Kisa pou w fè si yon moun ap menase w

Mizajou Oktòb 25, 2024
Paj sa a te tradui pwofesyonèl pa yon moun. Aprann plis

Li ka efreyan epi estresan lè yon moun ap menase ou. Li enpòtan pou konnen kijan pou reponn a menas epi pwoteje tèt ou. Aprann plis sou mezi ou ka pran, kijan pou rapòte menas yo, epi jwenn èd.

Tip menas

Yon menas se lè yon moun di oswa montre yo vle fè swa ou menm oswa w byen w mal. Sa yo ka gen ladan domaj fizik oswa emosyonèl, domaj nan byen ou yo, ensilt, ap eseye pè ou, oswa abi.

Gen diferan kalite menas ak fason pou reponn yo.

  • Menas an pèsòn rive lè yon moun tou pre w montre li vle lmal.
  • Menas nan telefòn fèt pandan ou nan yon apèl. Pafwa menas ki fèt nan telefòn yo kapab se nan “yon kou monte” y ap pran ou. Sa a se lè yon moun ap pran plezi ak ou epi se pa yon menas reyèl li ye. Li toujou pi bon pou trete li tankou se yon bagay reyèl si ou pa fin twò rasire.
  • Menas nan mesaj elektwonik jeneralman se nan mesaj tèks, medya sosyal, oswa imèl ou resevwa yo.
  • Krim rayismani ki gen ladan menas oswa vyolans kont ou ou akòz ras ou, relijyon w, oryantasyon seksyèl ou, orijin nasyonal ou, oswa lòt idantite pèsonèl ou.

Kijan pou reyaji fas ak yon menas

Kisa ou dwe fè selon tip menas lan epi nan ki nivo pou pran menas lan oserye.

Reponn a yon menas an pèsòn

  • Sekirite w pi enpòtan. Gade rapidman ozalantou epi jwenn yon kote ki an sekirite pou ale. Sa a ta ka yon kote okipe ak anpil moun oswa yon kote ou ka kache.
  • Pa fè tèt cho. Evite gade moun nan je oswa pale ansanm ak moun k ap menase ou an. Pa demontre ou pè epi kouri oswa fè bak byen rapid.
  • Rele 911 pou jwenn èd imedya.
  • Mande èd nan men moun ki ka bò kote w.
  • Kache  epi eseye bloke fason pou yo rive jwenn ou. Mete telefòn ou sou silans.
  • Eseye pran detay konsènan evènman an. Eseye pran foto oswa videyo san pa gen danje pou fè sa oswa mande yon moun ki toupre pou li fè sa pou ou. Si ou pa konnen moun k ap menase ou an, chèche kèk bagay ki ka ede ou idantifye moun lan tankou laj li, sèks li, ras li, wotè li, gwosè li, cheve li ansanm ak koulè je li, rad ki sou li epi tout lòt bagay ou kapab idantifye.
  • Dènye sa pou fè se riposte lè lavi ou nan yon danje imedya.
  • Siyale menas la bay ajan lapolis.
Rele 911 si ou menm oswa yon lòt moun nan danje imedya. Aprann ksa pou atann ou lè w rele polis.

Reponn a yon menas nan telefòn oswa pa yon mesaj

  • Rete kalm epi pa rakwoche telefòn nan. Eseye jwenn plis enfòmasyon sou moun k ap menase w la. Poze kesyon pou ede w konnen si menas la reyèl.
  • Pa reponn mesaj yo, piblikasyon medya sosyal, oswa imèl yo.
  • Anrejistre enfòmasyon. Konsève mesaj yo epi ekri yon nimewo telefòn oswa adrès imèl. Pran yon eskrinnchòt menas y ap fè ou yo sou medya sosyal yo. Anrejistre yon apèl telefòn si sa posib oswa ekri sa ki te di yo.
  • Siyale menas la bay ajan lapolis.

