Resous pou imigran andikape yo 

Mizajou mwa Out 7, 2024
Paj sa a te tradui pwofesyonèl pa yon moun. Aprann plis
Èske ou se yon imigran ki gen yon andikap ki ap viv nan peyi Etazini? Jwenn enfòmasyon ak sipò pou imigran ki gen andikap ak pou fanmi yo. Aprann sou lwa, dwa, ak avantaj ki lye ak andikap nan peyi Etazini. Konnen kòman pou fè yon kontestasyon si ou sibi diskriminasyon oswa abi.

Kisa yon andikap ye?

Yon andikap se yon kondisyon fizik oswa mantal ki fè li difisil pou ou fè aktivite chak jou yo. Li ka afekte fason ou pran swen tèt ou, pale ak fanmi ou oswa zanmi ou, ale lekòl, oswa travay.

1 nan 4 adilt gen yon andikap nan peyi Etazini. Se pa tout andikap ki fasil pou wè. Gen plizyè diferan tip andikap, tankou pwoblèm pou mache, panse, viv sèl, tande, oswa wè. Andikap ka gen ladan tou difikilte pou abiye oswa benyen.

Imigran ki gen andikap

Si ou se yon imigran k ap viv avèk yon andikap, ou ka fè fas ak anpil difikilte tankou:

  • Sentòm fizik ak mantal
  • Diskriminasyon ak estigma
  • Enkyetid konsènan estati imigrasyon
  • Laperèz pou yo kenbe yo an detansyon oswa depòte yo
  • Aksè limite nan asirans sante
  • Aksè limite nan sèvis medikal
  • Mank aksè nan kèk avantaj piblik
  • Mank aksè nan espas prive ak piblik yo
  • Yo pa ofri sèvis yo nan plizyè lang

Menm avèk difikilte sa yo, gen anpil resous ak moun ki ka ede w viv yon meyè lavi nan peyi Etazini.

Lwa ak dwa moun ki andikape

Lwa Ameriken ki Andikape yo (Americans with Disabilities Act, ADA) se yon lwa federal ki pwoteje dwa moun ki gen andikap yo. Li sispann diskriminasyon epi asire w ke moun ki gen andikap gen menm opòtinite yo ak tout lòt moun. Lwa sa a aplike pou nenpòt moun ki gen yon andikap, pa gen pwoblèm estati imigrasyon yo.

Gen diskriminasyon lè yon moun trete w yon fason ki enjis akòz andikap ou, laj, kote w fèt, ras, relijyon, idantite gwoup, oswa oryantasyon ou.

Anpil gwoup gen objektif pou yo asire yo moun ki gen andikap ka itilize sèvis yo tankou tout lòt moun. Sa gen ladann:

  • Biznis yo
  • Anplwayè yo
  • Founisè lojman
  • Sistèm transpò piblik yo
  • Lekòl ak inivèsite yo
  • Gouvènman eta ak lokal yo
  • Konpayi telefòn yo

Si ou gen yon andikap, ou gen dwa pou:

  • Pa di anplwayè w la ou gen yon andikap lè ou aplike pou yon travay oswa apre ou fin anplwaye.
  • Mande pou amannman rezonab oswa chanjman nan travay ou pou ou ka gen yon chans reyisit ki egal.
  • Fè chanjman nan apatman ou oswa kay ou pou rann li pi fasil pou ou deplase.
  • Antre ak bèt sèvis ou nan kay ou epi nan nenpòt biznis ak espas piblik, menm si yo gen yon politik kont bèt domestik.
  • Vote nan kote ki gen biwo vòt ak machin pou vòt ki aksesib pou ou.
  • Jwenn aksè nan sèvis andikap ak avantaj kèlkeswa estati imigrasyon ou.

Siyale ka diskriminasyon ak abi

Si yo te trete w yon fason ki enjis akòz andikap ou, ou ka pote yon plent bay gouvènman federal la. Kontakte Komisyon Opòtinite Egal nan Travay (EEOC) pou pwoblèm travay oswa Depatman Lojman ak Devlopman Iben (HUD) pou pwoblèm lojman.

