Gid ou pou viza Etazini yo: tip yo ak kondisyon yo

Mizajou nan dat 10 avril 2025
Paj sa a te tradui pwofesyonèl pa yon moun. Aprann plis
Ou ka bezwen yon viza pou vwayaje ale USA. Aprann plis sou tip viza ameriken ki disponib epi kiyès w ap bezwen. Li sou fason pou aplike epi prepare pou entèvyou w la.

Kisa-yon-viza-ye

Yon viza se yon dokiman ofisyèl ki pèmèt moun vwayaje nan peyi Etazini pou yon objektif espesifik. Yon viza anjeneral kole oswa plase nan paspò oswa dokiman vwayaj yon moun. Yon viza montre konbyen fwa yon vwayajè ka antre Ozetazini.

echantiyon viza Ameriken

Èske mwen bezwen yon viza?

Se pa tout moun k ap vwayaje Ozetazini ki bezwen yon viza. Pwogram Ekzanpsyon Viza (VWP) a pèmèt sitwayen nan 40 peyi vwayaje san yon viza. Ou dwe reponn ak kondisyon sa yo:

  • Ou dwe yon sitwayen oswa resòtisan nan peyi sa yo ki endike la a
  • Genyen yon paspò ki valid pou omwen 6 mwa apati dat ou planifye pou w vwayaje Ozetazini an.
  • Genyen yon Sistèm Elektwonik pou Otorizasyon Vwayaj (ESTA) ki valid
  • Fè yon vwayaj pou biznis oswa touris
  • Planifye pou w rete Ozetazini pandan 90 jou oswa mwens

Ki tip viza ameriken yo ye?

Genyen de 2 kategori viza:

  • Viza pou moun ki pa imigran se pou moun k ap vizite Etazini pandan yon ti tan.
  • Viza imigran se pou moun ki prale Ozetazini pou rete. Lè yon moun ki gen yon viza imigran antre Ozetazini, li vin yon "LPR" oswa yon rezidan pèmanan legal.

Viza-imigran-yo

Majorite viza pou moun ki pa imigran yo se pou vwayajè entènasyonal pou biznis ak touris, etidyan, travayè tanporè, ak vizitè echanj yo.

Viza
Tip
Pou
Kondisyon yo
Fòm(yo)
Frè yo
B-1, B-2
Biznis, plezi, touris, oswa tretman medikal pou yon kout peryòd tan
Pwouve ou gen lajan pou kouvri tout depans vwayaj ou a epi ou gen entansyon pou w retounen lakay ou lè tan ou te gen pou w rete Etazini an fini.
$185
F, M
Pwogram akademik oswa pwofesyonèl pou elèv entènasyonal yo
Pwouve akseptasyon nan yon pwogram akademik oswa pwofesyonèl
$185
H-1B, H-1B1, H-2A, H-2B, H-3, L, O, P-1, P-2, P-3, Q-1
Travay pou yon kout peryòd de tan
Apwouve Fòm I-129 petisyon
$205 (Plis Frè pou Ranpli Fòmilè I-129 la)
T, U
Viktim trafik moun ak lòt krim
Gen volonte pou ede fòs lòd ameriken yo mennen ankèt sou oswa pouswiv krim ou te yon viktim nan Ozetazini.
$0
K-3
Madanm/mari sitwayen ameriken yo ka antre Ozetazini pandan y ap tann yo apwouve yon petisyon pou viza imigran.
Fòmilè petisyon I-129F apwouve; prèv ki montre maryaj ou a otantik epi li gen sipò ekonomik
$265
K-1
Fiyanse sitwayen ameriken pou vwayaje nan peyi Etazini pou yo marye
Fòmilè Petisyon I-129F apwouve; prèv relasyon
$265 (Plis Frè pou Ranpli Fòmilè I-129F la)
G, NATO / Òganizasyon Trete Nò Atlantik
Diplomat, ofisyèl gouvènman, ak anplwaye ki travay pou òganizasyon entènasyonal yo oswa OTAN
Nòt diplomatik oswa lòd vwayaj
$0

Tip viza imigran

Se manm fanmi sitwayen Ameriken ak detantè Green Card yo plis bay viza imigran, apre sa yo konn bay moun k ap vin travay etazini yo li tou.

Viza
Tip
Pou
Kondisyon yo
Fòm(yo)
Frè yo
IR1, CR1, IR3, IH3, IR4, IH4, IR2, CR2, IR5, F1, F3, F4, F2A, F2B
— Madanm/mari oswa pitit (nan nenpòt laj, kit li marye, kit li pa marye) ak yon sitwayen ameriken
— Paran oswa frè/sè yon sitwayen ameriken ki gen 21 lane oswa plis
— Madanm/mari oswa pitit ki pa marye ak yon LPR Ozetazini.
Fòmilè Petisyon I-130 apwouve, Deklarasyon sou sèman pou sipò (Fòmilè I-864)
$325
$120 Deklarasyon sou Sèman pou Sipò
Plis frè pou Ranpli Fòmilè I-130 lan

E1, E2, E3, EW3, E4, E5, Ew3, C5, T5, R5, I5, SD, SR

Travayè priyorite, pwofesyonèl ki gen diplòm siperyè degre avanse, travayè kalifye, pwofesyonèl, ak travayè ki pa kalifye, travayè relijye yo
Apwobasyon sètifikasyon DOL, Fòmilè I-140 ki apwouve , prèv ke w jwenn travay, prèv sipò finansye
$345
SIV
Afgan ke yo te anplwaye oswa ki yo te anplaye nan non gouvènman Ameriken te anplwaye oswa ki
travay avèk militè Ameriken an kòm yon tradiktè oswa entèprèt
Prèv ke w jwenn travay pou omwen 12 mwa, lèt rekòmandasyon nan men patwon
$0
DV
Moun ki soti nan peyi ke yo chwazi pou viza divèsite
Prèv edikasyon lekòl segondè oswa ane eksperyans nan travay
$330
SB-1
Abitan pèmanan oswa kondisyonèl ki te kite peyi Etazini an pou plis pase yon lane
Kat rezidans pèmanan, pèmi de retou
$180

Jwenn yon lis konplè de viza imigran ak non imigran.

