Èske ou ka chache azil sou fwontyè a
Règ pou chèche azil sou fwontyè Etazini ak Meksik la ap chanje. Konnen plis sou fen Tit 42 la. Konprann pwosesis pou aplikasyon CBP One nan, ekspilsyon akselere, ak entèvyou sou krent kredib. Jwenn resous pou ede w tou pre fwontyè a.

Azil se yon fòm pwoteksyon ki pèmèt ou rete Ozetazini si w te pèsekisyon oswa ou pè pèsekisyon nan peyi w. Ou dwe aplike pou azil.
Enfòmasyon ki pi ba a gen ladan dènye mizajou DHS aprè Tit 42 la fini. Yon tribinal te konteste politik sa yo, men pa gen okenn chanjman touswit. Règleman ki anba yo anvigè kounye a. Paj sa a pral aktyalize si gen chanjman.
Mande azil sou fwontyè Etazini an
Lwa entènasyonal ak lwa Etazini bay dwa pou mande azil nan Etazini ak sou fwontyè Etazini-Meksik la. Se dwa jiridik ou menm si gouvènman ameriken an ap pase nouvo lwa pou rann li plis difisil. Sa se nan kad yon pi gwo efò pou eseye fè mwens moun vini sou fwontyè ameriken an.
Si ou gen yon viza pou w antre Ozetazini oswa ou te resevwa otorizasyon pou w vwayaje Ozetazini nan kad pwogram Liberasyon kondisyonèl, ou kapab ale nan nenpòt pwen antre epi mande azil yon fason legal.
Chanjman nan politik me 2023 yo
Nan dat 11 me 2023, politik Etazini sou sa ki konsène azil ap chanje epi Tit 42 ap fini. Etazini pral ogmante pwosesis la nan lwa Tit 8. Si ou pa gen otorizasyon pou w antre Ozetazini epi ou vle mande azil sou fwontyè Etazini-Meksik la, ou dwe fè youn nan sa ki annapre yo kounye a:
- Pran yon randevou sou aplikasyon CBP One
- Te aplike pou azil nan yon lòt peyi epi te jwenn refi
- Anmezi pou w pwouve ou nan yon risk ekstrèm, tankou ou genyen yon ijans medikal grav oswa menas reyèl sou sekirite w
Moun nan kèk lòt peyi ka elijib tou pou yo aplike pou lòt fòm pwotekyson andedan Etazini. Pwogram sa yo pèmèt moun yo antre Ozetazini san yo pa pase sou fwontyè a. Si ou elijib, ou kapab aplike pou:
- Pwosesis pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen, ak Venezyelyen
- Pwosesis reyinifikasyon fanmi nan pwogram liberasyon kondisyonèl
Si ou pa fè youn nan sa ki anlè yo epi w ap eseye travèse fwontyè Etazini-Meksik la, gen chans pou:
- Voye ou retounen nan kèk jou
- Pa ba ou dwa pou w mande azil
- Bani ou pou w pa janm ka retounen Ozetazini pandan 5 lane pou pi piti epi ou ka pran prizon ak peye amann si ou retounen travèse ankò san papye legal
Pa gen ekzanpsyon ki baze sou nasyonalite yo. Règleman sa yo ka pa aplike ak tout entegralite pou timoun k ap vwayaje poukont yo. |
Aplikasyon CBP One
Si ou vle mande azil Ozetazini sou fwontyè Etazini-Meksik la, fòk ou pran yon randevou dabò sou aplikasyon CBP One. Si yo te deja refize ou azil nan yon lòt peyi, ou pa bezwen pran yon randevou. Yon randevou ap pèmèt ou montre enfòmasyon ou yo nan yon pwen antre sou fwontyè a.
Fòk ou nan Santral oswa nan Nòdwès Meksik pou w kapab itlize aplikasyon an. Randevou yo pa toujou disponib e ou ka genyen pou w eseye plizyè fwa. Yon randevou pa garanti antre.
