Tip menas
Yon menas se lè yon moun di oswa montre yo vle fè swa ou menm oswa w byen w mal. Sa yo ka gen ladan domaj fizik oswa emosyonèl, domaj nan byen ou yo, ensilt, ap eseye pè ou, oswa abi.
Gen diferan kalite menas ak fason pou reponn yo.
- Menas an pèsòn rive lè yon moun tou pre w montre li vle lmal.
- Menas nan telefòn fèt pandan ou nan yon apèl. Pafwa menas ki fèt nan telefòn yo kapab se nan “yon kou monte” y ap pran ou. Sa a se lè yon moun ap pran plezi ak ou epi se pa yon menas reyèl li ye. Li toujou pi bon pou trete li tankou se yon bagay reyèl si ou pa fin twò rasire.
- Menas nan mesaj elektwonik jeneralman se nan mesaj tèks, medya sosyal, oswa imèl ou resevwa yo.
- Krim rayismani ki gen ladan menas oswa vyolans kont ou ou akòz ras ou, relijyon w, oryantasyon seksyèl ou, orijin nasyonal ou, oswa lòt idantite pèsonèl ou.
Konnen ki jan yo pwoteje tèt ou kont move ak fo sit entènèt. Aprann sa pou w fè si w te viktim fwod.
Kijan pou reyaji fas ak yon menas
Kisa ou dwe fè selon tip menas lan epi nan ki nivo pou pran menas lan oserye.
Reponn a yon menas an pèsòn
- Sekirite w pi enpòtan. Gade rapidman ozalantou epi jwenn yon kote ki an sekirite pou ale. Sa a ta ka yon kote okipe ak anpil moun oswa yon kote ou ka kache.
- Pa fè tèt cho. Evite gade moun nan je oswa pale ansanm ak moun k ap menase ou an. Pa demontre ou pè epi kouri oswa fè bak byen rapid.
- Rele 911 pou jwenn èd imedya.
- Mande èd nan men moun ki ka bò kote w.
- Kache epi eseye bloke fason pou yo rive jwenn ou. Mete telefòn ou sou silans.
- Eseye pran detay konsènan evènman an. Eseye pran foto oswa videyo san pa gen danje pou fè sa oswa mande yon moun ki toupre pou li fè sa pou ou. Si ou pa konnen moun k ap menase ou an, chèche kèk bagay ki ka ede ou idantifye moun lan tankou laj li, sèks li, ras li, wotè li, gwosè li, cheve li ansanm ak koulè je li, rad ki sou li epi tout lòt bagay ou kapab idantifye.
- Dènye sa pou fè se riposte lè lavi ou nan yon danje imedya.
- Siyale menas la bay ajan lapolis.
Rele 911 si ou menm oswa yon lòt moun nan danje imedya. Aprann ksa pou atann ou lè w rele polis.
Reponn a yon menas nan telefòn oswa pa yon mesaj
- Rete kalm epi pa rakwoche telefòn nan. Eseye jwenn plis enfòmasyon sou moun k ap menase w la. Poze kesyon pou ede w konnen si menas la reyèl.
- Pa reponn mesaj yo, piblikasyon medya sosyal, oswa imèl yo.
- Sere enfòmasyon. Kenbe mesaj yo epi note yon nimewo telefòn oswa yon adrès imel. Pran yon kopi ekran (screenshot) menas ki sou rezo sosyal yo. Anrejistre yon apèl telefòn si sa posib oubyen note sa yo te di espesyalman. Ekri egzakteman sa ki te di a. Ou ka anrejistre apèl la si li legal nan eta kote w rete a.
- Bloke moun nan apre ou fin sove prèv la.
- Siyale menas la bay ajan lapolis.
Aprann kisa pou w fè si ICE vini lakay ou, nan travay ou, oswa si yo rete w ou an piblik. Konprann dwa ou yo ak kijan pou devlope yon plan sekirite.
Reponn a menas akòz estati imigran ou an
- Itilize anglè nan sitiyasyon an si sa posib.
- Pa santi bezwen pou edike moun sou move konsepsyon yo. Moun ki rasis oswa vyolan yo pa rasyonèl.
- Chèche èd legal si yon moun ap menase w pou rele imigrasyon pou ou epi ou pè pou yo pa depòte w.
- Rapòte krim rayisman bay lapolis lokal la oswa FBI a.
- Kontakte òganizasyon dwa sivil yo, sitou si ou pa alèz pou pale ansanm ak lapolis.
