Kòman pou w jwenn yon lisans chofè
Pou w kòmanse kondwi Ozetazini, ou dwe aprann kòman pou w kondwi an tout sekirite anvan.
Depi ou fin aprann kòman pou w kondwi an tout sekirite, w ap kapab aplike pou yon lisans chofè k ap pèmèt ou kondwit poukont ou. Laj minimòm pou w kondwi Ozetazini se ant 16 ak 18 lane, toudepann de lwa eta a.
Lè ou aplike pou yon lisans, ou dwe montre dokiman ki pwouve idantite ou ak kote ou abite. Nan kèk eta, ou dwe montre tou prèv estati legal ou Ozetazini. Aprann plis sou kòman pou w jwenn yon lisans si ou pa genyen dokiman.
Pou w jwenn lisans chofè w la, ou dwe pase yon tès ekri, yon tès vizyon, ak yon tès konpetans ou sou wout la pou montre ou kapab kondwi epi paking machin ou an sekirite sou wout la. Kèk eta ofri entèprèt pandan tès konpetans ou sou wout la. W ap bezwen pwograme pou tès sa a alavans sou entènèt oswa an pèsonn.
Eta yo bay diferan tip lisans pou kondwi machin pèsonèl, kamyon, otobis, trelè, motosiklèt, ak taksi. Pifò moun jwenn yon lisans chofè estanda yo rele Klas D - Operatè. Lisans chofè yo valab pou omwen kat lane depandaman de ki eta ou ap viv nan. Si w deplase nan yon lòt eta, ou dwe fè chanje ansyen lisans ou pou yon nouvo lisans nan eta sa. Vizite Depatman Machin ak Motè, ke yo rekonèt kòm DMV a, ki pi pre kay ou pou plis enfòmasyon sou kondisyon aplikasyon yo ak frè.
Kòman pou w jwenn yon pèmi apranti
Tout eta egzije pou jenn moun ki gen mwens pase 18 lane yo jwenn yon pèmi apranti anvan yo aplike pou yon lisans chofè. Yon pèmi apranti pèmèt ou kondwi yon machin avèk yon moun ki gen depase 21 lane ki gen lisans. Nan kèk eta, ou dwe genyen yon pèmi apranti si se premye fwa w ap kondwi kèlkeswa laj ou.
Anpil eta pèmèt moun ki gen ant 14 e 16 lane pou yo aplike pou pèmi apranti chofè. Jèn adilt yo dwe pase yon tès je ak yon tès ekri ki rele yon tès konesans sou yon òdinatè konsènan lwa trafik yo pou jwenn yon pèmi pou aprann. Jèn adilt yo dwe kenbe pèmi apranti yo a pandan si mwa anvan yo aplike pou lisans chofè a.
Anpil eta mande tou pou jenn granmoun yo enskri pou yon klas edikasyon chofè ak pratike kondwi pandan 6 - 9 mwa anvan yo aplike pou yon lisans chofè. Vizite sit entènèt DMV eta ou a pou enfòmasyon sou kòman pou enskri pou pwogram edikasyon yon chofè a.
Gen kèk eta ki mande pou granmoun tou plis pase 18 lane po pran pèmi pou yon moun k ap aprann anvan yo jwenn premye lisans chofè yo. Nan eta sa yo, granmoun gen yo gen pèmi aprann pou 30-60 jou anvan yo resevwa lisans chofè yo. Granmoun ka jwenn lisans chofè yo pi bonè si yo ranpli yon klas edikasyon chofè. Vizite DMV lokal ou a pou aprann ki dokiman ak frè ou bezwen pou aplike pou pèmi yon moun k ap aprann. Chak eta gen yon manyèl chofè ak kesyon pratik ou ka etidye pou prepare pou tès ekri a. Gen kèk eta ki ofri manyèl chofè a epi pèmèt ou pran tès la ekri nan yon lòt lang.
Kondwi pandan ou pa gen dokiman pou sa
Kounye a, 19 eta ak DC pèmèt imigran san papye yo aplike pou pèmi pou aprann ak lisans chofè. Si w pa kapab pwouve prezans legal nan eta sa yo, ou ka anmezi pou bay lòt dokiman olye. Verifye ak DMV nan eta w la pou w konnen si w kapab kondwi pandan w pa gen papye.
