Find resous sante mantal pou imigran ak refijye
Anpil moun ap konfwonte pwoblèm sante mantal. Li komen nan peyi Etazini pou jwenn èd ak tretman. Se pa yon rezon pou jennen oswa pou pè. Aprann plis sou diferan kalite tretman ak resous sou sante mantal pou imigran yo.

Konprann sante mantal la
Sante mantal se sante ou sou sa ki gen awè ak byennèt mantal ou, emosyonèl ou, ak sosyal ou. Byennèt se yon santiman konfò, an sante, epi kontan. Sante mantal kapab rele tou byennèt mantal.
Maladi mantal se yon kondisyon sante ki afekte panse ou, santiman ou, konpòtman ou, ak sante fizik ou. Maladi mantal kapab rele tou twoub mantal.
Maladi mantal yo fè pati kondisyon sante ki pi kouran Ozetazini. Anpil faktè ak esperyans kapab afekte sante mantal ou. Sa gen ladan byoloji, antesedan familyal, ak esperyans lavi. Pandemi COVID-19 la te ogmante enkyetid ak depresyon lakay tout moun patou nan monn lan.
Imigran yo ak refijye yo ki te sibi abi, pèt, ak lagè kapab genyen pwoblèm sante mantal. Nou ka konprann sa. Lè ou pa ka jwenn edikasyon, travay, lojman, resous lasante, ak sipò kominotè, sa kapab afekte sante mantal ou tou.
Siy maladi mantal yo
Tip maladi sante mantal kouran yo se enkyetid, depresyon, ak twoub estrès apre twomatis. Maladi mantal yo kapab lakoz doulè fizik ak emosyonèl ansanm avèk chanjman nan konpòtman tou. Yo kapab rann li difisil pou ou pou w regle aktivite ou konn fè chak jou yo.
Sentom yo kapab diferan lakay chak moun, men siy komen yo se:
- Gwo santiman tristès, kolè, oswa laperèz
- Grangou anpil oswa pèt apeti
- Pa ka dòmi
- Absans oswa mank enèji
- Genyen doulè kwonik
- Pwoblèm konsantrasyon
- Panse pou w fè tèt ou mal
- Panse oswa souvni ou pa vle
- Pa enterese nan aktivite yo
- Chanjman nan lekòl, travay, oswa aktivite sosyal yo
Ou kapab jwenn asistans si w ap fè fas ak sentom sa yo. Ou pa bezwen wont pou sa. Li kapab difisil pou yon seri moun pale de sante mantal yo, sitou si se pa yon bagay ou te fè depi nan peyi kote w soti a.
Sante mantal ou enpòtan menm jan ak sante fizik ou. Pale de sante mantal ou se premye etap nan gerizon an. Jwenn tretman kapab ede ou santi w mye epi amelyore kalite lavi ou.
Tip tretman yo
Tip tretman w ap jwenn yo pral depann de esperyans ak bezwen ou. De 2 tip tretman sante mantal ki pi kouran yo se:
Terapi
Sikoterapi oswa terapi nan pale se tip ki pi kouran an. Ou kapab pale ak yon terapet poukont ou oswa nan yon gwoup. Lòt fòm terapi yo se atizay, mizik, ak dans terapi.Medikaman
Yo souvan preskri medikaman ansanm ak terapi a.
Kiyès ki kapab ofri tretman
Founisè sèvis yo ki fòme pou trete maladi mantal yo Ozetazini se:
- Pwofesyonèl premye swen yo lisansye pou trete pwoblèm sante jeneral yo e yo kapab preskri medikaman.
- Sikyatris yo se doktè medikal ki lisansye pou verifye pwoblèm sante mantal yo, bay terapi, epi preskri medikaman.
- Sikològ yo se pwofesyonèl lisansye ki pou teste pwoblèm sante mantal yo epi bay terapi. Sikològ pa kapab preskri medikaman.
- Travayè sosyal yo lisansye pou yo evalye epi trete pwoblèm sante mantal yo.
- Konseye yo ak terapet yo lisansye pou yo bay terapi.
- Kanmarad espesyalis yo se pwofesyonèl ki konnen pwoblèm sante mantal yo e yo fòme pou yo bay sipò emosyonèl.
Pwofesyonèl sante mantal yo ka travay avèk yon seri gwoup espesifik, tankou imigran yo, refijye yo, timoun, ak fanmi. Yo ka fòme tou nan domenn ki espesifik e yo ka fokis sou depresyon, alkòl, adikte nan dwòg, oswa twomatis.
Kòman pou jwenn sèvis sante mantal
Gen plizyè mwayen pou w kapab chèche sèvis sante mantal.
Kòmanse pa kontakte doktè premye swen w lan si ou genyen youn. Yo kapab depiste w pou twoub mantal yo epi refere ou bay yon espesyalis sante mantal.
- Verifye si asirans sante w la kouvri swen sante mantal la.
- Aprann kòman ou kapab jwenn yon doktè premye swen.