- Jwenn plis enfòmasyon sou dwa ou genyen antanke yon imigran..
- Kontakte manm kominote ou an. Diskite sou menas ansanm ak lòt moun ki te pase nan menm bagay lan kapab ede ou konnen kisa pou ou fè.
Apre ou fin sibi yon menas, eseye jwenn sipò emosyonèl. Pale ak yon manm fanmi ou fè konfyans, zanmi, gwoup kominote a, oswa yon founisè sante mantal. Aprann plis sou sèvis sante mantal.
Kisa pou w fè si w temwen yo ap menase yon moun
- Pale fò oswa anrejistre menas lan si ou kapab fè sa a an sekirite.
- Rele 911 si moun y ap menase a nan danje imedya.
- Pale ak viktim nan. Ofri èd epi mande kijan ou ka sipòte yo. Koute volonte yo anvan ou pran nenpòt aksyon.
- Pwopoze pou deplase ansanm ak viktim lan.
- Rete ansanm ak viktim lan aprè menas lan si li bezwen plis sipò.
Rapòte yon menas
Si yon moun menase w, ou ka rapòte sa bay lapolis. Ou ka rele 911 pandan yon menas oswa lapolis lokal apre yon menas. Si ou pa santi w alèz pou rele lapolis, genyen lòt resous sekirite ki disponib pou ou.
Pou menas nan yon kote espesifik, ou ka kite anplwaye ki apwopriye a oswa sekirite konnen. Pa egzanp, si yon menas rive nan travay ou, pale ak sipèvizè ou oswa depatman resous imen. Si yon menas rive nan yon bis, di chofè bis la.
Ou kapab tou rive jwenn sòti nan òganizasyon sa yo pou èd ak menas:
Kontakte | Pou |
|---|---|
Menas pou dwa sivil ou yo, tankou dwa imigran ak LGBTQ+ | |
Menas pou dwa sivil Afriken Ameriken ak krim rayisman | |
Menas pou Ameriken Azyatik yo | |
Menas pou dwa sivil Mizilman yo ak krim rayisman | |
Menas pou kominote LGBTQ+ yo | |
Menas lakay ou | |
Biwo lokal FBI (800) 225‐5324 | Menas pa ajan gouvènman etranje yo, ofisyèl gouvènman yo, krim òganize, ak krim rayi |
Menas sou medya sosyal |
Èske mwen ka rapòte yon menas anonimman?
Wi, ou ka rapòte yon menas san ou pa bay non ou, men sèlman nan sèten fason.
- 911 ak lapolis lokal yo PA anonim: operatè 911 yo ak estasyon lapolis lokal yo wè nimewo telefòn ou ak kote ou ye a otomatikman.
- Rele liy dirèk endepandan yo: Gen kèk pwogram, tankou Crime Stoppers (1-800-222-8477) ak WeTip (1-800-782-7463) ki pèmèt rapò anonim.
- Sèvi ak fòmilè pou bay enfòmasyon an liy: Ou ka soumèt enfòmasyon atravè lapolis lokal la oswa sit entènèt FBI a. Senpleman kite chan non an ak kontak la konplètman vid.
Anpil depatman lapolis pa poze kesyon sou estati imigrasyon, men règleman yo varye selon kote a. Si w ap enkyete w, kontakte yon founisè avoka oswa youn nan òganizasyon defans dwa ki nan lis anwo a.
Aprann kijan pou jwenn èd gratis oswa bon mache nan men avoka imigrasyon ak reprezantan legal de konfyans.
Kisa k ap pase lè mwen fin siyale yon menas?
Chak òganizasyon genyen pwosedi pa yo pou mennen ankèt epi reyaji kont menas. Pran enfòmasyon nan òganizasyon ou an pou konnen lòt etap yo.
Tipikman, lapolis ap mennen ankèt sou menas la ak moun ki te fè menas la. Si ou te pran yon foto oubyen yon videyo, ou ka sèvi ak yo kòm prèv. Si lapolis jwenn menas la kredib epi li vyole lalwa, yo ka arete moun nan epi refere ka a bay pwokirè yo. Menase pou fè mal fizikman se yon krim grav nan anpil eta.
Ou kapab depoze yon pwosè sivil tou nan tribinal lokal ou a pou domaj emosyonèl oswa fizik. Ou ka ranpli pou yon lòd restriksyon kont yon moun pou yo sispann menase w epi rete lwen w.
Plis soti nan USAHello
K ap chèche enfòmasyon espesifik?
Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USA.gov, the FCC, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.