Chanjman nan TPS Ayiti
Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pèmèt moun ki soti nan sèten peyi rete epi travay Ozetazini si li pa an sekirite pou yo retounen lakay yo akòz lagè, dezas oswa lòt ijans.
Mizajou 2 fevriye 2026: Gen yon jij federal ki bloke Depatman Sekirite Enteryè (Department of Homeland Security, DHS) pou l pa kanpe TPS Ayiti a. Òdonans tribinal la mete revokasyon an an atant pandan y ap egzamine dosye a.
Pwoteksyon TPS yo, tankou pwoteksyon kont depòtasyon, pa chanje pandan tan sa a. Li ka chanje si yon tribinal siperyè anile desizyon an.
Mizajou 28 janvye 2026: Gen yon koudapèl federal ki te deside DHS te aji ilegalman lè li te eseye redui nan peryòd TPS Ayiti a an 2024. Sa a pa t chanje dat ekspirasyon an.
Y ap plede sou desizyon pou kanpe TPS pou Ayiti a nan tribinal toujou. Dosye a pa ko fini toujou. Nou pa konnen kisa ki ap pase apre. Aprann kijan desizyon tribinal yo fonksyone epi jwenn dènye nouvèl yo nan men National TPS Alliance.
Pèmi travay
Moun ki benefisye TPS ka jwenn yon pèmi travay sou fòm yon Dokiman Otorizasyon Travay (EAD). Li montre patwon yo ke ou otorize pou travay Ozetazini.
Paske tribinal la bloke revokasyon TPS Ayiti a, otorizasyon travay la rete valid pandan òdonans tribinal la an vigè a. Sa valab tou pou moun ki gen EAD ki gen rapò ak TPS kounye a.
Si ou te gen TPS anba yon deziyasyon anvan, USCIS otomatikman pwolonje dat ekspirasyon EAD yo pou moun ki gen TPS Ayiti pandan lòd tribinal la an vigè. Sa gen ladan l EAD ki te ekspire nan dat sa yo:
- 2 sept. 2025
- 3 Dawou 2025
- 3 Dawout 2024
- 30 Jen 2024
- 3 Fevriye 2023
- 31 desanm 2022
- 4 Oktòb 2021
- 4 Janvye 2021
- 2 Janvye 2020
- 22 Jiyè 2019
- 22 Janvye 2018
- Jiyè 22 2017
Bezwen èd pou fè konnen si ekstansyon pèmi travay ou a valab? Ou ka itilize lèt sa a ak anplwayè ou.
Aprann kijan pou jwenn èd gratis oswa bon mache nan men avoka imigrasyon ak reprezantan legal de konfyans.
Kisa k ap pase lè TPS la ekspire?
Si w pa gen yon lòt estati imigrasyon legal anplis TPS, w ap vin san papye epi w ap pèdi otorizasyon travay ou. Si w rete san estati legal, w ap riske pou yo detain w epi depòte w.
Ki jan pou prepare
- Haitian Bridge Alliance ofri èd bay imigran Ayisyen Ozetazini.
- Pale ak yon avoka imigrasyon. Li enpòtan pou chèche èd legal epi aprann sou opsyon ou genyen pou rete Ozetazini
- Aplike pou yon lòt estati imigrasyon si ou kalifye. Verifye si ou kalifye pou azil, estati pèmanan legal (Green Card), oswa lòt viza ameriken.
- Prepare pou ICE. Konnen kisa pou w fè si w pa gen papye epi ajan yo vin lakay ou oswa nan travay ou. Konnen dwa w yo ak kijan pou kreye yon plan safety.
- Rete enfòme. Aprann plis bagay sou chanjman nan imigrasyon anba nouvo administrasyon an.
Plis soti nan USAHello
K ap chèche enfòmasyon espesifik?
Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de DHS, USCIS, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.