5, T5, R5, I5)
Travayè priyoritè yo, pwofesyonèl ki genyen diplòm etid avanse yo, travayè kalifye yo, pwofesyonèl yo, travayè ki pa kalifye yo, travayè relijye yo 
Apwobasyon sètifikasyon DOL, demann Fòm I-140 apwouve, prèv òf travay, prèv soutyen finansye
$345
Afganè gouvènman ameriken an te anplwaye oswa ki t ap travay sou non gouvènman ameriken oswa kite travay ak lame amerikèn kòm tradiktè oswa entèprèt.
Prèv anplwa pou pi piti 12 mwa, lèt rekòmandasyon anplwayè
$435
Moun ki soti nan peyi deziyen pou viza divèsite.
Prèv edikasyon segondè oswa 2 lane esperyans travay
$330
Rezidan sou kondisyon oswa pèmanan ki te kite Etazini pandan plis pase yon lane 
Kat rezidan pèmanan, pèmi pou re-antre
$180

Jwenn yon lis konplè viza imigran ak viza pou moun ki pa imigran

Pou ki tip viza mwen ta dwe aplike? 

Chak viza gen rapò ak yon gwoup e yon objektif vwayaj espesifik. Itilize zouti Asistan Viza Depatman Eta a pou w konnen pou ki tip viza ou ta dwe aplike. 

Kontakte Anbasad oswa Konsila Ameriken nan peyi w la pou kesyon konsènan ki sèvis viza yp ofri ak egzijans yo.

Kòman mwen kapab aplike pou yon viza?

Swiv enstriksyon yo pou ranpli chak fòm. Prepare pou peye frè ak bay dokiman sipò. Jwenn plis etap an detay sou viza pou fanmi yo.

Kòman mwen kapab verifye estati aplikasyon mwen an?

Ou kapab verifye estati aplikasyon w lan sou entènèt atravè Sant Aplikasyon Elektwonik Konsila (CEAC). W ap bezwen tape ladan nimewo dosye ou. 

Ou kapab verifye tou tan datant pou entèvyou pou viza yo pou anbasad oswa konsila nan peyi w la.

Kòman mwen kapab prepare pou entèvyou viza a? 

Jeneralman, entèvyou pou viza pou moun ki pa imigran obligatwa pou aplikan ki genyen ant 14 ak 79 lane. Entèvyou pou viza imigran yo obligatwa pou tout aplikan k ap antre ozetazini. 

Prepare w pou entèvyou w la. W ap bezwen pote avèk ou paj konfimasyon demann viza w la, resi pèman frè demann lan, ak paspò ou nan entèvyou w la. Ou ka bezwen pote avèk ou tou foto ou ak dokiman pou vwayaj ou yo. 

Aplikan pou viza imigran yo ap bezwen pase yon egzamen medikal tou. 

 Patisipe nan entèvyou w la nan anbasad oswa konsila ameriken an. Ofisye konsil la ap pran eskanerizasyon anprent dwèt ou nan entèvyou a. Ofisye a ap poze ou kesyon pou li kapab deside si ou kalifye pou yon viza. Si ou bezwen yon entèprèt, règleman yo varye selon kote a. Mande sa alavans. 

Kòman m ap jwenn desizyon pou viza mwen an?

Nan anpil ka, ofisye konsil la ap enfòme ou sou desizyon demann ou an nan fen entèvyou w la. 

Si demann viza w la apwouve, ofisye a ap depoze yon viza sou paspò w la. W ap jwenn enstriksyon sou kilè ak kòman paspò w la ap retounen vin jwenn ou. Ou ka genyen opsyon pou w pase pran paspò w la nan yon lòt jou oswa ou ka fè yo livre l lakay ou. Lè sa ou ta dwe:

  1. Rasire ou enfòmasyon ki sou viza w la kòrèk. 
  2. Peye frè viza a nan USCIS anvan ou vwayaje pou w antre Ozetazini.

Si demann viza w la rejte, ofisye a ap eksplike ou pou ki rezon ou pa elijib pou w antre Ozetazini. Si ou pa elijib pou yon viza, ou ka anmezi pou w aplike pou yon renonsyasyon. Ofisye a ap fè w konnen si genyen yon renonsyasyon disponib ak kòman w ap kapab aplike pou li. 

Si demann viza w la annatant, sa vle di y ap bezwen etidye dosye w la toujou. Ofisye a ka di w ou gen dokiman ki manke oswa mande ou plis prèv.

Kòman mwen kapab pwolonje sejou mwen an? 

Ou kapab depoze Fòm I-539, Demann pou Pwolonje/Chanje Estati Non-Imigran pou pwolonje sejou w Ozetazini. Ou ta dwe fè demann pwolongasyon an pou pi piti 45 jou anvan viza w la espire. Ou kapab itilize tou fòm sa a pou w chanje estati non-imigran w lan. Ou kapab soumèt aplikasyon w lan sou entènèt oswa pa lapòs. 

Pa ki lòt mwayen moun kapab vwayaje (oswa rete) Ozetazini? 

Etazini ofri pwogram imanitè ki pèmèt yon seri moun vwayaje epi rete Ozetazini pandan yon bout tan oswa pou tout tan.

Yon avoka imigrasyon oswa yon reprezantan lajistis kapab ede ou etidye opsyon ou yo. Anpil òganizasyon ak avoka ofri sèvis legal gratis oswa bon mache.


Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USA.gov, USCIS, the Department of State, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.

Pataje