Si ou te fè eksperyans abi akòz andikap ou, ou ka rapòte sa bay ajans sèvis sosyal leta w la. Y ap kenbe enfòmasyon w yo konfidansyèl.

Kontakte liy enfòmasyon ADA a si ou gen kesyon. Ou kapab tou rive jwenn soti nan yon avoka pou èd legal.

Jwenn sipò pou andikap ou

Si ou gen yon andikap, ou ka mande pou amannman pou ede satisfè w bezwen ou yo. Yon amannman se yon chanjman ki pèmèt ou jwenn aksè ak patisipe konplètman nan yon aktivite oswa espas. Ou ka benefisye amannman nenpòt kote, tankou lojman, espas travay, lekòl ak inivèsite, biwo gouvènman an, espas piblik, transpò, ak sèvis telefòn.

Men kèk egzanp sou amannman andikap:

  • Chanjman fizik: asansè, ba eskalye, balistrad, ranp, pòt ki pi laj, ak plas pakin ki rezève
  • Teknoloji asistans: lektè ekran aksesib ak lojisyèl òdinatè, klavye espesyalize ak souri, alam vizyèl, oswa aparèy vibrasyon
  • Kominikasyon aksesib: enfòmasyon nan lang siy ak plizyè lang, soutitre, materyèl odyo, Braille, oswa gwo ekri ak lèt detache, endis vizyèl oswa ekri
  • Chanjman règleman: travay fleksib oswa orè lekòl ki fleksib, plis tan pou travay ak pase egzamen, aksè pou jwenn bèt sèvis

Kijan pou mande yon amannman

Si ou bezwen yon amannman pou andikap ou, ou ka mande èd nan biwo oswa gwoup ki ka fè chanjman pou ou an. Sa kapab se founisè lojman ou, patwon, lekòl, oswa ajans sèvis sosyal ou a. Ou ka mande yon amannman nenpòt ki lè.

Ou ka fè demann ou an pèsòn, nan telefòn, oswa alekri, oswa atravè TTY. Gen kèk biwo tou ki pèmèt ou fè yon demann an liy.

Ou pa bezwen mansyone ADA oswa itilize ekspresyon “amannman rezonab” la. Senpleman eksplike ou bezwen yon chanjman ki gen rapò ak yon kondisyon medikal. Pale klè sou kalite èd ou bezwen an.

  • Lojman: Mande nenpòt moun k ap travay pou founisè lojman ou a. Gen kèk founisè lojman yo gen kowòdonatè amannman ki ka ede ou.
  • Anplwayè: Fè patwon ou konnen ou bezwen yon chanjman nan travay ou akòz kondisyon medikal ou.
  • Edikasyon: Kontakte biwo lekòl ou alavans pou diskite sou amannman w bezwen an.
  • Biznis yo: Pale ak yon manadjè oswa reprezantan sèvis kliyantèl.
  • Transpò piblik: Kontakte founisè sèvis transpò ou a.
  • Imigrasyon: Pou U.S. Citizenship and Immigration Services, fè demann pou amannman an liy oswa rele Sant Kontak USCIS la pou jwenn èd.
  • Sèvis sosyal: Kontakte ajans sèvis sosyal ou a dirèkteman.
  • Swen sante: Pale ak anplwaye pwofesyonèl swen medikal ou.

Nan kèk ka, yo ka mande ou bay dokiman ki pwouve andikap ou. Sa a ka gen ladan yon nòt doktè oswa lòt dosye medikal. Ou gen dwa ak konfidansyalite. Ou pa oblije pataje detay espesifik sou andikap ou sof si li gen yon enpak dirèk sou sa w ap mande a.

Si yon moun ofri ou èd oswa yon amannman, ou gen opsyon pou aksepte oswa rejte li. Ou ka refize nenpòt asistans si ou santi li pa itil. Se pa tout moun ki gen yon andikap ki bezwen menm aranjman an.

