10 etap pou vin yon sitwayen Ameriken

Mete ajou 13 jen, 2024
Paj sa a te tradui pwofesyonèl pa yon moun. Aprann plis
Aplike pou sitwayènte se yon pwosesis long ak konplèks. Jwenn yon lis itil nan tout etap yo. Konprann ki sa yo atann ka ede w prepare w ak mete w an konfyans.

Ki sa sitwayènte ye?

Sitwayènte se yon estati legal ki bay moun dwa ak pwoteksyon kèk. Sitwayen Ameriken yo ka vote, vwayaje deyò nan peyi a lib, mennen manm fanmi yo Etazini a, epi ofri sitwayènte bay pitit yo.

Fason pou vin yon sitwayen

Ou ka vin yon sitwayen Ameriken nan youn nan fason sa yo:

Ou se yon rezidan pèmanan legal. Natiralizasyon se pwosesis kote yon moun ki gen kat vèt ki fèt andeyò USA vin yon sitwayen natiralize.

Paran w se yon sitwayen natiralize. Timoun ki poko gen 18 lane ka vin yon sitwayen deriveatravè yon paran ki te pase nan pwosesis natiralizasyon an. Ou jis bezwen ranpli Fòm N-600 pou prèv sitwayènte.

Paran w se yon sitwayen natirèl de nesans. Sa a se lè yon timoun ki fèt deyò nan Etazini vin tounen yon sitwayen atravè yon paran ki se yon sitwayen Ameriken. Yo rele sa akizisyon sitwayènte.

Ou te fèt nan USA a. Nenpòt moun ki fèt Ozetazini se otomatikman yon sitwayen natirèl de nesans.

Chak nan fason sa yo pou vin yon sitwayen Ameriken ofri menm dwa sitwayènte a kòm nenpòt nan lòt moun yo.

10 etap pou aplike pou sitwayènte

Pou vin yon sitwayen natiralize, ou bezwen fè yon demann devan U.S. Citizenship and Immigration Services (USCIS). Tout pwosesis aplikasyon an ka pran plis pase yon lane, tou depan de kote ou ye. Li itil pou ranseye ou sou diferan etap yo anvan ou aplike.

1. Verifye si w elijib

Ou dwe satisfè sèten kondisyon si w vle aplike pou vin yon sitwayen natiralize Ameriken an. An jeneral, w ap bezwen:

  • gen 18 lane ki gen laj oswa pi gran
  • pou yon rezidan pèmanan legal
  • gen yon kat Green Card valab
  • ap viv Etazini pou yon sèten kantite tan
  • gen prèv ou ap viv nan eta ou a
  • gen bon karaktè moral
  • pa komèt kèk krim
  • pale, li, ak ekri Anglè debaz
  • konnen istwa ak gouvènman Ameriken

Kondisyon yo ka varye ki baze sou kategori natiralizasyon w lan. Sa yo gen ladan natiralize kòm yon rezidan pèmanan legal, atravè maryaj oswa sèvis militè.

Li enpòtan pou verifye si w kalifye pou yon egzansyon. Kèk granmoun aje ak moun ki gen andikap ka jwenn yon egzanpsyon nan tès Anglè ak sivik yo. Ou ka mande tou akomodasyon si w gen yon andikap.

2. Revize opsyon pou èd legal

Nou toujou sijere kòmanse nenpòt pwosesis imigrasyon Ameriken lè nou revize opsyon ou pou èd legal. Pwosesis natiralizasyon an konplike epi ou yo pa remet ou lajan w si yo refize aplikasyon w lan. Li enpòtan sitou si w gen nenpòt dosye kriminèl oswa panse w kalifye pou yon egzanpsyon.

Anpil òganizasyon ak avoka ofri sèvis legal gratis oswa a bon mache.

Citizenshipworks se yon oganizasyon ki pap travay pou fè pwofi ki ede moun aplike pou sitwayènte. Konekte ak èd legal gratis, an dirèk, sou entènèt pou sipòte pwosesis sitwayènte w la.

3. Rasanble enfòmasyon

Li enstriksyon yo pou Fòmilè N-400. Kolekte dokiman ki nesesè yo pou w ka refere yo pandan w ap ranpli aplikasyon w lan. Kreye yon lis kesyon ou ta ka gen pou mande yon founisè sèvis legal.

