Kisa TPS ye | Nouvo aplikan | Moun ki gen TPS kounye a | Pèmi travay | Pèmi vwayaj | Lòt pwoteksyon | Jwenn èd
Mizajou 20 Janvye 2023

Kounye a ou ka aplike pou TPS Ayiti jiska 3 Dawout 2024. Epitou, se dènye jou ou ka jwenn estati pwoteksyon tanporè anba nouvo règlemantasyon an.
Si ou deja genyen TPS anba règlemantasyon 2011 lan, estati tanporè pwoteksyon ou an ap kontinye epi dokiman ou yo valid jiska 30 jen 2024.
Kounye a, Ayisyen ki pa Ozetazini kapab elijib pou yon pwogram imanitè pou vwayaje, viv epi travay tanporèman Ozetazini.
Kisa TPS la ye
Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) se yon fòm estati imigrasyon pou moun ki deja Ozetazini. TPS se pou moun ki pa kapab retounen nan peyi yo akoz danje, tankou konfli ame oswa dezas enviwonmantal.
Si ou gen TPS, ou kapab:
- Rete legalman Ozetazini pou yon peryòd de tan
- Aplike pou yon pèmi travay Ozetazini
- Aplike pou vwayaje andeyò Ozetazini
- Ou dwe pwoteje kont detansyon ak depòtasyon
Ou p ap jwenn okenn avantaj TPS jiskaske aplikasyon w lan pa apwouve. TPS la tanporè. Li pa ba ou estati pèmanan legal, sitwayènte, oswa nenpòt estati imigrasyon pèmanan.
Chaj Piblik p ap aplike pou aplikan TPS yo. Ou ka itilize nenpòt pwogram gouvènman ou kalifye pou yo. |
Nouvo aplikan
Kiyès ki ka aplike
Ou dwe reponn ak kondisyon sa yo pou aplike:
- Ou dwe se yon resòtisan Ayiti
- oswa yon moun san nasyonalite ki te rete ann Ayiti depi lontan anvan li rive USA
- Ou t ap viv sèlman nan peyi Etazini depi 29 jiyè 2021
- Ou pa t kite Ozetazini depi 3 dawout 2021
Remak: DHS te anonse moun k ap viv ozetazini apati 6 novanm 2022 pral kapab aplike tou. Plis detay ap vini byento.
Ou ka pa kalifye si ou te komèt sèten krim.
Kijan pou aplike
Ou ka aplike pou TPS Ayiti a lè w ranpli Fòm I-821, Aplikasyon pou Estati Pwoteksyon Tanporè. Ou ka ranpli aplikasyon w lan sou Entènèt ak USCIS.
Ou dwe voye dokiman ki montre prèv idantite w, nasyonalite w, ak dat ou rantre a. Yo enimere sa yo nan seksyon What to File.
Ou dwe peye yon frè si w ap aplike pou TPS pou premye fwa. Ou ka aplike pou yo retire frè a pou ou si w pa an mezi pou peye frè a. Aprannkijan pou itilize kalkilatris frè USCIS la.
Ou dwe aplike avan 3 dawout 2024.
Kisa k ap pase aprè mwen depoze aplikasyon mwen an?
USCIS pral revize aplikasyon w lan epi voye ba ou yon avi resi. Ou ka tcheke estati aplikasyon w lan sou Entènètlè ou tape nimewo resi w la. Si pa resevwa yon resi nan espas 3 semèn ou fin ranpli, ou kapab rele Sant Kominikasyon USCIS la.
Ou ka resevwa yon lèt ki mande pou bay plis prèv. Sa a ka foto ou, anprent dijital ou, siyati ou, ak lòt dokiman.
W ap resevwa yon lèt ki apwouve oswa refize aplikasyon w lan. Si ou te aplike pou yon pèmi travay, w ap jwenn enfòmasyon tou sou aplikasyon w lan.
Si w pa jwenn TPS, ou pral jwenn enfòmasyon sou sa epi kijan ou ka kont desizyon yo an.
Moun ki genTPS aktyèl yo
Si ou deja genyen TPS Ayiti anba deziyasyon 2011 lan, ou p ap bezwen enskri ankò. TPS ou an pwolonje otomatikman pou 30 jen 2024.
DHS te anonse ekstansyon sa a jan yon dènye lòd tribinal egzije sa. TPS Ayiti kapab oswa pa kapab kontinye selon rezilta final pwosedi jidisyè yo.
Ou dwe te anrejistre ankò pandan peryòd 2015-2018 lan pou gen aktyèlman TPS Soudan an anba deziyasyon 2011 lan. DHS te anonse ekstansyon sa a nan kad yon nouvo òdonans tribinal. Desizyon tribinal alavni yo ka chanje disponibilite TPS Ayiti a.
