LGBTQ+ imigran: idantite ak dwa

Mizajou nan dat 3 avril 2025
Paj sa a te tradui pwofesyonèl pa yon moun. Aprann plis
LGBTQ+kanpe pou madivin, masisi, biseksyèl, transjan, queer, ak kesyone. Kominote LGBTQ+ la gen ladan moun ki nan tout ras diferan, laj, e menm estati imigrasyon. Aprann sou diferan idantite yo, dwa w yo, ak kijan pou jwenn sipò nan Etazini yo.

Konpreyansyon idantite yo

1 nan 13 granmoun nan Etazini a idantifye kòm LGBTQ+. Sa a gen ladan divès kalite idantite seksyèl ak jan sèksyel:

  • Lesbyèn: Fanm ki gen atirans emosyonèl, amourez, oswa seksyèl pou lòt fanm.
  • Gay: Anjeneral dekri gason ki atire pa lòt gason, men li ka refere tou ak gason ak fi ki atire pa patnè ki gen menm sèks oswa menm jan patnè yo
  • Biseksyèl: Moun ki atire pa gason ak fanm.
  • Transjan (trans): Endividi ki gen idantite sèksyèl diferan de sèks ke li resevwa le li fèt.
  • Queer: Gen ladan nenpòt idantite seksyèl ak sèks ki pa etewo oswa cisgender. Sisgender refere a yon moun ki idantifye kòm sèks ke li resevwa nan nesans li.
  • Kesyone: Moun k ap eksplore idantite seksyèl oswa idantite jan yo.
  • Plis (+) : Reprezante idantite adisyonèl seksyèl ak idantite jan. Men kèk egzanp:
    • Interseks: Moun ki fèt ak diferan karakteristik sèks ak varyasyon anatomik.
    • Aseksyèl: Moun ki pa fè eksperyans atraksyon seksyèl men yo ka toujou angaje nan relasyon amourez.
    • Ki pa binè: Moun ki pa idantifye sèlman kòm gason oswa fi. Yo ka itilize pwonon tankou "yo/yo".
    • Panseksyèl: Endividi atire pa moun ki gen tout idantite sèks.

Li enpòtan pou rekonèt ak respekte idantite chak moun. Ou ka mande yon moun ak respè ki non ak pwonon pi pito pou yo rele li Aprann plis mo ak tèm ka ede.

Imigran LGBTQ+

1.3 milyon LGBTQ+imigran granmoun ap viv nan Etazini, sa ki reprezante 3% nan tout imigran yo. Anpil moun vini Etazini pou plis dwa ak libète, pou yo viv ouvètman, e pou yo renmen lib.

Imigran LGBTQ+ka toujou fè fas a defi inik, tankou aksè limite nan resous akòz baryè lang epi pafwa mank akseptasyon nan pwòp kominote yo.

Dwa LGBTQ+ yo

Tout moun merite pou santi yo an sekirite ak respekte kèlkeswa oryantasyon seksyèl oswa idantite jan yo. Si ou se LGBTQ+, ou gen menm dwa debaz ak tout lòt moun nan peyi Etazini.

Byen ke lwa federal ofri kèk pwoteksyon kont diskriminasyon ki baze sou oryantasyon seksyèl oswa idantite sèksyèl, lwa eta ak lokal yo varye. Diskriminasyon vle di trete yon moun enjisteman a koz de moun yo ye. Nan anpil eta ak vil, li ilegal pou diskrimine nan espas travay la, lojman, ak edikasyon. Sepandan, se pa tout eta ki gen pwoteksyon sa yo. Li enpòtan pou konnen lwa nan zòn ou an.

Dwa debaz yo

  • Swen sante: Ou gen dwa jwenn aksè nan swen medikal. Menm si ou gen dwa sa a, diskriminasyon ka toujou rive, espesyalman pou moun ki transjan yo. Tout moun gen dwa pou resevwa swen medikal an ijans, menm si w se LGBTQ+ ak san papye. Jwenn enfòmasyon ak sipò.
  • Espas taravy : Lwa federal pwoteje kont diskriminasyon ki baze sou oryantasyon seksyèl oswa idantite sèksyèl nan espas travay la. Patwon w pa ka asele w ou oswa mande sou idantite LGBTQ+ou. Gen kèk eta yo ak kèk vil yo ofri pwoteksyon espesifik. Si ou se VIH pozitif, ou gen dwa pou akomodasyon rezonab nan travay ou.
  • Lojman: Lwa federal pwoteje kont diskriminasyon lojman kont moun LGBTQ+. Pwopriyetè kay yo pa ka poze kesyon sou idantite sèks ou oswa oryantasyon seksyèl epi yo dwe respekte non ou chwazi ak pwonon ou.
  • Lekòl: Lekòl piblik yo gen obligasyon federal pou entèdi diskriminasyon kont elèv LGBTQ+ ak fanmi yo. Elèv yo ta dwe pwoteje elèv yo kont asèlman ak entimidasyon pou eksprime idantite sèks yo. Sa gen ladann menas, takinen, entimidasyon, ak vyolans.

Aprann plis sou dwa imigran yo.

Dwa pou chèche azil nan Etazini

Si w te fè fas ak pèsekisyon nan peyi w paske w te LGBTQ+, ou ka mande azil Etazini. Ou dwe aplike nan yon lane ou fin rive Etazini, epi ou ka mete mari oswa madanm ou nan aplikasyon ou. Moun k ap chèche azil souvan fè fas a pwoblèm imigrasyon konplèks, sa ki fè li enpòtan pou chèche èd legal.

