N-400 Aplikasyon Pou Natiralizasyon

Mizajou nan dat 16 septanm 2024
Paj sa a te tradui pwofesyonèl pa yon moun. Aprann plis
N-400 a, Aplikasyon pou Natiralizasyon se fòm ki itilize pou aplike pou sitwayènte Ameriken an. Aprann kijan pou ranpli li. Konprann kesyon li poze yo. Jwenn yon lis itil nan mo fòm ak siyifikasyon.

Ki sa N-400 la ye?

Fòm N-400 se aplikasyon w ranpli pou ou vin tounen yon sitwayen natiralize Ameriken an. Yo konnen li tou kòm natiralizasyon oswa aplikasyon pou sitwayènte. Li gen 14 paj ak 16 pati diferan ou dwe ranpli.

Natiralizasyon se pwosesis lè yon rezidan pèmanan legal vin yon sitwayen Ameriken.

Ki jan pou prepare

1. Asire w ke ou kalifye pou aplike pou vin yon sitwayen ameriken e ke Green Card ou valab.

2. Li enstriksyon yo ak anpil atansyon.

3. Kolekte tout dokiman yo mande yo pou w ka al gade yo pandan w ap ranpli aplikasyon w lan. Ou ka jwenn yon lis anba seksyon “Lis Kontwol Prèv inisyal yo”.

4. Deside si w bezwen asistans jiridik. Li se yon fòm ki long ak konplike. Li rekòmande pou w pale ak yon avoka. Gen òganizasyon ki ofri èd gratis, tankou Citizenshipworks.

5. Aprann siyifikasyon mo ak tèm difisil yo itilize nan Fòm N-400 lan.

Aplikasyon an te chanje nan mwa Avril 2024. Gid ILRC la ofri enfòmasyon sou ranpli nouvo fòm lan. Yo menm tou yo bay yon aplikasyon ak nòt pou ede w konprann chak kesyon.

Ranpli Fòmilè N-400 (an Anglè)

Ou pral an premye bezwen chwazi si w pral depoze aplikasyon an sou entènèt oswa pa lapòs.

Si w ap ranpli fòm nan sou Entènèt, w ap bezwen kreye yon kont sou sitwèb U.S. Citizenship and Immigration Services (USCIS) la. Ou ka travay sou aplikasyon an ak pwòp vitès pa w epi anrejistre li kòm yon bouyon sou entènèt jiskaske ou pare pou ou soumèt li. Gade videyo sa a pou enstriksyon sou fason pou aplike sou entènèt.

Si w ap voye aplikasyon w lan lapòs, ou ka itilize PDF Fòm N-400 ak swa:

  • Telechaje li epi tape repons ou yo.
  • Enprime li epi ekri nan repons ou yo.

Konsèy pou ranpli N-400 ou:

  • Non ou ta dwe matche ak Green Card ou.
  • Yon nimewo Adwe nan tèt chak paj.
  • Reponn chak kesyon sou fòm lan.
    • Ekri “N/A” pou pa aplikab si kesyon an pa konsène ou.
    • Ekri "okenn" pou repons ki gen zewo.
  • Reponn chak kesyon veritèman.
  • Si ou pa konnen repons pou yon kesyon, eksplike poukisa.
  • Mande yon moun pou revize tout repons ou yo.
  • Si w ap itilize yon aplikasyon papye:
    • Pa sèvi ak yon soulinyè oswa yon korektè.
    • Si w fè yon erè, rekòmanse ankò.
    • Pa bliye siyen aplikasyon an!
    • Sovgade yon kopi yon fwa ou fin ranpli l.
Si w bay manti oswa mal reprezante enfòmasyon sou aplikasyon ou, ka gen konsekans grav. Yo ka chaje w avèk yon krim, pèdi kapasite ou pou janm vin yon sitwayen, oswa menm depòte. N ap konpare repons ou yo ak dokiman anvan yo, tankou entèvyou lòt bò dlo ak deklarasyon taks.