Pou ki tip viza mwen ta dwe aplike?

Chak viza gen rapò ak yon gwoup epi ak yon objektif vwayaj espesifik. Itilize zouti Asistan Viza Depatman Deta a pou w konnen pou ki tip viza ou ta dwe aplike.

Kontakte Anbasad oswa Konsila Ameriken nan peyi w la pou kesyon konsènan ki sèvis viza yp ofri ak egzijans yo.

Kòman mwen kapab aplike pou yon viza?

Swiv enstriksyon yo pou ranpli chak fòm. Prepare pou peye frè ak bay dokiman sipò. Jwenn plis etap an detay sou viza pou fanmi yo.

Kòman mwen kapab verifye estati aplikasyon mwen an?

Ou kapab verifye estati aplikasyon w lan sou entènèt atravè Sant Aplikasyon Elektwonik Konsila (CEAC). W ap bezwen tape ladan nimewo dosye ou.

Ou kapab verifye tou tan datant pou entèvyou pou viza yo pou anbasad oswa konsila nan peyi w la. Sa a sèlman bay delè atant pou entèvyou ki gen rapò ak viza pou moun ki pa imigran.

Kòman mwen kapab prepare pou entèvyou viza a?

An jeneral, entèvyou pou viza non imigran obligatwa pou aplikan ki gen laj 14-79 lane. Viza imigran entèvyou obligatwa pou tout aplikan k ap imigre Etazini

Prepare w pou entèvyou w la. W ap bezwen pote avèk ou paj konfimasyon demann viza w la, resi pèman frè demann lan, ak paspò ou nan entèvyou w la. Ou ka bezwen pote avèk ou tou foto ou ak dokiman pou vwayaj ou yo.

Moun k ap aplike pou viza imigran yo ap bezwen konplete yon egzamen medikal epi pote prèv aktyèl sipò finansye yo nan entèvyou yo a tou.

 Patisipe nan entèvyou w la nan anbasad oswa konsila ameriken an. Ofisye konsil la ap pran eskanerizasyon anprent dwèt ou nan entèvyou a. Ofisye a ap poze ou kesyon pou li kapab deside si ou kalifye pou yon viza. Si ou bezwen yon entèprèt, règleman yo varye selon kote a. Mande sa alavans.

Kòman m ap jwenn desizyon pou viza mwen an?

Nan anpil ka, ofisye konsil la ap enfòme ou sou desizyon demann ou an nan fen entèvyou w la.

Si yo apwouve aplikasyon pou viza ou a, ofisye a pral mete yon viza nan paspò ou. Ou pral jwenn enstriksyon sou ki lè ak ki jan yo pral retounen paspò ou a ba ou. Ou ka genyen opsyon pou w chache paspò w la yon lòt jou oswa fè yo voye l lakay ou. Apre sa ou dwe:

  1. Rasire ou enfòmasyon ki sou viza w la kòrèk.
  2. Peye frè viza a nan USCIS anvan ou vwayaje pou w antre Ozetazini.

Si yo rejte demann viza ou a, ofisye a ap eksplike ou poukisa ou pa elijib pou yon viza pou vini Ozetazini. Si ou pa elijib pou yon viza, ou ka aplike pou yon renonsyasyon. Ofisye a ap fè w konnen si yon renonsyasyon disponib epi kijan ou ka aplike pou li.

Si demann viza w la annatant, sa vle di y ap bezwen etidye dosye w la toujou. Ofisye a ka di w, ou manke dokimantasyon oswa mande w plis prèv. Ofisye a ap ba w enstriksyon sou ki dokiman ki manke ak kijan pou soumèt dokiman sa yo apre entèvyou w la.

Kòman mwen kapab pwolonje sejou mwen nan peyi Etazini?

Ou kapab depoze Fòm I-539, Demann pou Pwolonje/Chanje Estati Non-Imigran pou pwolonje sejou w Ozetazini. Ou ta dwe fè demann pwolongasyon an pou pi piti 45 jou anvan viza w la espire. Ou kapab itilize tou fòm sa a pou w chanje estati non-imigran w lan. Ou kapab soumèt aplikasyon w lan sou entènèt oswa pa lapòs.

Si w pa gen yon lòt estati imigrasyon legal epi peryòd yo te otorize w pou rete anba viza w la fini, w ap vin san papye. Si ou rete san estati legal, ou riske pou yo kenbe w nan detansyon ak depòte w.

Ki lòt fason pou vwayaje nan (oswa rete Etazini)?

Etazini pèmèt pwogram imanitè ki pèmèt yon seri moun rete Etazini tanporèman oswa pou tout tan pou rezon imanitè.

Yon avoka imigrasyon oswa reprezantan legal ka ede w revize opsyon w yo. Anpil òganizasyon ak avoka ofri sèvis legal gratis oswa a bon mache.

glòb ak men ede
Jwenn èd deyò Etazini

Gade yon lis gwoup ki ede imigran, refijye, ak moun k ap chèche azil atravè lemond. Aprann ki kote pou jwenn èd nan fwontyè Meksik la, èd ak parennaj, ak plis ankò.

Jwenn èd nan

Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USA.gov, USCIS, the Department of State, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.