Si ou pa kapab itilize aplikasyon CBP One nan akoz ou pa kapab li oswa akoz gwo pwoblèm teknik, ou kapab mande yon eksepsyon sou fwontyè a. Y ap mande ou pou w pwouve ou pa t anmezi pou w itilize aplikasyon an. Si yo asepte prèv ou a, yo ka ba ou opòtinite pou ou prezante ka laperèz kredib ou a. Yo ka mete w nan yon sant detansyon pandan w ap tann.
Si ou pa itilize aplikasyon CBP One nan (oswa ou genyen yon eksepsyon) oswa yo pa t refize ou azil nan yon lòt peyi, y ap mete ou nan depòtasyon rapid.
Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen ak Venezwelyen ka elijib kounye a pou yon pwogram tanporè pou vini Etazini pou yo viv ak travay pandan 2 lane. Si w ap eseye antre nan Etazini epi travèse Panama, Meksik, oswa fwontyè Etazini an ou p ap gen dwa aplike. Kiben ak Ayisyen k ap eseye antre Etanizi ki pase nan dlo pa kalifye. Aprann plis.
Si ou se yon sitwayen Kiba, Ayiti, Kolonbi, Salvadò, Gwatemala, oswa Ondiras, ou ka kalifye pou rantre nan fanmi ou Ozetazini atravè pwosesis libète pou reyinifikasyon fanmi an.
Pou w kalifye, ou dwe genyen yon Fòm I-130 apwouve ak yon manm fanmi ki swa yon sitwayen ameriken oswa yon moun ki gen kat vèt. Ou ka aplike sèlman si fanmi w te resevwa yon envitasyon nan men Depatman Deta.
Si ou deja nan yon pwosedi devan tribinal imigrasyon, nouvo règleman an pa aplikab pou ou.
Ou pa kapab cheche azil sou fwontyè Etazini ak Kanada si ou te pase nan Kanada avan, sof si ou fè pati yon eksepsyon. Se sa yo rele sa règleman Peyi Tyès Sekirize (Safe Third Country). Règleman sa egzije ou pou w aplike pou azil nan nenpòt ki peyi kote ou rive anvan an (Etazini oswa Kanada).
Si ou antre Kanada anvan epi w ap eseye antre Ozetazini atravè fwontyè tèrès la, ou p ap kapab aplike pou azil. Y ap voye ou retounen Kanada.
Si yo refize ou azil o Kanada, ou pa ka aplike pou azil nan Etazini.
Apati mas 2023, règleman sa aplike kounye a sou tout fwontyè Etazini-Kanada a. Sa vle di y ap voye ou retounen keseswa se nan yon pò antre ofisyèl ou pase oswa yon lòt kote. Si ou kenbe ou Ozetazini nan 14 jou apre ou fin travèse, y ap voye ou retounen otomatikman san okenn chans pou w aplike pou azil.
Si ou Ozetazini pandan plispase 14 jou, w ap kapab aplike pou azil.
Lè ou nan detansyon
Si se Patwòl Fwontyè Ameriken oswa Sèvis Ladwann ak Imigrasyon Etazini, li enpòtan pou w konnen dwa ou yo. Pou pwòp sekirite ou, li enpòtan pou ou rete trankil epi respekte otorite yo:
- Swiv entriksyon yo
- Pa diskite, goumen, oswa reziste
- Pa bay manti oswa montre fo dokiman
- Toujou kite men ou kote ajan yo kapab wè yo
W ap rete nan men fòs lòd yo epi w ap genyen swiv règleman ki estrik jiskaske yo deside sou ka w la. Sa se lè ou nan gad DHS. Kote y ap mete w la ap swa yon batiman Patwòl Fwontyè Ameriken oswa Sèvis Ladwann ak Imigrasyon Etazini (ICE).
