Pataje

Yon gid sou asirans sante pou imigran

Asirans sante ka ede w peye pou sèvis medikal yo. Dekouvri diferan tip asirans sante piblik ak prive pou imigran yo. Jwenn enfòmasyon sou kijan pou aplike.


Kisa asirans sante a ye?

Asirans sante, oswa asirans medikal, se yon kontra ant ou menm ak yon konpayi asirans sante. Li kouvri kèk oswa tout depans pou swen sante ou yo epi ou menm ou peye l chak mwa. Pèman chak mwa ou peye pou asirans lan rele prim.

Lè ou genyen asirans sante ou se yon moun ki kouvri oswa ou asire. Asirans sante a kapab pwoteje ou pou w pa oblije peye gwo fakti medikal. Li souvan pi bon pou w peye prim nan chak mwa olye pou w genyen yon gwo fakti pou yon lopital.

Nòmalman, plan asirans sante yo peye pou sèvis annapre yo:

  • Vizit medikal ak depistaj
  • Laboratwa, eskanerizasyon, ak iminizasyon
  • Sèvis sante mantal 
  • Swen an ijans ak sèvis ijans
  • Preskripsyon medikaman

Konpayi asirans sante yo ofri plizyè plan pou prim ki diferan. Chak plan genyen kouvèti ki espesik ak kondisyon pou yon prim kliyan an chwazi peye chak mwa. Kèk founisè asirans sante peye tou swen je yo ak dan yo. 

Souvan, konpayi asirans sante a pa peye pou tout depans yo. Ou ka genyen pou w peye yon dediksyon lè w ap pran swen an. Yon dediksyon se yon montan ou genyen pou w peye anvan asirans ou an kòmanse peye pou swen sante ou.

Ou ka genyen tou pou w bay yon pousantaj nan lajan pou yon seri sèvis medikal ak preskripsyon. Chak plan presize tou ki doktè ak etablisman swen sante ou kapab vizite. 

Kòman mwen kapab jwenn asirans sante?

Ozetazini, ou kapab jwenn asirans sante pa mwayen:

  • pwogram asirans gouvènman (sante piblik)
  • travay ou, avèk èd anplwayè w la
  • asirans sante prive ou achte ou menm

Pwogram asirans sante gouvènman yo

Pwogram asirans sante gouvènman yo ofri asistans pou moun ki pa gen mwayen pou antre nan asirans sante oswa ki reponn ak yon seri egzijans. Se gouvènman federal oswa eta ki ofri li. Yo kapab rele li tou pwogram sante piblik.

Medicaid

Medicaid se yon pwogram sante piblik eta w la ofri. Pwogram nan bay asirans pou pèsonaj yo ak moun ki andikape yo, timoun, fanm ansent, ak fanmi ki gen ti revni yo. Kèk fanmi refijye pral enskri nan Medicaid lè yo fenk rive Ozetazini. 

CHIP

Pwogram Asirans pou Sante Timoun (CHIP) nan ofri kouvèti sante gratis oswa a ba pri pou timoun yo. Sa se pou fanmi ki genyen twò gwo revni pou yo kalifye pou Medicaid. Nan kèk eta, CHIP kouvri fanm ansent yo. 

Medicaid ak CHIP pou imigran

Jeneralman, imigran ki pa sitwayen ki kalifye elijib pou Medicaid ak CHIP si yo reponn ak kritè revni ak rezidans eta yo a.

Moun ki pa sitwayen ki kalifye yo se:

  • Detantè green card yo (rezidan pèmanan legal yo) 
  • Refijye ak azile 
  • Kiben/Ayisyen ki antre
  • Benefisyè pwogram imanitè liberasyon kondisyonèl yo 
  • Moun ki pa sitwayen, mari oswa madanm, timoun, oswa paran yo bat
  • Viktim trafik moun,ak mari oswa madanm yo, timoun, frè ak sè, oswa paran

Anpil moun ki pa sitwayen ki kalifye, pami yo detantè green card yo, dwe tann 5 lane apre yo fin genyen estati imigran kalifye a anvan yo kapab aplike pou Medicaid. Refijye ak azile yo pa oblije tann 5 lane. Nan 21 eta, timoun ak fanm ansent pa oblije tann 5 lane pou yo gen kouvèti CHIP la.

Imigran ki pa legal Ozetazini oswa ki pa gen dokiman pa elijib pou Medicaid oswa CHIP jeneralman. Kèk eta pèmèt moun ki gen revni elijib yo aplike pou Medicaid ak CHIP kèlkeswa estati imigran yo. Eta sa yo se California, Ilinois, Massachusetts, New York, Oregon, ak Washington.

Ijans Medicaid

Ijans Medicaid disponib pou imigran yo pa konsidere kòm “moun ki pa sitwayen ki kalifye” men ki reponn ak kritè revni epi ak rezidans eta yo. Imigran ki pa gen dokiman yo kapab benefisye de Ijans Medicaid. Ijans Medicaid peye pou sèvis ijans, tankou ospitalizasyon.