Kontakte liy enfòmasyon ADA a si ou bezwen èd pou mande yon amannman.

Avantaj andikap

Gouvènman ameriken an ofri avantaj piblik pou moun ki gen andikap jwenn aksè ak sèvis enpòtan. Pwogram sa yo gen kondisyon espesifik pou kalifikasyon ak tan.

Imigran kalifye, tankou refijye, moun k ap mande azil, moun ki gen Visa Espesyal pou Imigran, moun ki nan pwogram imanitè, ak viktim trafik moun yo ka jwenn avantaj sa yo. Rezidan pèmanan legal yo (moun ki gen Green Card) ka jwenn menm avantaj sa yo menm jan ak sitwayen Ameriken yo. Moun ki pa gen papye ak lòt imigran yo pa kalifye pou pifò avantaj piblik yo.

Asirans Enfimite Sekirite Sosyal (SSDI)

SSDI bay revni pou moun ki gen yon andikap ki sispann oswa limite kapasite yo pou yo travay pou yon ane oswa plis. Peman ou chak mwa depann de istwa travay ou. Ou pral jwenn kouvèti asirans sante tou atravè Medicare.

Revni Sekirite Siplemantè (SSI)

SSI se pou moun ki gen ti revni oswa sa ki pa gen revni ditou yo epi mete sou sa yo gen yon andikap (oswa si ou gen 65 pou pi piti). Li pa mande pou ou gen yon istorik travay. Montan peman chak mwa an ka varye selon revni ou, resous ou, ak sitiyasyon w ap viv la.

Pou aplike pou SSDI oswa SSI, ranpli yon aplikasyon an liy. Ou ka rele liy asistans SSI a tou nan 1-800-772-1213. W ap pran yon randevou pou ranpli aplikasyon w lan. Ou bezwen sèlman yon aplikasyon pou aplike pou avantaj sa yo.

Medicaid ak Medicare

Medicaid bay asirans sante gratis oswa a ba pri pou moun ki gen andikap. Pifò imigran dwe rete tann 5 lane apre yo fin resevwa estati imigrasyon pou yo aplike pou Medicaid. Refijye yo ak moun k ap mande azil yo pa oblije tann.

Pou aplike pou Medicaid, ranpli yon aplikasyon nan Marketplace Asirans Sante a. Ou ka tcheke ajans Medicaid eta w la tou pou enfòmasyon sou kalifikasyon ak kijan pou aplike.

Medicare bay asirans sante gratis oswa nan yon pri ki ba pou granmoun ki gen 65 pou pi piti ak moun ki gen andikap ak maladi grav yo. Si ou jwenn avantaj andikap Sekirite Sosyal, ou pral benefisye Medicare otomatikman apre 24 mwa.

Pou aplike pou Medicare, ranpli aplikasyon an liy Medicare la. Ou ka enskri pou Medicare lè ou enskri nan avantaj Sekirite Sosyal la oswa lè w pran retrèt. Rele liy Medicare la nan 1-800-633-4227 pou jwenn èd.

Emergency Medicaid peye pou sèvis ijans, sa ki vle di sèvis lè w entène lopital la. Emergency Medicaid disponib pou imigran yo pa konsidere kòm "non-sitwayen ki kalifye" men ki satisfè tout lòt règleman sou revni ak rezidans nan eta a. Imigran san papye yo ka benefisye Medicai ijans lan.

Si ou gen yon andikap epi ou pa kalifye pou avantaj andikap, ou kapab aplike pou asirans sante nan marketplace ACA a. Ou ta dwe kalifye si ou se yon sitwayen ameriken, yon moun ki gen rezidans, oswa yon moun ki gen yon estati imanitè (Estati Pwotejeksyon Tanporè, azil, Konvansyon Kont Tòti, viktim trafik, oswa DACA).