Si ou nan detansyon, li enpòtan pou ou konnen dwa ou:
- Ou gen dwa pou ou rete an silans ak pou w pale ak yon avoka.
- Ou pa genyen pou w siyen anyen anvan w pale ak yon avoka.
- Ou gen dwa ak yon apèl telefòn pou w pale ak manm fanmi ou.
- Ofisye Patwòl ak CBP yo pa kapab gen konpòtman abi fizik oswa vèbal, menas, oswa taktik entimidasyon kont ou.
Aprann plis avèk ACLU’s Know Your Rights.
Gen chans pou yo mennen ou nan yon sant detansyon ICE. W ap pase nan yon premye pwosedi tretman kote y ap pran anprent ou ak foto ou.
Yo ka kenbe ou nan selil poukont ou oswa ak lòt moun oswa nan chanm ki sanble ak dòtwa. Gason yo ak fanm yo ka pa menm kote. Ou ka pa kapab fè bezwen ou lè ou vle epi ou ka pa gen dwa pou w soti nan batiman an.
Yo ta dwe ba ou nesesite de baz yo tankou kabann, twalèt, ak manje. Ou ta dwe jwenn swen medikal tou.
Kondisyon yo ak tretman yo nan batiman detansyon yo kapab diferan anpil toudepann de ki kote ou ye. Gen ka abi dwa moun ak move kondisyon. Li enpòtan pou ou konprann dwa ou epi chèche asistans jiridik si oumenm oswa yon moun ou konnen nan detansyon.
Depòtasyon rapid
Depòtasyon rapid pèmèt ofisye imigrasyon yo deside byen vit si yo ta dwe depòte yon moun san yo pa parèt devan yon jij. Selon nouvo politik yo, plis moun k ap fè fas ak depòtasyon rapid Ozetazini.
Yo kapab mete ou nan pwosedi pou depòtasyon rapid si ou te antre Ozetazini san viza oswa ak fo dokiman vwayaj. Yo ka voye ou retounen Meksik oswa nan peyi ou epi entèdi ou antre Etazini pandan 5 lane ou plis.
Depòtasyon rapid aplike pou ni granmoun ki poukont yo ak ni fanmi yo. Li pa pou timoun ki pa akonpaye.
Si w di ou vle aplike pou azil oswa ou di ou pè pèsekisyon ou gen dwa pou yon entèvyou kredib sou enkyetid pèsekisyon. Yo pa dwe depòte w Ozetazini toutotan yon ofisye azil deside si ou gen yon menas kredib epi si w ka aplike pou azil. Gen kèk moun yo toujou depòte san entèvyou memn lè li se yon dwa. Chèche èd. |
Perèz fyab
Laperèz kredib vle di pè pèsekisyon ou gen bon rezon pou w kwè. Yon ofisye azil pral bay yon antrevi sou parèz fyab pou aprann plis sak fè w pè pou retounen an. Ou ka rete nan gadavi oswa sou seveyans pandan w ap ret tann.
Depistaj laperèz kredib la pral fèt nan telefòn oswa an pèsòn pandan ou nan detansyon an. Yon ofisye azil pral poze w kat kesyon. Repons ou yo pral ede yo deside si reklamasyon w lan ase solid pou ale pi devan ak yon entèvyou azil oswa odyans imigrasyon.
Yo ka mande:
- Poukisa ou te kite lakay ou oswa dènye peyi residans ou?
- Eske w pè oswa w enkyete pou retounen nan peyi w oswa ekspilse Ozetazini?
- Eske w ap an danje si ou retounen nan peyi w oswa nan dènye pi w te rete a?
- Eske w gen kèk kesyon oswa nenpòt lòt bagay ou ta renmen ajoute?
Ou dwe onèt epi eksplike tout detay enpòtan yo.
Pran bon nòt. Ekri dat enpòtan yo pou ou ka asire w ou rakonte sitiyasyon an kòrèkteman chak fwa. Si w chanje yon pati nan istwa w aksidantèlman, sa ka afekte dosye w la yon fason negatif.