Seksyon fòm N-400 yo

Fòm lan divize an 16 pati. Chak seksyon poze w kesyon sou diferan bagay.

Pati 1: Elijiblite
Pati 2: Ou (non, dat nesans, elatriye)
Pati 3: Enfòmasyon biyografik (ras, elatriye)
Pati 4: Rezidans
Pati 5: Istwa matrimonyal
Pati 6: Timoun
Pati 7: Travay ak lekòl (5 ane ki sot pase)
Pati 8: Vwayaj aletranje (5 ane ki sot pase)
Pati 9: Revizyon legal, menas ak kriminèl
Pati 10: Frè redui
Pati 11: Sètifikasyon ak siyati
Pati 12: Enfòmasyon sou entèprèt
Pati 13: Enfòmasyon sou preparateur
Pati 14: Enfòmasyon adisyonèl
Pati 15-16: Ranpli nan entèvyou

Aprann siyifikasyon mo ak tèm difisil yo

Li enpòtan pou w konprann mo ki sou Fòm N-400. Li pral ede w ranpli fòm nan kòrèkteman. L ap ede w tou prepare w pou entèvyou natiralizasyon an lè w ap mande w konsènan repons ou yo nan aplikasyon an.

Fòm dosye N-400

Enfòmasyon varye depann sou si w ap soumèt li sou entènèt oswa pa lapòs.

Si w ap soumèt aplikasyon an anliy, ou ka telechaje foto tout dokiman yo mande yo apati òdinatè, telefòn, oswa tablèt ou. Yo gen pou gide w pandan tout pwosesis la epi w ap gen opòtinite pou w se premye moun ki revize repons ou yo. Ou gen pou w founi yon siyati elektwonik anvan yo gide w pou w fè pèman an.

Si w ap soumèt pa lapòs, ou ta dwe voye fotokopi dokiman yo mande yo sof si yo te mande yon orijinal. Yo pral retounen original yo ba ou. Mete frè pou ranpli sitwayènte a. Revize konsèy USCIS pou depoze yo epi chèche adrès bwat USCIS ou a pou konnen ki kote pou voye li.

Bagay ou dwe sonje sou dokiman yo mande yo:

  • Tout dokiman nan yon lòt lang dwe tradwi nan lang Anglè pa yon tradiktè sètifye.
  • Si w ap chèche yon egzanpsyon pou andikap, mete Fòm N-648.
  • Si w ap viv andeyò peyi Etazini, ou dwe voye 2 foto paspò.

Kisa k ap pase apre ou fin ranpli

Si w soumèt sou entènèt, ou ka ouvri sesyon nan kont USCIS ou pou wè nimewo resi ou ak estati dosye a

Si w soumèt pa lapòs, USCIS ap voye yon avi resi apre yo fin resevwa aplikasyon w lan. Ou kapab verifye estati aplikasyon w lan sou entènèt lè ou tape nimewo resi w la. Ou ka jwenn tou estime tan pwosesis sou entènèt.

Ou gen pou w resevwa yon avi tou pou randevou biyometrik ou an pou yo pran anprent dwèt ou ak foto w. Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (U.S Citizenship and Immigration Services, USCIS) an gen pou l pwograme entèvyou natiralizasyon ou an apre li fin egzamine verifikasyon antesedan ou yo.

Si w chanje adrès ou apre w fin aplike, ou dwe enfòme USCIS nan entèval 10 jou. Ou ka chanje adrès ou a anliy. Chanjman adrès ou bò kote biwo lapòs la PA P chanje adrès ou bò kote USCIS. Si ou rate yon randevou paske avi a te ale nan move adrès la, li posib pou yo refize aplikasyon w lan oswa pou w rete tann pi lontan.

Pwochen: Aprann ki sa pou atann nan entèvyou natiralizasyon an ak tès la


Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USCIS, USA.gov, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.