Si w ap kondwi san yon lisans valid, ou ka genyen pou w peye yon amann oswa pase tan nan prizon. Si yo arete ou paske w ap kondwi san lisans, w ap riske pou yo mete ou nan pwosedi pou depòtasyon rapid yo.
Ou kapab kondwi avèk yon lisans chofè etranje valid Ozetazini. Kèk eta ka egzije tou yon pèmi kondwi entènasyonal (IDP) yo dwe ba ou nan peyi kote ou genyen lisans chofè a. Kantite tan ou kapab pase ap kondwi ak yon lisans chofè etranje varye selon eta a. Verifye bò kote DMV a. |
Lwa enpòtan konsènan trafik woutyè
Etazini genyen lwa sikilasyon pou pwoteje ou sou wout la. W ap bezwen aprann lwa ki espesifik pou eta w la epi toujou respekte lwa sa yo.
Ou dwe toujou genyen yon lisans chofè valid. Li pa legal pou w ap kondwi san yon lisans chofè valid. Si w ap kondwi san yon lisans, ou kapab jwenn yon tikè epi ou ka genyen pou w peye yon amann. Nan kèk ka, ou kapab pèdi privilèj/kapasite pou w kondwi.
Ou dwe anrejistre machin ou an nan eta w la. Tout eta egzije pou kondiktè yo anrejistre machin yo a nan eta yo ye a. Kenbe yon kopi prèv anrejistreman an nan machin ou.
Ou dwe genyen yon asirans pou machin. Chak eta egzije pou chofè yo genyen asirans de baz pou depans nan ka yon aksidan oswa domaj. Kenbe yon kopi prèv asirans lan nan veyikil ou tout tan.
Ou dwe pase senti sekirite ou. Tout moun nan machin ou an dwe pase senti sekirite yo keseswa se yo k ap kondwi oswa se pasaje. Senti sekirite yo kapab pwoteje moun yo pou yo pa domaje nan ka yon aksidan. Tibebe yo ak timoun yo dwe chita nan syèj pa yo ki byen tache anndan machin ou an an sekirite. Pa mete yon timoun sou jenou w pandan w ap kondwi oswa pandan w anndan yon machin k ap kouri. Si ou vyole prensip sa yo w ap peye amann.
Ou dwe respekte tout prensip sikilasyon yo. Veye limyè sikilasyon yo, pano siyalizasyon yo, limit vitès yo lè w ap kondwi. Ou ka pran tikè ak peye amann pou vitès, fè vire-an-u ki pa respekte sikilasyon an, epi sote limyè wouj ak pano siyalizasyon.
Ou dwe bay pasaj pou veyikil ijans yo, bis lekòl yo, ak pyeton yo. Ou dwe mete ou sou kote pou w kite veyikil ijans yo pase si yo bay siyal ak sirenn. Ou dwe kanpe tou lè yon bis lekòl kanpe ak limyè flache epi siyal kanpe pwolonje. Ou dwe bay pasaj oswa kanpe pou pyeton k ap travèse lari a.
Ou dwe kanpe si ou rive sou yon aksidan sikilasyon. Verifye pou w wè si gen moun ki blese epi rele 911 si yo bezwen asistans medikal. Soti sou wout la pou w kanpe yon kote ki sekirize epi siyale aksidan an bay lapolis.
Ekri non, nimewo telefòn, adrès, nimewo lisans chofè a, nimewo plak lisans lan, ak enfòmasyon asirans moun ou frape a oswa ki frape w la. Si te gen moun ki te wè aksidan an, ou ta dwe pran non yo tou ak nimewo telefòn yo. Fè foto tout domaj yo. Siyale aksidan an bay konpayi asirans ou an touswit.
Si ou kite sèn aksidan sikilasyon an san kanpe, yo kapab akize ou pou krim e ou ka genyen pou w peye gwo amann.
