Gid ou pou viza Etazini yo: tip yo ak kondisyon yo

Mizajou nan dat 3 septanm 2024
Paj sa a te tradui pwofesyonèl pa yon moun. Aprann plis
Ou ka bezwen yon viza pou vwayaje ale USA. Aprann plis sou tip viza ameriken ki disponib epi kiyès w ap bezwen. Li sou fason pou aplike epi prepare pou entèvyou w la.

Remak: Règleman imigrasyon ameriken yo ap chanje anba administrasyon Trump lan. Gen kèk nan enfòmasyon ki anba a ka pa ajou. Aprann sou chanjman aktyèl yo isit la.

Kisa-yon-viza-ye

Yon viza se yon dokiman ofisyèl ki pèmèt sitwayen etranje yo vwayaje pou antre Ozetazini pou yon objektif espesifik. Yon poze oswa mete yon viza sou paspò oswa dokiman vwayaj yon moun. Yon viza endike kantite fwa moun k ap vwayaje a kapab antre Ozetazini ak kantite jou li kapab rete.

echantiyon viza Ameriken

Èske mwen bezwen yon viza?

Se pa tout moun k ap vwayaje Ozetazini ki bezwen yon viza. Pwogram Ekzanpsyon Viza (VWP) a pèmèt sitwayen nan 40 peyi vwayaje san yon viza. Ou dwe reponn ak kondisyon sa yo:

  • Ou dwe yon sitwayen oswa yon nasyonal nan 40 peyi sa yo
  • Genyen yon paspò ki valid pou omwen 6 mwa apati dat ou planifye pou w vwayaje Ozetazini an.
  • Genyen yon Sistèm Elektwonik pou Otorizasyon Vwayaj (ESTA) ki valid
  • Fè vwayaj pou biznis oswa touris
  • Planifye pou w rete Ozetazini pandan 90 jou oswa mwens

Ki tip viza ameriken yo ye?

Genyen de 2 kategori viza:

  • Viza pou moun ki pa imigran se pou moun k ap vizite Etazini pandan yon ti tan.
  • Viza imigran se pou moun ki prale Ozetazini pou rete.

Viza-imigran-yo

Majorite viza pou moun ki pa imigran yo se pou vwayajè entènasyonal pou biznis ak touris, etidyan, travayè tanporè, ak vizitè echanj yo.

Viza
Tip
Pou
Kondisyon yo
Fòm(yo)
Frè yo
B-1, B-2
Biznis, plezi, touris, oswa tretman medikal pou yon kout peryòd tan
Pwouve ou gen lajan pou kouvri tout depans vwayaj ou
$185
F, M
Pwogram akademik oswa pwofesyonèl pou elèv entènasyonal yo
Pwouve akseptasyon nan yon pwogram akademik oswa pwofesyonèl
$185
H-1B, H-1B1, H-2A, H-2B, H-3, L, O, P-1, P-2, P-3, Q-1
Travay pou yon kout peryòd de tan
Apwouve Fòm I-129 petisyon
$205
T, U
Viktim trafik moun ak lòt krim
Dwe pre pou ede lalwa mennen ankèt sou oswa ede rezoud krim
$0
K-3
Konjwen sitwayen ameriken yo antre nan peyi Etazini pandan y ap tann yon viza imigran
Fòmile lèt I-129 apwouve; prèv ke maryaj ou a otantik epi li gen sipò ekonomik
$265
K-1
Fiyanse sitwayen ameriken pou vwayaje nan peyi Etazini pou yo marye
Fòmile lèt I-129 apwouve; prèv relasyon
$265
G, NATO / Òganizasyon Trete Nò Atlantik
Diplomat, ofisyèl gouvènman, ak anplwaye ki travay pou òganizasyon entènasyonal yo oswa OTAN
Nòt diplomatik oswa lòd vwayaj
$0

Tip viza imigran

Majorite viza imigran yo se pou manm fanmi sitwayen ameriken ak LPR yo epi viza pou travay yo annapre.

Viza
Tip
Pou
Kondisyon yo
Fòm(yo)
Frè yo
IR1, CR1, IR3, IH3, IR4, IH4, IR2, CR2, IR5, F1, F3, F4, F2A, F2B
Yon mari / madanm, fiyanse, timoun, paran, oswa yon frè /sè yon sitwayen ameriken ki gen 21 lane ak plis ke sa
oswa yon mari /madanm oswa pitit ki pa marye nan yon LPR ameriken
Prèv sipò finansye
$325

E1, E2, E3, EW3, E4, E5, Ew3, C5, T5, R5, I5, SD, SR

Travayè priyorite, pwofesyonèl ki gen diplòm siperyè degre avanse, travayè kalifye, pwofesyonèl, ak travayè ki pa kalifye, travayè relijye yo
Apwobasyon sètifikasyon DOL, Fòmilè I-140 ki apwouve , prèv ke w jwenn travay, prèv sipò finansye
$345
SIV
Afgan ke yo te anplwaye oswa ki yo te anplaye nan non gouvènman Ameriken te anplwaye oswa ki
travay avèk militè Ameriken an kòm yon tradiktè oswa entèprèt
Prèv ke w jwenn travay pou omwen 12 mwa, lèt rekòmandasyon nan men patwon
$0
DV
Moun ki soti nan peyi ke yo chwazi pou viza divèsite
Prèv edikasyon lekòl segondè oswa ane eksperyans nan travay
$330
SB-1
Abitan pèmanan oswa kondisyonèl ki te kite peyi Etazini an pou plis pase yon lane
Kat rezidans pèmanan, pèmi de retou
$180

Jwenn yon lis konplè de viza imigran ak non imigran.