Lojman piblik

Si ou gen yon andikap epi ou bezwen èd pou jwenn yon kote ki abòdab pou viv, ou kapab aplike pou lojman piblik oswa sibvansyone (pri ki ba) oswa bon pou lojman (asistans lwaye). Avantaj lojman sa yo disponib pou refijye ak moun ki mande azil, moun ki nan pwogram imanitè, ak moun ki benefisye sispansyon depòtasyon.

Si w pa gen papye oswa ou gen estati imigrasyon tanporè, ou pa kalifye pou pwogram sa yo. Ou ka toujou viv ak yon manm fanmi ki nan pwogram nan epi ki gen estati imigrasyon legal.

Ticket to work

Ticket to Work ofri sèvis travay gratis bay moun ki gen andikap ki gen laj 18 rive 64 lane yo pou ede yo nan rechèch travay epi pou yo kapab gen eksperyans travay. Ou ka aplike si ou resevwa avantaj SSI oswa SSDI pou andikap. Ou ka kontakte liy asistans Ticket to Work la nan 1-866-968-7842 oswa 1-866-833-2967 (TTY).

Teknoloji Asistans

Anpil eta pèmèt ou prete resous teknoloji asistans yo gratis. Ou ka kontakte pwogram AT ki nan eta ou a pou plis enfòmasyon.

Jwenn enfòmasyon sou plis avantaj piblik ak sèvis ORR pou refijye, moun ki ap chèche azil, ak lòt imigran. Ajans sèvis sosyal lokal ou a kapab reponn nenpòt kesyon ou genyen. Benefits.gov bay lis avantaj ki genyen nan chak eta.

Jwenn èd

Sonje mande èd si ou bezwen sa. Anpil òganizasyon kominotè bay sèvis ak sipò pou moun ki gen andikap, sa ki vle di imigran tou. Òganizasyon sa yo ka ede avèk èd legal, swen sante, lojman, ak travay. Si ou se yon moun kap bay swen, òganizasyon sa yo gen posibilite pou yo kapab pataje resous yo.

Òganizasyon
Ofri
Fòmasyon sou defans, estaj, mentorship, bousdetid, ak sant karyè pou moun ki gen andikap
Sipò espesyalis sou sijè ki an rapò ak ADA tankou amannman nan travay, lojman, ak lekòl
Sèvis ak sipò pou moun ki gen andikap entelektyèl ak devlopmantal
Defans ak sèvis pou moun ki gen andikap yo
Defans legal, fòmasyon, ak edikasyon pou moun ki gen andikap
Defans legal pou moun ki gen andikap

Zouti Aksè

Gen zouti aksè ki ede moun ki gen andikap navige sou entènèt la. Anpil nan zouti sa yo deja entegre nan aparèy mobil ou ak òdinatè w. Fè rechèch opsyon aksè ki gen nan paramèt sistèm ou pou wè ki fonksyonalite ki disponib.

Ou kapab jwenn aksè nan zouti gratis tou tankou:

  • Orca Screen Reader: itilize kòmand klavye yo pou li byen fò kontni ki sou ekran an
  • NonVisual Desktop Access: li tèks ki sou ekran an nan yon vwa elektwonik
  • Mercury Reader: yon ekstansyon navigatè an ki retire anons ak distraksyon epi ki ajiste gwosè tèks ak kontras yo.
  • ColorZilla: yon ekstansyon navigatè an ki ede ak idantifikasyon koulè epi ak ajisteman
  • AtBar: yon zouti navigatè a ki ede ajiste aparans paj wèb ak kapasite pou li sa k ekri ladan l
  • MyStudyBar: Yon koleksyon pwogram lojisyèl ki disponib pou tout moun pou moun ki soufri disleksi
gason ke yo ap konsole
Ou santi w tris oswa enkyete?

Ou pa poukont ou. Aprann sou sante mantal ak kijan pou jwenn èd. Jwenn sèvis ak sipò pou imigran yo.

Jwenn èd

Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann e ki ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy legal.