Chèche jwenn konsèy jiridik. Ofisyèl imigrasyon yo pral ba ou yon lis founisè sèvis jiridik gratis oswa ki ba pri ki ka ede w prepare pou entèvyou laperèz kredib ou a.
Si ofisye azil la deside ou gen yon pè kredib yo pral swa:
- Konsidere ka w la plis nan yon dezyèm entèvyou ki rele Azil Merits Interview epi w p ap bezwen ranpli Fòm I-589 la
– oubyen – - Bay yon jij imigrasyon dosye w la pou l revize kòm yon ka azil defansif epi w ap bezwen ranpli Fòm I-589 la
Si ofisye azil la deside ou pa gen yon menas ki kredib, ou ka mande yon jij imigrasyon pou revize desizyon an nan yon odyans.
- Si jij la pa dakò ak ofisye azil la, w ap kapab fè tande dosye w la nan yon odyans tribinal imigrasyon.
- Si jij imigrasyon la dakò ak ofisye azil la, ICE pral depòte w Ozetazini.
Si w pa mande yon revizyon, ICE pral depòte w Ozetazini.
Chèche èd
Pwosesis azil la trè konplike. Li enpòtan pou revize opsyon pou èd jiridik la. Anpil òganizasyon ak avoka ofri sèvis legal ak sipò gratis oswa nan ba pri. Gen kèk ki nan lis anba a.
Ou gen plis chans pou w jwenn azil avèk èd yon avoka imigrasyon oubyen yon reprezantan legal ki akredite. Yo ka ede w ranpli aplikasyon w lan epi prepare w pou entèvyou oubyen odyans ou.
Kiyès | Ofri | Kontakte |
---|---|---|
Yon manm gratis ak èd legal ak enfòmasyon. | ||
Ede w jwenn sèvis ki prè ou. | 800-375-1433 | |
Èd pou moun yo te arete nan Arizona. | 602-307-10081845# nan yon telefòn sant detasyon | |
Chèche èd legal nan etablisman detansyon. | ||
Èd pou moun yo te arete yo. | 209-757-37339233# soti nan telefòn sant detansyon | |
Èd si w te separe ak yon timoun oubyen yon fanmi. | 213-454-0527 [email protected] | |
Ede w si yo te agrese w nan yon sant detansyon oswa yon lòt kote. | 800-656-4673 | |
Èd si w te separe ak yon timoun oubyen yon fanmi. Disponib 24/24. | 800-203-7001699# soti nan telefòn sant detansyon [email protected] | |
ÈEd pou refijye ak moun k ap chèche azil yo te arete Ozetanini. | 202-461-2356#566 soti nan telefòn sant detansyon | |
Jwenn mizajou sou ka w la. | 800-898-7180 | |
Jwenn enfomasyon sou manm fanmi yo ak dosye w la. Rapòte pwoblèm pandan w nan detansyon tankou abi seksyèl ou fizik. | 888-351-40249116# ki soti nan telefòn sant detansyonSeparasyon fanmi: [email protected]è prizonye yo:https://locator.ice.gov/odls/ |

Jwenn èd legal, kou anglè, klinik sante, sipò lojman, ak plis ankò. Chèche yon kat jeyografik lokal ak yon lis sèvis pou imigran nan peyi Etazini ak aplikasyon FindHello a.
Lòt oganizasyon leta k ap ede moun sou fwontyè a genyen ladan yo:
Arizona
Sevis Kominote Katolik / Casa Alitas
Kino Border Initiative
Kalifòni
Galilee Center
JFS
Meksik ak Kalifòni
Al Atro Lado
Border Angels
Border Kindness
Jewish Family Service
HIAS Mexico
ImmDef
InfoDigna
Resource Center Matamoros
Nouvo Meksik
Lutheran Family Services
Catholic Charities
Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de DHS, non-profit organizations working at the border, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.