Pataje

Èske ou ka chache azil sou fwontyè a

Règ pou chèche azil sou fwontyè Etazini ak Meksik la ap chanje. Konnen plis sou fen Tit 42 la. Konprann pwosesis pou aplikasyon CBP One nan, ekspilsyon akselere, ak entèvyou sou krent kredib. Jwenn resous pou ede w tou pre fwontyè a.

Mizajou July 27, 2023

Azil se yon fòm pwoteksyon ki pèmèt ou rete Ozetazini si w te pèsekisyon oswa ou pè pèsekisyon nan peyi w.  Ou dwe aplike pou azil.

Enfòmasyon ki pi ba a gen ladan dènye mizajou DHS aprè Tit 42 la fini. Yon tribinal te konteste politik sa yo, men pa gen okenn chanjman touswit. Règleman ki anba yo anvigè kounye a. Paj sa a pral aktyalize si gen chanjman.

Mande azil sou fwontyè Etazini an

Lwa entènasyonal ak lwa Etazini bay dwa pou mande azil nan Etazini ak sou fwontyè Etazini-Meksik la. Se dwa jiridik ou menm si gouvènman ameriken an ap pase nouvo lwa pou rann li plis difisil. Sa se nan kad yon pi gwo efò pou eseye fè mwens moun vini sou fwontyè ameriken an. 

Si ou gen yon viza pou w antre Ozetazini oswa ou te resevwa otorizasyon pou w vwayaje Ozetazini nan kad pwogram Liberasyon kondisyonèl, ou kapab ale nan nenpòt pwen antre epi mande azil yon fason legal.

Chanjman nan politik me 2023 yo

Nan dat 11 me 2023, politik Etazini sou sa ki konsène azil ap chanje epi Tit 42 ap fini. Etazini pral ogmante pwosesis la nan lwa Tit 8. Si ou pa gen otorizasyon pou w antre Ozetazini epi ou vle mande azil sou fwontyè Etazini-Meksik la, ou dwe fè youn nan sa ki annapre yo kounye a: 

  • Pran yon randevou sou aplikasyon CBP One
  • Te aplike pou azil nan yon lòt peyi epi te jwenn refi 
  • Anmezi pou w pwouve ou nan yon risk ekstrèm, tankou ou genyen yon ijans medikal grav oswa menas reyèl sou sekirite w 

Moun nan kèk lòt peyi ka elijib tou pou yo aplike pou lòt fòm pwotekyson andedan Etazini. Pwogram sa yo pèmèt moun yo antre Ozetazini san yo pa pase sou fwontyè a. Si ou elijib, ou kapab aplike pou:

  • Pwosesis pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen, ak Venezyelyen 
  • Pwosesis reyinifikasyon fanmi nan pwogram liberasyon kondisyonèl 

Si ou pa fè youn nan sa ki anlè yo epi w ap eseye travèse fwontyè Etazini-Meksik la, gen chans pou:

  • Voye ou retounen nan kèk jou
  • Pa ba ou dwa pou w mande azil 
  • Bani ou pou w pa janm ka retounen Ozetazini pandan 5 lane pou pi piti epi ou ka pran prizon ak peye amann si ou retounen travèse ankò san papye legal
Pa gen ekzanpsyon ki baze sou nasyonalite yo. Règleman sa yo ka pa aplike ak tout entegralite pou timoun k ap vwayaje poukont yo.

Aplikasyon CBP One

Si ou vle mande azil Ozetazini sou fwontyè Etazini-Meksik la, fòk ou pran yon randevou dabò sou aplikasyon CBP One. Si yo te deja refize ou azil nan yon lòt peyi, ou pa bezwen pran yon randevou. Yon randevou ap pèmèt ou montre enfòmasyon ou yo nan yon pwen antre sou fwontyè a. 

Fòk ou nan Santral oswa nan Nòdwès Meksik pou w kapab itlize aplikasyon an. Randevou yo pa toujou disponib e ou ka genyen pou w eseye plizyè fwa. Yon randevou pa garanti antre.

(https://www.youtube.com/watch?v=ycCejJkg6HY)

Si ou pa kapab itilize aplikasyon CBP One nan akoz ou pa kapab li oswa akoz gwo pwoblèm teknik, ou kapab mande yon eksepsyon sou fwontyè a. Y ap mande ou pou w pwouve ou pa t anmezi pou w itilize aplikasyon an. Si yo asepte prèv ou a, yo ka ba ou opòtinite pou ou prezante ka laperèz kredib ou a. Yo ka mete w nan yon sant detansyon pandan w ap tann. 

Si ou pa itilize aplikasyon CBP One nan (oswa ou genyen yon eksepsyon) oswa yo pa t refize ou azil nan yon lòt peyi, y ap mete ou nan depòtasyon rapid.

Lè ou nan detansyon

Si se Patwòl Fwontyè Ameriken oswa Sèvis Ladwann ak Imigrasyon Etazini, li enpòtan pou w konnen dwa ou yo. Pou pwòp sekirite ou, li enpòtan pou ou rete trankil epi respekte otorite yo:

  • Swiv entriksyon yo
  • Pa diskite, goumen, oswa reziste
  • Pa bay manti oswa montre fo dokiman
  • Toujou kite men ou kote ajan yo kapab wè yo

W ap rete nan men fòs lòd yo epi w ap genyen swiv règleman ki estrik jiskaske yo deside sou ka w la. Sa se lè ou nan gad DHS. Kote y ap mete w la ap swa yon batiman Patwòl Fwontyè Ameriken oswa Sèvis Ladwann ak Imigrasyon Etazini (ICE). 

