Èd pou Viktim Vyolans Domestik pou Imigran yo

Mizajou Oktòb 30, 2023
Paj sa a te tradui pwofesyonèl pa yon moun. Aprann plis
Pou kite paj sa a byen vit, klike sou bouton Exit Site ki anlè a. Efase paj sa a nan istwa navigatè w la oswa itilize navigasyon prive pou moun k ap fè abizè w la pa ka wè ki kote w ale sou entènèt la.
Vyolans domestik se yon pwoblèm grav. Li kapab patikilyèman difisil pou imigran ki fè fas a defi inik. Konprann kisa vyolans domestik la ye Aprann ki dwa w genyen ak kijan pou w jwenn èd.

Pou kite paj sa a byen vit, klike sou bouton wouj sòti a. Moun ki agrese la ka tcheke kote ou ale sou entènèt la, asire w ke ou ou efase istwa navigatè ou.

Kap chèche èd kounye a? Ale an ba pou jwenn enfòmasyon èd.

Ki sa vyolans domestik ye?

Vyolans domestik se lè yon moun nan fanmi w oswa lakay ou eseye kontwole w oswa fèw mal. Yo rele li tou vyolans konjigal oswa abi domestik.

Sa ka rive nenpòt moun kèlkeswa laj, ras, sèks, oryantasyon seksyèl, oswa relijyon. Pandan ke pifò ka yo rapòte yo enplike fanm yo, gason yo ka viktim tou. Vyolans domestik souvan fè referans ak a abi ant patnè entim men yo ka gen ladan yo:

  • Yon mari / madanm oswa yon patnè
  • Yon ansyen patnè
  • Yon moun ou fè yon timoun avèl
  • Yon manm nan fanmi an, tankou yon paran, pitit, oswa frè ak sè
  • Yon kolokatè oswa yon moun w ap viv avèk li

Tip abi

Siy vyolans komen nan vyolans domestik gen ladan l:

  • Domaj nan kò w tankou frape, choute, pouse, oswa voye objè. Yo rele sa abi fizik.
  • Manyen w yon fason ke w pa vle tankou bo oswa zak seksyèl oswa fè presyon sou ou pou w fè sèks. Sa ka menm konsidere kòm abi nan yon maryaj.
  • Mo ki mechan e ki blese tankou menas, non, rele w vye non, oswa fèw wont devan lòt moun. Yo rele sa abi emosyonèl.
  • Kontwole lajan ou tankou pran li nan men ou, refize ba ou lajan pou bezwen debaz, oswa limite aksè nan kont.
  • Pran desizyon pou ou, fòse w fè bagay ou pa vle fè ak lòt fason pou kontwole w.
  • Tcheke telefòn ou ak mesaj entènèt oswa swiv de pre bagay ou fè, epi vle konnen ki jan ou pase tan ou.
  • Elwaye w de zanmi, fanmi, ak kominote pa kite ou wè oswa pale ak yo oswa izole w de kominote kiltirèl oswa relijye ou soti a.
  • Pede parèt devan w san ke ou pa envite yo, swiv ou, oswa voye anpil mesaj oswa apèl ki ba w la perèz. Sa a ta ka konsidere kòm asèlman.
  • Joure oswa menase moun ou renmen yo oswa detwi afè w yo ak bagay ou bay valè yo.
  • Itilize zam pou fè w pè tankou menas ak yon kouto, zam, oswa baton.
  • Pa pèmèt ou travay oswa ale lekòl la.
  • Ekstrèm jalouzi pou ou menm ak zanmi ou yo, oswa akize w ke w ap twonpe.

Vyolans domestik gen ladan l yon varyete de konpòtman epi sa pa oblije toujou fizik. Siy sa yo ka pa paret avan yon stad avanse nan relasyon an oswa dibveni pa sik.

Anpil sivivan vyolans domestik santi yo responsab pou abi ke yo sibi. Sonje byen, vyolans domestik pa janm fòt ou.