Mande ajans reyentegrasyon nan lokalite w la. Yo kapab fè w jwenn asistans pou sante mantal ki nan zòn ou an. Biwo pou Reyentegrasyon Refijye ofri sèvis sante mantal ak sipò pou gwoup annapre yo:
- Refijye ak azile
- Kiben/Ayisyen ki antre
- Detantè Viza Imigran Espesyal yo (SIV)
- Ameriken azyatik
- Viktim trafik moun
- Moun ki te sibi tòti
- Timoun ki pa akonpanye
Verifye nan lekòl ou pou w wè si yo ofri sèvis sante mantal.
Chèche sèvis sante mantal sou entènèt.
Sitwèb | Ofri |
---|---|
lis resous sante mantal pa kòd postal oswa vil | |
lis sèvis gratis e bon mache pou imigran nan zòn ou an | |
lis sant ki bay sèvis sante jeneral ak sante mantal | |
ede jèn ki pa genyen dokiman yo jwenn sipò pou sante mantal | |
lis sèvis konsèy ki adapte selon kilti yo | |
lis resous sante mantal ak lòt resous pou imigran LGBTQ+ yo | |
resous pou Ameriken Mizilman | |
lis klinik ki ofri sèvis sante gratis oswa a ba pri | |
lis sèvis pou Ameriken Azyatik, Natif Awayen, ak Abitan Zile Pasifik | |
lis klinik ki trete pwoblèm sante mantal oswa konsomasyon dwòg | |
lis etablisman ki trete konsomasyon dwòg ak adiksyon | |
lis sèvis konsèy pou kominote Sidazyatik nan etazini. | |
lis sèvis konsèy pou kominote Latinx nan etazini. | |
lis sèvis gratis ak nan ba pri pou imigran ki pa gen dokiman | |
sèvis sante mantal ak sipò pou moun ki soti nan lagè epi ki te sibi tòti nan Arizona, Georgia, ak Minnesota | |
lis sèvis sante mantal nan Illinois pou kominote imigran |

Jwenn èd legal, kou anglè, klinik sante, sipò lojman, ak plis ankò. Chèche yon kat jeyografik lokal ak yon lis sèvis pou imigran nan peyi Etazini ak aplikasyon FindHello a.
Estati imigran w lan pa afekte kapasite ou pou w benefisye sèvis sante mantal yo. Ou pa gen egzijans pou w devwale estati imigrasyon ou bay pwofesyonèl swen lasante yo.
Liy asistans pou kriz
Liy asistans pou kriz yo ofri sipò gratis pou moun k ap fè fas ak yon kriz emosyonèl. Yo kenbe enfòmasyon ou yo konfidansyèl e yo pa pataje yo bay pèsonn. Dabitid, yo disponib pandan tout lè nan jounen an e chak jou nan semenn nan. Tout liy asistans sa yo se konseye ki fòme ki dèyè yo k ap tande epi bay asistans. Kèk nan yo ofri sipò nan plizyè lang.
Kontakte | Nimewo |
---|---|
988 (rele oswa ekri) | |
741741 (mesaj tèks) | |
(800) 985-5990 (rele oswa ekri) | |
(800) 422-4453 (rele oswa ekri) | |
(800) 799-7233 88788 (ekri START) | |
(888) 373-7888 (rele)233733 (mesaj tèks) | |
(800) 786-2929 (rele oswa ekri) | |
(800) 656-4673 (rele) | |
Liy asistans Nasyonal SAMHSA pou jwenn sèvis lokal | (800) 662-4357 |
(800) 852-8336 (rele)839863 (mesaj tèks) | |
Pwojè Trevor pou jenn moun LGBTQ yo | (866) 488-7386 (rele)678678 (mesaj tèks) |
988 (rele epi peze 1)838255 (mesaj tèks) |
Majorite liy sa yo genyen yon opsyon pou voye mesaj tèks sou entènèt tou. Vizite sitwèb yo a pou w verifye. Si w ap ekri sou youn nan liy sa yo, depi w ekri “hello” ou ta dwe jwenn yon moun.
Rele 911 si ou anfas yon danje. Di operatè a ou gen yon ijans sante mantal. Aprann plis sou kòman pou w rele lapolis.
Sipò kanmarad
Gwoup sipò kanmarad ansanm ak moun ki te viv menm esperyans yo. Nan gwoup sa yo, moun yo jwenn chans pou yo pataje eksperyans yo epi jwenn sipò nan men moun ki nan kominote yo a.
- Gwoup Sipò Byennèt Imigran k ap monte yo se pou gwoup ki pa gen dokiman yo, tankou Nwa yo, LGBTQ+ yo ak Latinx yo.
- Gwoup Sipò Koneksyon NAMI gratis e li pou tout moun ki gen yon pwoblèm sante mantal.
- Gwoup Sipò Familyal NAMI gratis e li pou manm fanmi ki gen pwòch yo ki gen pwoblèm sante mantal.
Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de mentalhealth.gov, NAMI, SAMHSA, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.