Ou pa kapab konsome alkòl oswa dwòg pandan w ap kondwi. Se yon danje epi li pa legal pou w ap kondwi sou enfliyans alkòl oswa dwòg. Si w ap kondwi sou oswa entoksike, ou kapab akize pou yon ofans grav yo rele Kondwit sou enfliyans (DUI) oswa Kondwit Entoksike (DWI), peye gwo amann, pase tan nan prizon, epi pèdi lisans ou. Aprann plis sou kondwit sou sitwèb Administrasyon Nasyonal Sekirite Woutyè (NHTSA).
Ou pa kapab ekri oswa itilize telefòn ou pandan w ap kondwi. Li pa legal pou w ap ekri pandan w ap kondwi nan prèske tout eta Ozetazini. Anpil eta bani tou itilizasyon telefòn pandan moun nan sou volan, keseswa nan men l ou non.
Ou pa ka mache san w pa fè atansyon nan pifò eta yo. Mache sanw pa fè atansyon , oswa travèse lari san yo pa mache nan yon pasaj pou pyeton ke yo detèmine, ilegal nan pifò eta yo.
Ou pa kapab kite timoun ou oswa zannimo domestik ou nan machin ou san siveyans. Majorite eta yo gen lwa ki entèdi pou moun kite timoun yo oswa zannimo domestik yo nan machin yo akoz risk sekirite yo. Lè ou kite timoun ak zannimo domestik poukont yo nan machin nan, sa kapab mete yo an danje pou yo chofe twòp oswa pou yo vin friz, dezidrate, blese, kidnaping, ak lanmò.
Konsèy pou kondwi san danje
Men kèk konsèy sekirite ki kapab ede ou rete an sekirite sou wout la.
Kontwole veyikil ou a. Verifye si miwa yo, limyè yo, kawotchou yo, fren yo, ak eswi glas yo kòrèk. Rasire w ou ranpli tank gaz ou.
Konsantre w konplètman sou kondwi a. Ajiste miwa w epi konfigire kat ou ak radyo ou anvan ou kòmanse kondwi. Evite itilize telefòn oswa manje ak bwè pandan w ap kondwi. Soti sou wout la epi kanpe yon kote ki sekirize pou w kapab itilize telefòn ou oswa manje.
Pa kondwi si ou santi w fatige. Si ou santi w fatige, bay siyal epi soti sou wout la, kanpe yon kote ki sekirize epi repoze w.
Toujou lòk machin ou menm lè ou anndan machin nan. Pa kite objè ki gen valè yo kote moun ka wè yo e sonje pran kle w anvan w soti nan machin nan.
Prepare ou pou ijans woutyè yo. Soti sou wout la pou yon akotman, pou w pran yon ti repo oswa antre nan yon pakin. Rele asirans ou an pou asistans woutyè ki toupre w la.
Prepare ou pou move tan. Verifye tan an epi evite kondwi lè wout la gen glas oswa lè li gen grèl, inondasyon, lapli, oswa anpil nèj ap tonbe. Si ou pa kapab soti sou wout la pandan move tan an, limen limyè devan yo epi kondwi dousman epi rete nan yon bèl distans dèyè machin ki devan w lan.
Mete yon kit sekirite nan machin ou. Mete bagay sa yo nan machin ou pou w prepare ou pou ijans woutyè ak move tan, kit premye swen, limyè flach ak batri, kawotchou derechanj, jack, kab demaraj, kòd solid, alimèt ak bouji, pèl nèj, chenn kawotchou, kouvèti, gan, kolasyon, ak dlo.
Pa reponn ak raj sou wout. Raj sou wout la ka mete lavi moun an danje sou wout la. Si yon lòt chofè sanble fache oswa agresif epi li ap rele fò, klaksone, oswa kondwi twò pre w, rete kalm ak pasyan. Kanpe machin nan epi chanje liy, ralanti, oswa sòti kite otowout la epi kite yo pase.