Si ou pa t re-enskri yon lòt fwa epi w pa gen TPS, w ap bezwen soumèt yon nouvo aplikasyon. Sa ap pèmèt ou benefisye TPS jiska 3 Dawout 2024.
Pou kesyon 1.a. Ou dwe chwazi “Se premye aplikasyon mwen (premye fwa) pou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS). Mwen pa gen TPS kounye a.”
Si ou gen TPS Ayiti apati deziyasyon 2011 lan, yo toujou ankouraje w aplike pou TPS anba nouvo deziyasyon an. Avni nan ka sa a enkoni. Si tribinal la deside ranvèse deziyasyon 2011 la, w ap toujou gen nouvo deziyasyon an.
Si ou te rate delè pou re-enskri, ou ka soumèt yon lòt aplikasyon an reta pou re-enskripsyon. Ou pral oblije tou soumèt yon lèt ki eksplike poukisa ou depoze li an reta, tankou yon maladi grav. Ou ka re-enkri sou entènèt oswa pa imèl avèkUSCIS anba seksyon “Kote pou depoze”.
DHS te pwolonje EAD yo otomatikman pou moun ki gen TPS kounye a. Si ou te deja gen TPS anba deziyasyon 2011 lan, donk pèmi travay ou a valid jiska 30 Jen 2024.
Pèmi Travay
Pèmi travay disponib pou moun ki gen TPS e yo rele yo Dokiman Otorizasyon Travay (EAD). Li montre patwon yo ke ou gen dwa travay Ozetazini. Ou ka aplike po yon pèmi travay lè w ranpli Fòm I-765, Mande pou Otorizasyon Travay nan USCIS.
Ou ka aplike tou pou EAD aprè ou fin ranpli aplikasyon TPS ou a. Si ou ranpli tou de fòm yo ansanm, sa ka ede w jwenn EAD a pi vit.
Si ou aplike pou peryòd enskripsyon sa a, pèmi travay ou a ap valid jiska 3 Dawout 2024.
Pèmi vwayaj
Pèmi vwayaj yo disponib pou moun ki gen TPS. Yo rekonèt li kòm libète kondisyonèl antisipe. Li montre ofisye imigrasyon yo ke ou gen dwa pou vwayaje aletranje epi retounen Ozetazini.
Ou ka aplike pou yon pèmi vwayaj lè ou ranpli Fòm I-131, Aplikasyon pou Dokiman Vwayaj. Suiv enstriksyon nan avi Rejis Federal la lè w ap aplike pou yon pèmi vwayaj.
Kisa ki pase lè TPS Ayiti ekspire?
DHS ap kontinye pwolonje TPS Ayiti a jiskake gen yon dezisyon final ki soti nan tribinal. Si dezisyon tribinal la mete fen nan TPS Ayiti, moun ki gen TPS yo ap gen 365 jou avan DST ka kòmanse depòtasyon yo.
Si TPS Ayiti ekspire, w ap gen menm estati imigrasyon ou te genyen anvan ou te resevwa estati pwoteksyon tanporè.
Si ou pa t gen yon estati imigrasyon legal avan ou te aplike pou TPS, ou ka vin san papye. Ou ka aplike pou yon lòt fòm estati imigrasyon si ou kalifye.
Si w rete san okenn estati legal, ou pral riske chans pou yo arete ou oswa depòte ou.
Èske mwen ka chanje estati imigrasyon mwen an?
Ou ka gen TPS an menm tan ak lòt estati imigrasyon.
Ou ka aplike pou azil, estati pèman legal (kat vèt), oswa lòt estati pwoteje si ou ranpli kondisyon pou aplikasyon sa yo.
Ki kote mwen ka jwenn èd?
Li enpòtan pou chache konsèy legal nan men yon avoka imigrasyon oswa yon reprezantan ki akredite. Yo ka ede w aplike epi diskite sou kesyon oswa enkyetid. Anpil òganizasyon ak avoka ofri sèvis legal gratis oswa bon mache.
Anbasad Ayiti a ka bay plis enfòmasyon. Ou ka kontakte Anbasad Ayiti a nan (202) 332-4090 oswa vizite biwo konsila li yo nan Atlanta, Boston, Chicago, Miami, New York City, Orlando, oswa Washington, D.C.

Know how to protect yourself from notarios and fake websites. Learn what to do if you have been a victim of fraud.
Enfòmasyon sou paj sa a soti nanDepatman Sekirite Tèritwa a , Rejis Federal la ,USCIS , ak lòt sous yo fè konfyans. Li fèt pou enfòmasyon sèlman epi yo mete l ajou osi souvan ke posib.
USAHello pa bay konsèy legal, okenn nan dokiman nou yo pa fèt nan entansyon pou moun pran yo kòm konsèy legal.