Pou ki tip viza mwen ta dwe aplike?

Chak viza gen rapò ak yon gwoup epi ak yon objektif vwayaj espesifik. Itilize zouti Asistan Viza Depatman Deta a pou w konnen pou ki tip viza ou ta dwe aplike.

Kontakte Anbasad oswa Konsila Ameriken nan peyi w la pou kesyon konsènan ki sèvis viza yp ofri ak egzijans yo.

Kòman mwen kapab aplike pou yon viza?

Swiv enstriksyon yo pou ranpli chak fòm. Prepare pou peye frè ak bay dokiman sipò. Jwenn plis etap an detay sou viza pou fanmi yo.

Kòman mwen kapab verifye estati aplikasyon mwen an?

Ou kapab verifye estati aplikasyon w lan sou entènèt atravè Sant Aplikasyon Elektwonik Konsila (CEAC). W ap bezwen tape ladan nimewo dosye ou.

Ou kapab verifye tou tan datant pou entèvyou pou viza yo pou anbasad oswa konsila nan peyi w la.

Kòman mwen kapab prepare pou entèvyou viza a?

An jeneral, entèvyou pou viza non imigran obligatwa pou aplikan ki gen laj 14-79 lane. Viza imigran entèvyou obligatwa pou tout aplikan k ap imigre Etazini

Prepare w pou entèvyou w la. W ap bezwen pote avèk ou paj konfimasyon demann viza w la, resi pèman frè demann lan, ak paspò ou nan entèvyou w la. Ou ka bezwen pote avèk ou tou foto ou ak dokiman pou vwayaj ou yo.

Aplikan pou viza imigran yo ap bezwen pase yon egzamen medikal tou.

 Patisipe nan entèvyou w la nan anbasad oswa konsila ameriken an. Ofisye konsil la ap pran eskanerizasyon anprent dwèt ou nan entèvyou a. Ofisye a ap poze ou kesyon pou li kapab deside si ou kalifye pou yon viza. Si ou bezwen yon entèprèt, règleman yo varye selon kote a. Mande sa alavans.

Kòman m ap jwenn desizyon pou viza mwen an?

Nan anpil ka, ofisye konsil la ap enfòme ou sou desizyon demann ou an nan fen entèvyou w la.

Si demann viza w la apwouve, ofisye a ap depoze yon viza sou paspò w la. W ap jwenn enstriksyon sou kilè ak kòman paspò w la ap retounen vin jwenn ou. Ou ka genyen opsyon pou w pase pran paspò w la nan yon lòt jou oswa ou ka fè yo livre l lakay ou. Lè sa ou ta dwe:

  1. Rasire ou enfòmasyon ki sou viza w la kòrèk.
  2. Peye frè viza a nan USCIS anvan ou vwayaje pou w antre Ozetazini.

Si demann viza w la rejte, ofisye a ap eksplike ou pou ki rezon ou pa elijib pou w antre Ozetazini. Si ou pa elijib pou yon viza, ou ka anmezi pou w aplike pou yon renonsyasyon. Ofisye a ap fè w konnen si genyen yon renonsyasyon disponib ak kòman w ap kapab aplike pou li.

Si demann viza w la annatant, sa vle di y ap bezwen etidye dosye w la toujou. Ofisye a ka di w ou gen dokiman ki manke oswa mande ou plis prèv.

Kòman mwen kapab pwolonje sejou mwen an?

Ou kapab depoze Fòm I-539, Demann pou Pwolonje/Chanje Estati Non-Imigran pou pwolonje sejou w Ozetazini. Ou ta dwe fè demann pwolongasyon an pou pi piti 45 jou anvan viza w la espire. Ou kapab itilize tou fòm sa a pou w chanje estati non-imigran w lan. Ou kapab soumèt aplikasyon w lan sou entènèt oswa pa lapòs.

Ki lòt fason pou vwayaje nan (oswa rete Etazini)?

Etazini ofri pwogram imanitè ki pèmèt yon seri moun rete Etazini tanporèman oswa pou tout tan.

Yon avoka imigrasyon oswa reprezantan legal ka ede w revize opsyon w yo. Anpil òganizasyon ak avoka ofri sèvis legal gratis oswa a bon mache.

glòb ak men ede
Jwenn èd deyò Etazini

Gade yon lis gwoup ki ede imigran, refijye, ak moun k ap chèche azil atravè lemond. Aprann ki kote pou jwenn èd nan fwontyè Meksik la, èd ak parennaj, ak plis ankò.

Jwenn èd nan

Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USA.gov, USCIS, the Department of State, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.