Kanpe machin lan nan yon kote ki an sekirite si lapolis fè w konnen pou w kanpe. Etenn motè ou epi desann fenèt ou. Rete nan machin ou sof si ofisye a mande w pou sòti. Mete men w sou volan an oswa tablodbò kote ofisye a ka wè yo tout tan. Yo ka mande w pou montre lisans chofè w la, enskripsyon machin ou, ak prèv asirans. Ou pa oblije reponn kesyon ofisye a oswa konsantman nan yon rechèch nan machin ou si ou pa vle. Aprann plis sou sa pou fè lè lapolis stopew.
Achte yon machin
Achte yon machin mande anpil rechèch ak planifikasyon. Si w ap achte yon machin pou premye fwa, li kapab itil anpil pou w genyen yon zanmi oswa mentò pou ede w konnen kòman pou w achte yon machin.
Ou kapab aplike pou yon prè labank oswa koperativ kredi pou w achte yon machin, men w ap genyen pou w peye enterè sou li chak mwa. Ou kapab chwazi tou pou w achte yon machin ak lajan likid.
Jeneralman, li pi bon mache pou achte yon machin ki sèvi deja pase yon machin nèf. Ou kapab achte yon machin ki sèvi deja nan men pwopriyetè a oswa lakay yon dilè. Ou kapab negosye pri a.
Ou ta dwe verifye ke tit machin nan se klè e pwòp e ke pa gen yon lòt moun posede machin nan. Ou ka verifye estati a nan tit machin nan atravè yon founisè ki apwouve pa Sistèm Enskripsyon Nasyonal Motè Tit Veyikil la.
Ou ta dwe fè notarye tit machin nan (siyati ofisyèl) epi rasire w ou pran resi nan men pwopriyetè machin nan.
Li enpòtan pou w fè yon mekanisyen gade machin nan si w ap achte li dezyèm men Ou pral vle tou teste kondwi machin nan epi asire w ke li ap travay anvan ou deside achte li.
Aplike pou yon asirans machin
48 eta genyen lwa ki egzije pou chofè yo genyen asirans pou machin pou kouvri depans domaj ak blesi nan yon aksidan.
Egzijans asirans diferan nan chak eta, men majorite asirans egzije pou chofè yo genyen omwen yon asirans responsabilite sivil k ap kouvri domaj machin nan sibi ak blesi fizik lòt moun nan si se ou yo jwenn ki lakoz. Ou kapab chwazi tou pou w pran yon asirans konplè pou w kouvri depans pou domaj machin ou an sibi yo.
Li enpòtan pou kenbe prèv asirans nan machin ou pou montre nan ka ou ta fè yon aksidan. Si w ap kondwi machin yon zanmi, asire w ke machin nan gen asirans.
Vizite sitwèb DMV nan eta kote w ye a pou w aprann plis sou egzijans asirans pou machin ki espesifik a eta w la.
Anrejistre machin ou an
Eta egzije ou pou bay machin ou an tit epi anrejistre li nan DMV oswa ajans transpò a anvan ou kapab kondwi li. Lè ou anrejistre machin ou an, w ap genyen yon kat anrejistreman, yon plak lisans, ak yon kolan pou plak lisans ou an.
Si ou pa enskri machin ou an oswa kite imatrikilasyon w ekspire, yo kapab remòke machinn ou an e ou kapab peye amann. Li enpòtan pou kenbe prèv asirans nan machin ou pou montre nan ka ou enplike nan yon aksidan.
Kèk eta gen lwa ki egzije pou w pase yon enspeksyon sekirite chak ane. Si ou pa montre papye enspeksyon sekirite ou nan eta sa yo, ou ka pran tikè ak amann.
Vizite sitwèb DMV nan eta w la pou w aprann plis sou dokiman ak frè w ap bezwen pou w anrejistre machin ou an.
Tout enfòmasyon sa yo gen entansyon ede w pi byen konprann kondwi nan Etazini yo. Okenn nan enfòmasyon sa yo ta dwe konsidere kòm konsèy legal. Kontakte DMV nan eta w si w gen nenpòt kesyon ak enkyetid.
Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de Department of Motor Vehicles ak lòt sous nou ka fè konfyans. Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann epi yo mete yo ajou regilyèman. Enfòmasyon sa yo pa konsèy jiridik.