Depòtasyon rapid

Depòtasyon rapid pèmèt ofisye imigrasyon yo deside byen vit si yo ta dwe depòte yon moun san yo pa parèt devan yon jij. Selon nouvo politik yo, plis moun k ap fè fas ak depòtasyon rapid Ozetazini. 

Yo kapab mete ou nan pwosedi pou depòtasyon rapid si ou te antre Ozetazini san viza oswa ak fo dokiman vwayaj. Yo ka voye ou retounen Meksik oswa nan peyi ou epi entèdi ou antre Etazini pandan 5 lane ou plis.

Depòtasyon rapid aplike pou ni granmoun ki poukont yo ak ni fanmi yo. Li pa pou timoun ki pa akonpaye. 

Si w di ou vle aplike pou azil oswa ou di ou pè pèsekisyon ou gen dwa pou yon entèvyou kredib sou enkyetid pèsekisyon. Yo pa dwe depòte w Ozetazini toutotan yon ofisye azil deside si ou gen yon menas kredib epi si w ka aplike pou azil. Gen kèk moun yo toujou depòte san entèvyou memn lè li se yon dwa. Chèche èd.

Perèz fyab

Laperèz kredib vle di pè pèsekisyon ou gen bon rezon pou w kwè. Yon ofisye azil pral bay yon antrevi sou parèz fyab pou aprann plis sak fè w pè pou retounen an. Ou ka rete nan gadavi oswa sou seveyans pandan w ap ret tann.

Depistaj laperèz kredib la pral fèt nan telefòn oswa an pèsòn pandan ou nan detansyon an. Yon ofisye azil pral poze w kat kesyon. Repons ou yo pral ede yo deside si reklamasyon w lan ase solid pou ale pi devan ak yon entèvyou azil oswa odyans imigrasyon.

Yo ka mande:

  • Poukisa ou te kite lakay ou oswa dènye peyi residans ou?
  • Eske w pè oswa w enkyete pou retounen nan peyi w oswa ekspilse Ozetazini?
  • Eske w ap an danje si ou retounen nan peyi w oswa nan dènye pi w te rete a?
  • Eske w gen kèk kesyon oswa nenpòt lòt bagay ou ta renmen ajoute?

Chèche èd

Pwosesis azil la trè konplike. Li enpòtan pou revize opsyon pou èd jiridik la. Anpil òganizasyon ak avoka ofri sèvis legal ak sipò gratis oswa nan ba pri. Gen kèk ki nan lis anba a.

Ou gen plis chans pou w jwenn azil avèk èd yon avoka imigrasyon oubyen yon reprezantan legal ki akredite. Yo ka ede w ranpli aplikasyon w lan epi prepare w pou entèvyou oubyen odyans ou.

Kiyès
Ofri
Kontakte
Yon manm gratis ak èd legal ak enfòmasyon.
Ede w jwenn sèvis ki prè ou.
800-375-1433
Èd pou moun yo te arete nan Arizona.
602-307-10081845# nan yon telefòn sant detasyon
Chèche èd legal nan etablisman detansyon.
Èd pou moun yo te arete yo.
209-757-37339233# soti nan telefòn sant detansyon
Èd si w te separe ak yon timoun oubyen yon fanmi.
213-454-0527 [email protected]
Ede w si yo te agrese w nan yon sant detansyon oswa yon lòt kote.
800-656-4673
Èd si w te separe ak yon timoun oubyen yon fanmi. Disponib 24/24.
800-203-7001699# soti nan telefòn sant detansyon [email protected]
ÈEd pou refijye ak moun k ap chèche azil yo te arete Ozetanini.
202-461-2356#566 soti nan telefòn sant detansyon
Jwenn mizajou sou ka w la.
800-898-7180
Jwenn enfomasyon sou manm fanmi yo ak dosye w la. Rapòte pwoblèm pandan w nan detansyon tankou abi seksyèl ou fizik.
888-351-40249116# ki soti nan telefòn sant detansyonSeparasyon fanmi: [email protected]è prizonye yo:https://locator.ice.gov/odls/
Jwenn èd toupre w

Jwenn èd legal, kou anglè, klinik sante, sipò lojman, ak plis ankò. Chèche yon kat jeyografik lokal ak yon lis sèvis pou imigran nan peyi Etazini ak aplikasyon FindHello a.

Kòmanse rechèch ou an

Lòt oganizasyon leta k ap ede moun sou fwontyè a genyen ladan yo:


Arizona
Sevis Kominote Katolik / Casa Alitas
Kino Border Initiative

Kalifòni
Galilee Center
JFS

Meksik ak Kalifòni 
Al Atro Lado
Border Angels
Border Kindness
Jewish Family Service 
HIAS Mexico
ImmDef
InfoDigna 
Resource Center Matamoros

Nouvo Meksik
Lutheran Family Services
Catholic Charities


Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de DHS, non-profit organizations working at the border, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.

Pataje