Dwa nan sant detansyon yo

Imigran LGBTQ+ nan sant detansyon yo souvan fè fas a pi gwo pousantaj abi. Imigran transganr yo nan gwo risk pou yo atak seksyèl. Ou gen dwa debaz nan detansyon, ki gen ladan aksè a tretman medikal ak konsèy legal. Si yo abize w, ou ka rapòte li nan katye jeneral ICE nan 855-448-6903 oswa depoze yon plent depoze yon plent ak CRCL.

Dwa eta yo

Gen kèk eta ki ofri plis dwa pou moun LGBTQ+ pase lòt. Ou ka gade nan kat jeyografik sa a pou wè ki eta yo gen pi bon pwoteksyon. Rechèch sou zòn espesifik nan eta yo pou pwoteksyon lokal yo ak sipò kominòte yo.

Maryaj menm sèks

Ou gen dwa marye ak patnè ou gen menm sèks avè li a. Sa a legal nan tout 50 eta yo ak Washington, DC Lwa a pwoteje sendika ou epi li bay menm avantaj legal yo ke marye etewoseksyèl genyen, tankou:

Patenarya domestik

Nan kèk eta, ou ka ranpli pou yon patenarya domestik si ou menm ak patnè menm sèks ou ap viv ansanm men yo pa marye. Sa ka ede w jwenn kèk benefis, tankou rantre nan plan asirans sante patnè ou a.

Imigrasyon fanmi

Si w se yon sitwayen Ameriken oswa detantè Green Card, ou ka ekri lèt pou mari / madanm ou pou vinn jwenn ou Etazini. Si w se yon sitwayen Ameriken, ou ka aplike tou pou yon viza fiyansay pou patnè w vini nan peyi Etazini pou marye.

Aprann plis sou pwosesis imigrasyon fanmi an.

Adopte ak akeyi timoun

Ou gen dwa pou adopte ak akeyi timoun. Gen kèk nan eta yo ki ofri pi bon pwoteksyon kont diskriminasyon nan pwosesis sa a pase lòt moun.

Dwa dokiman transgender yo

Ou ka legalman chanje non ou ak sèks sou sèten dokiman idantite. Sa gen ladan kat Idantifikasyon w yo ak lòt papye ki reflete idantite sèksyèl ou. Tou depan de eta ou a, ou ka chwazi tou pou chanje non w ak sèks sou dokiman tankou batistè w. Aprann sou pwosesis pou ajou Kat Isantifikasyon w lan.

U.S. Citizenship and Immigration Services (USCIS) pa aksepte chanjman sèks ankò. Yo pral kounye a sèlman lis sèks yon moun kòm swa gason oswa fi.

Jwenn èd ak kominote

Anpil òganizasyon ofri yon varyete sèvis gratis ak sipò bay moun LGBTQ +. Si dwa w yo te vyole, ou ka jwenn èd pou rapòte sa.

Òganizasyon
Sèvis gratis
Imèl [imèl proteje] pou èd pou rapòte diskriminasyon
Jwenn klinik sante LGBTQ+ pa vil ak eta
Jwenn sant LGBTQ+ yo
Rapòte diskriminasyon nan travay la
Enfòmasyon legal konfidansyèl, asistans, ak referans
Poze kesyon legal
Jwenn sèvis pou imigran LGBTQ+
Enfòmasyon jeneral ak resous legal yo
Sipò konfidansyèl atravè kanmarad
Jwenn swen sante zanmitay LGBTQ+
Èd legal atravè yon fòm oswa liy asistans
Sèvis legal pou imigran LGBTQ+ ak VIH+ ki pa gen anpil revni
Enfòmasyon plizyè lang sou vini afime tèt ou ak akseptasyon fanmi
Èd legal pou moun trans, ki gen ladan non ak sèvis chanjman sèks
LGBTQ+ founisè sante zanmitay
Sipò an pèsòn ak reyinyon vityèl, ki gen ladan yo pou Azyatik Ameriken ak Zile Pasifik, Nwa / Afriken Ameriken, ak kominote Latino yo
Sipò pou moun ki nan sant detansyon imigrasyon
Relokasyon ijans ak pwogram sipò
Sèvis legal pou chèche pwoteksyon
Sèvis legal ak lojman nan zòn Los Angeles
Sipò pou swisid ak kriz pou jèn LGBTQ+
Èd legal ak resous imigrasyon
Sèvis sipò telefòn kanmarad

Si w nan yon kriz, gen liy dirèk sipò ou ka rele oswa tèks pou èd. 

Selebre LGBTQ+

Mwa Fyetè (Pride Month), oswa Pride, se nan mwa Jen. Pride se yon selebrasyon pou rekonèt kominote LGBTQ+ la. Pandan Pride, yo selebre dwa, istwa, ak reyalizasyon moun LGBTQ+ yo. Pride gen anpil evènman tankou parad, festival, ak rasanbleman pou ranfòse kominote ak sansibilize opinyon piblik.

Drapo lakansyèl yo komen nan peyi Etazini. Drapo kolore a se yon senbòl LGBTQ+ fyète. Li parèt pandan Mwa Fyète ak rès la nan ane a montre alyans ak kominote a.


Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de ACLU, ILRC, Rainbow Railroad, Human Rights Watch, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.