Imigran ak abi

Imigran ki fè eksperyans abi yo ka fè fas a defi inik paske nan estati imigrasyon yo. Ou ka santi ou izole nan kominote ou epi ou gen aksè limite nan sipò. Ou ka pa konnen sou lwa vyolans domestik ak dwa nan peyi Etazini.

Moun ki fè w abi a ka sèvi ak estati imigrasyon w pou kontwole w oswa pou anpeche w jwen èd. Moun ki fè w abi a ka itilize laperèz ou pou depòtasyon pou anpeche w rapòte abi.

Egzanp komen yo kapab le fè ke moun ki abize w la:

  • Sere dokiman imigrasyon ou yo pou pa wè yo
  • Anpeche w jwenn dokiman idantifikasyon
  • Detwi dokiman legal tankou lisans chofè ak paspò
  • Anpeche w ranpli yon aplikasyon imigrasyon
  • Refize depoze demand imigrasyon nan non w
  • Menase ou menm oswa moun ou renmen yo pou depòtasyon
  • Anpeche w aprann Anglè

Chèche èd imigrasyon

Nan peyi Etazini, gen èd pou imigran ki viktim vyolans domestik yo. Ou ta ka kapab:

Li enpòtan pou w jwenn konsèy legal pandan w ap konsidere opsyon ou yo. Yon avoka oswa reprezantan akredite ka ede w chèche konnen si w kalifye epi ranpli aplikasyon w. Anpil òganizasyon ak avoka ofri èd legal gratis oswa a bon mache.

Konnen dwa ou

Li enpòtan pou w konnen dwa w ak lwa yo nan peyi Etazini. Ou gen dwa a sekirite ak sipò kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon ou.

Nenpòt moun ki sibi abi domestik gen dwa:

  • Èd nan men lapolis
  • Pwosekisyon kriminèl kont moun ki fè abi a
  • Yon kote pou rete an ijans
  • Swen medikal ijans
  • lojman kout Tèm
  • Konsèy pou kriz
  • Sèvis kominotè
  • Lòd pwoteksyon
  • Gad ak pansyon alimante pou timoun
  • Separasyon legal oswa divòs san kon santman mari oswa madanm ou

Pou imigran yo, li enpòtan pou konnen tou:

  • Ou ka rapòte abi san ou pa oblije pataje estati imigrasyon w.
  • Ou gen dwa pou ak tradiksyon ak èntepretasyon èd lèw ap pale ak lapolis epi pou jwenn sèvis gouvènman an.
  • Ou gen dwa pou jwen èd menm si ou se yon imigran san papye.

Jwenn èd nan

Gen anpil sèvis ki vle ede ou. Ou ka jwenn èd ki espesyalman pou moun ki soti nan peyi w oswa ki pale lang ou.

Ou kapab swiv premye etap sa yo:

  • Fè yon plan sekirite pou prepare w pou yon kriz. Sa gen ladan anvan ak apre w fin kite yon sitiyasyon abizif.
  • Dokimante abi w la. Pran foto blesi w yo ak foto ekran mesaj menas ou resevwa yo.
  • Pale ak moun ou fè konfyans. Sa a kapab yon zanmi, fanmi, pwofesè, konseye lekòl, vwazen oswa dirijan kominotè.
  • Rele oswa voye mesaj yon liy asistans pou èd gratis ak anonim. Liy asistans yo gen ladan yo pwofesyonèl ki resevwa fòmasyon ki ka bay konsèy ak sipò.
  • Kontakte yon òganizasyon kominotè pou w jwenn èd. Yo ka ofri divès fòm asistans, tankou konsèy, kote pou rete ak aksè nan resous legal yo.
  • Pale ak yon avoka imigrasyon. Jwenn konsèy sou dwa w yo ak opsyon pou pwoteksyon legal.
  • Jwenn èd pou byennèt mantal ou. Abi ka afekte bonè w ak sante w. Aprann kijan pou jwenn sèvis sante mantal.
Si w enkyè ke yon moun ap kontwole itilizasyon entènèt ou, efase istwa Navigasyon w epi itilize ak mòd prive. Ou kapab tou itilize aparèy yon zanmi oswa yon òdinatè bibliyotèk pou plis sekirite.