Ou pa genyen pou w bay estati imigrasyon fanmi ou oswa moun w ap viv avèk li a. Aprann plis sou asirans sante gouvènman pou imigran yo.

Yo pa konsidere Medicaid ak CHIP kòm yon chaj piblik amwenske yo itilize yo pou swen alontèm nan yon enstitisyon sante piblik, tankou yon etablisman retrèt. Aprann plis sou règ chaj piblik.

Medicare

Medicare e yon pwogram sante piblik federal ki ofri pwoteksyon sante sitou pou moun ki gen 65 an oswa plis. Medicare disponib tou pou pi piti moun ki gen andikap ak moun ki gen Maladi Renal Etap Fen oswa Maladi Lou Gehrig (ALS). Sitwayen Ameriken yo ak moun ki gen green card yo ka aplike pou Medicare si yo ranpli kondisyon kalifikasyon yo.

Gen plizyè kalite Medicare, tankou:

Pati A: Asirans lopital
Pati B: nimewo asirans medikal
Pati D: Preskripsyon medikaman

Prim pou Pati A a gratis pou moun ki te peye taks Medicare pou omwen 10 lane. Pri total Medicare varye selon revni ou.

WIC

Fanm, Ti bebe, ak Timoun (WIC)  ede timoun ki poko gen senk kan, fanm ansent, ak manman k ap bay tete ki soti nan fanmi ki pa gen gwo revni. WIC konsantre sou nitrisyon, rezèv manje, ak amelyore aksè nan swen sante ak sèvis byennèt sosyal. se yon pwogram swen sante eta ou ofri.

Fanm ak timoun ki gen nenpòt sitiyasyon imigrasyon, enkli imigran san papye, ka aplike pou WIC.

 Asirans sante prive

Majorite Ameriken yo gen kouvèti asirans sante prive. Plis pase mwatye moun kap viv Ozetazini gen asirans sante prive nan travay yo. Moun ki pa gen asirans ki baze sou travay ka achte asirans sante dirèkteman nan yon founisè asirans.

 Asirans santé Travay

Travay ki ofri asirans sante peye yon gwo pati nan depans yo nan asirans sante. Anplwaye a peye yon pati nan depans asirans sante yo. Gen kèk ki ofri plan sante diferan. Anplwaye yo ka chwazi tou pou mete mari oswa madanm yo ak pitit yo nan plan asirans sante yo pou yon frè siplemantè. 

Nan kèk sikonstans lè ou kite travay ou, ou ka pwolonje pwoteksyon ou atravè yon plan gouvènman an ki rele COBRA. COBRA disponib pou ekip ki gen 20 anplwaye oswa plis epi li dire sèlman pou yon peryòd tan tou kout. Ou ka oblije peye tout prim lan pou kont ou. 

Marketplace Asirans Sante (ACA)

Mache asirans sante a se yon pwogram gouvènman an ki pèmèt ou achte asirans sante prive. Li te kreye pa Lwa sou Swen Abòdab (ke yo rele tou Obamacare) ki mande pou pifò sitwayen ameriken ak rezidan legal yo gen asirans sante. Li gade ki kantite lajan ou fè pou deside konbyen ou ka peye pou asirans. Ou ka chèche asirans  anliy  oubyen an pèsonn

sitwayen ameriken avèk  imigran prezan legalman  ka itilize mache ACA. Imigran san papye pa elijib pou asirans sante atravè ACA.

Moun ki pa sitwayen yo dwe genyen:

  • Stati imanitè ki gen ladan Estati Pwoteje Tanporè, aplikan azil, Konvansyon kont tòti, viktim trafik
  • Viza ki non- imigran ki valab
  • Estati legal atravè lòt lwa (stati rezidan tanporè, Lwa LIFE, moun Inite Fanmi)

 Asirans sante Konpayi 

You can also buy health insurance directly from health insurance companies in your state. You have the right to buy health insurance regardless of your immigration status. 

Ou kapab tou achte asirans sante dirèkteman nan konpayi asirans sante nan eta pa w la . Ou gen dwa pou achte asirans sante kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon ou. 

Plan asirans medikal kolèj

Elèv yo ka achte asirans sante atravè kolèj yo. Ou ka oblije enskri nan yon sèten kantite kredi pou aplike pou asirans sante atravè lekòl ou a. Kontakte sant sante w la pou ou konnen ki opsyon ou genyen.

Asirans altènativ 

Si ou pa gen asirans sante, genyen  sant sante ak klinik  ki ofri swen medikal gratis oswa a ba pri.

Founisè swen sante yo pa oblije mande ou sou stati imigrasyon ou, ni yo pa oblije rapòte li. Yo pa ka refize w swen medikal akòz sitiyasyon ou.

Jwenn èd toupre w

Jwenn èd legal, kou anglè, klinik sante, sipò lojman, ak plis ankò. Chèche yon kat jeyografik lokal ak yon lis sèvis pou imigran nan peyi Etazini ak aplikasyon FindHello a.

Kòmanse rechèch ou an

Swivan: Aprann kijan pou jwenn yon doktè


Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USA.gov, healthcare.gov, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.

Pataje