4. Ranpli Fòm N-400

W ap bezwen ranpli Fòmilè N-400, Aplikasyon pou Natiralizasyon. Li enpòtan pou pran tan pou konprann kesyon yo ki nan Fòm N-400 la. Ou ka ranpli aplikasyon ou sou entènèt oswa voye l lapòs nan lokal USCIS Lockbox ou a.

Ou dwe soumèt tout dokiman jistifikatif yo lè w ranpli Fòm N-400. Prepare w pou w pran foto oswa fè kopi dokiman w yo. Tout dokiman nan yon lòt lang dwe tradwi nan lang Anglè pa yon tradiktè sètifye.

5. Peye frè aplikasyon an

Lè w ranpli Fòm-N400, w ap bezwen peye frè aplikasyon sitwayènte a tou. Si w ap depoze sou entènèt, yo pral gide w nan pwosesis pèman an kòm yon pati nan aplikasyon w lan. Si w ap depoze pa lapòs, w ap bezwen soumèt pèman an ak aplikasyon ou lan.

6. Verifye estati aplikasyon w lan

USCIS ap voye ba ou pa lapòs yon avi resi yon fwa yo resevwa aplikasyon w lan. Ou ka verifye estati aplikasyon w sou entènèt oswa antre nan kont USCIS ou.

7. Ale nan randevou byometrik yo

W ap resevwa yon avi pou ale nan yon randevou byometrik yo nan Sant Sipò Aplikasyon lokal ou a (ASC). Ou ka bezwen bay byometrik yo, tankou anprent dwèt ou, foto, ak siyati.

USCIS itilize byometrik ou yo pou verifye idantite w ak orijin ou pou enfòmasyon sekirite. Ou ka bezwen peye yon frè adisyonèl pou sèvis byometrik yo.

8. Ale nan entèvyou natiralizasyon

Apre sa, ou pral resevwa yon avi pou entèvyou natiralizasyon ou. Yo rele sa tou tès sitwayènte. Li pral fèt nan biwo lokal USCIS ou.

Nan entèvyou a, yon ofisye imigrasyon pral revize aplikasyon natiralizasyon ou. Yo pral poze w kesyon diferan sou repons Fòm N-400 ou yo. Yo pral tou teste w sou ladrès lang Anglè w ak konesans ou de gouvènman Ameriken ak istwa.

9. Resevwa yon desizyon

Ofisye imigrasyon an ap deside akòde, refize, oswa kontinye aplikasyon w lan. Ou pral resevwa yon desizyon an peson menm jou a oswa nan ekri pa lapòs.

  • Si aplikasyon w lan akespte, ou pral pwograme pou ale nan yon seremoni natiralizasyon.
  • Si aplikasyon ou kontinye, ofisye a ap enfòme w sou fason pou bay plis prèv.
  • Si yo refize aplikasyon w lan, ofisye a pral eksplike ki jan ou ka depoze yon apèl oswa reaplike pou natiralizasyon.

10. Ale nan seremoni natiralizasyon

Si w pase entèvyou natiralizasyon w lan, ou pral resevwa yon avi randevou pou ale nan yon seremoni natiralizasyon. Se la ou pral fè sèman fidelite a.

Ou pral ale nan yon seremoni ak lòt moun ki tou ap vin sitwayen Ameriken yo. Ou pral oblije fè sèman lwayote ou bay gouvènman Ameriken an kòm yon pati nan sèman w.

Ou pral resevwa yon Sètifika natiralizasyon nan fen seremoni natiralizasyon an. Sètifika a se prèv ke ou se yon sitwayen natiralize Ameriken.

Yon fwa ou vin yon sitwayen Ameriken, pitit ou ki gen mwens pase 18 an konsidere kòm sitwayen tou. W ap bezwen ranpli Fòmilè N-600 la pou prèv sitwayènte yo.

Sonje byen, natiralizasyon kapab yon pwosesis long ak konplike. Si w pran tan pou konprann etap sa yo epi prepare, ou kapab fè li! Gen anpil avantaj lè w se yon sitwayen ameriken. USAHello la pou ede w sou wout la.

Pwochen: Enfòme w sou Fòm N-400

fanm ap salye nan seremoni sitwayènte
Klas gratis sitwayènte Ameriken

Pran klas gratis sou entènèt USAHello a ede w prepare pou entèvyou natiralizasyon tès la sivik yo. Disponib nan lang Anglè, Arab, Franse, Panyòl, Swahili, ak Vyetnamyen.

Kòmanse klas la

Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USCIS, USA.gov, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.