Rapòte vyolans domestik

Vyolans domestik kont lalwa. Ou kapab siyale lapolis yon abi a nenpòt ki moman.

Men sa ou kapab fè:

  • Ale nan yon estasyon lapolis oswa yon lopital si w bezwen èd medikal. Ou kapab fè yon rapò lapolis, la.
  • Si gen yon ijans, pale ak ofisye lapolis la ki vini pou ede a. Rete kalm epi di laverite.
  • Fè lapolis konnen si patnè w la gen zam, lòt zam, yon manda darè kont yo, oswa yon lòd pou restriksyon kont yo.
  • Si lapolis vizite lakay ou, ou ka mande pou pale ak yo. Ou pa bezwen siyen papye ke ou pa ka li oswa konprann.
  • Verifye si yon sant kriz lokal oswa yon abri ka ede w fè yon rapò.
  • Li plis konsèy pou siyale yon ensidan bay lapolis la.

Ou ka konsidere tou depoze pou yon lòd pwoteksyon ki anpeche moun ki ap fèw abi la pwoche w oswa fe yon lòt moun abi. Ou pral oblije temwaye nan yon odyans. Yon lòd pwoteksyon ka dire kèk ane epi li ka pwolonje.

Chak eta gen lwa esifik yo ki gen rapò ak vyolans domestik yo. Raseyew sou lòd restriksyon, divòs, gad, ak sipò pou timoun nan eta ou.

Liy telefòn dirèk ak lòt èd

Liy dirèk ak òganizasyon yo bay sipò gratis ak prive pou sivivan vyolans domestik yo. Yo ka ede w ak yon plan sekirite, jwenn yon kote ki an sekirite pou ale, epi yo ofri sipò sante mantal ak konsèy legal.

Yo pral mande enfòmasyon sou sitiyasyon w pou ede w konnen ki opsyon ki disponib. Ou pa oblije pataje okenn detay ke ou pa vle. Yo pa pral pataje enfòmasyon w oswa rapòte abi w la san otorizasyon w.

Òganizasyon
Ofri
National Domestic Violence Hotline
800-799-7233
TTY 800-787-3224
Tèks START nan 88788
Liy dirèk 24 èd tan ki disponib nan 200+ lang. Yo bay tou lis sèvis lokal yo tou.
Liy dirèk 24 sou 24 pou atak seksyèl. Epitou nan lang Panyòl.
Liy dirèk pou viktim krim yo.
Lanmou se Respè866-331-9474
TTY 800-787-3224
Liy dirèk 24 sou 24 pou adolesan ak jèn adilt. Epitou nan lang Panyòl.
Tip Fanm
888-888-7702
liy dirèk 24 èdtan. Epitou nan Panyòl ak 18 lang Azyatik.
Liy dirèk 24 sou 24 pou jwenn konsèy pou abi sou timoun. Sa a se pa yon liy pou fè apò.
Enfòmasyon legal ak liy dirèk imèl.
Èd legal pou sivivan imigran yo.
Rechèch pou refij ak pwogram vyolans domestik tou pre kote w rete.
Chèche lis òganizasyon ki ede sivivan nan atak seksyèl.
Chèche yon sant ki toupre w.
Chèche lis òganizasyon ki ede kominote Mizilman an.
Resous sou maltretans kont granmoun.
Liy Asistans pou Afgan ki ap mande Azil
888-991-0852
Yon liy asistans jeneral ki ka ofri èd nan lang Dari ak Pashto.

Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de National Domestic Violence Hotline, USCIS, Esperanza United, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.