Reponn a menas paske ou se yon imigran

  • Itilize anglè nan sitiyasyon an si sa posib.
  • Pa santi bezwen pou edike moun sou move konsepsyon yo. Moun ki rasis oswa vyolan yo pa rasyonèl.
  • Chèche èd legal si yon moun ap menase w pou rele imigrasyon pou ou epi ou pè pou yo pa depòte w.
  • Siyale krim rayisman yo bay FBI.
  • Kontakte òganizasyon dwa sivil yo, sitou si ou pa alèz pou pale ansanm ak lapolis.
  • Jwenn plis enfòmasyon sou dwa ou genyen antanke yon imigran..
  • Kontakte manm kominote ou an. Diskite sou menas ansanm ak lòt moun ki te pase nan menm bagay lan kapab ede ou konnen kisa pou ou fè.
Apre ou fin sibi yon menas, eseye jwenn sipò emosyonèl. Pale ak yon manm fanmi ou fè konfyans, zanmi, gwoup kominote a, oswa yon founisè sante mantal. Aprann plis sou sèvis sante mantal.

Kisa pou w fè si w temwen yo ap menase yon moun

  • Pale fò oswa anrejistre menas lan si ou kapab fè sa a an sekirite.
  • Rele 911 si moun y ap menase a nan danje imedya.
  • Pale ak viktim nan. Ofri èd epi mande kijan ou ka sipòte yo. Koute volonte yo anvan ou pran nenpòt aksyon.
  • Pwopoze pou deplase ansanm ak viktim lan.
  • Rete ansanm ak viktim lan aprè menas lan si li bezwen plis sipò.

Rapòte yon menas

Si yon moun menase w, ou ka rapòte sa bay lapolis. Ou ka rele 911 pandan yon menas oswa lapolis lokal apre yon menas. Si ou pa santi w alèz pou rele lapolis, genyen lòt resous sekirite ki disponib pou ou.

Pou menas nan yon kote espesifik, ou ka kite anplwaye ki apwopriye a oswa sekirite konnen. Pa egzanp, si yon menas rive nan travay ou, pale ak sipèvizè ou oswa depatman resous imen. Si yon menas rive nan yon bis, di chofè bis la.

Ou kapab tou rive jwenn sòti nan òganizasyon sa yo pou èd ak menas:

Kontakte
Pou
Menas pou dwa sivil ou yo, tankou dwa imigran ak LGBTQ+
Menas pou dwa sivil Afriken Ameriken ak krim rayisman
Menas pou Ameriken Azyatik yo
Menas pou dwa sivil Mizilman yo ak krim rayisman
Menas pou kominote LGBTQ+ yo
Menas lakay ou
Biwo lokal FBI
(800) 225‐5324
Menas pa ajan gouvènman etranje yo, ofisyèl gouvènman yo, krim òganize, ak krim rayi
Menas sou medya sosyal

Ou ka rapòte menas yo anonim. Òganizasyon ki gen ladan li lapolis ap travay avèk ou pou pwoteje idantite w ak konfidansyalite w. Yo pa pral pataje enfòmasyon ou san pèmisyon ou.

Kisa k ap pase lè mwen fin siyale yon menas?

Chak òganizasyon genyen pwosedi pa yo pou mennen ankèt epi reyaji kont menas. Pran enfòmasyon nan òganizasyon ou an pou konnen lòt etap yo.

Jeneralman, lapolis pral mennen yon ankèt sou menas lan ansanm ak moun ki te fè menas lan. Si ou te pran yon foto oswa yon videyo yo kapab sa yo antanke prèv. Si lapolis jwenn bonjan prèv sou menas lan epi genyen yon vyolasyon kont lalwa, yo kapab arete epi lanse pousuit penal. Menas vyolans fizik se yon krim ki grav li ye nan plizyè eta.

Ou kapab depoze yon pwosè sivil tou nan tribinal lokal ou a pou domaj emosyonèl oswa fizik. Ou ka ranpli pou yon lòd restriksyon kont yon moun pou yo sispann menase w epi rete lwen w.

avoka ki revize enfòmasyon yo
Evite arnaks imigrasyon yo

Konnen ki jan yo pwoteje tèt ou kont move ak fo sit entènèt. Aprann sa pou w fè si w te viktim fwod.

Aprann plis.

Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USA.gov, the FCC, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.