Pataje

Imigrasyon fanmi pou sitwayen ameriken ak moun ki gen green card yo

Si ou se yon sitwayen ameriken oswa yon rezidan pèmanan legal, ou ka fè yon petisyon pou kèk manm fanmi ou vin jwenn ou Ozetazini. Aprann plis sou tip viza imigrasyon pou fanmi ki disponib ak kijan pou aplike.

Mizajou May 17, 2023

Paj sa gen enfòmasyon pou sitwayen ak moun ki gen green card yo. Si w ap chèche lòt fason pou w reyini ak fanmi ou, gade paj:

Etazini gen yon pwogram imigrasyon fanmi ki pèmèt fanmi yo reyini legalman Ozetazini. Toudepann de estati imigrasyon ou, ou ka anmezi pou w esponsorize kèk fanmi ou pou yo vin jwenn ou Ozetazini. 

Lè ou fè demann pou manm fanmi ou antre Ozetazini, yo kapab jwenn yon green card. Sa ap pèmèt yo vwayaje, viv epi travay an pèmanans Ozetazini. Ou kapab fè demann tou pou manm fanmi ou ki deja Ozetazini jwenn yon green card.

Demann: yon aplikasyon oswa demann fòmèl ki fèt bò kote yon otorite

Moun ki fè demann nan: moun ki soumèt yon aplikasyon pou mande yon grenn card pou manm fanmi yo

Benefisyè: manm fanmi moun ki fè demann nan te soumèt aplikasyon an pou li a

Imigrasyon fanmi selon estati

Manm fanmi ou kapab fè demann pou yo a diferan toudepann de estati ou:

Sitwayen ameriken yo

Si ou se yon sitwayen ameriken, ou kapab fè demann pou manm fanmi ki pwòch epi ki lwen pou yo antre Ozetazini. 

  • Fanmi pwòch: mari oswa madanm, timoun ki pa marye ki gen mwens pase 21 an, ak paran. Pa gen limit sou kantite viza ki disponib pou fanmi pwòch.
  • Lòt manm fanmi: timoun ki pa marye ki genyen plis pase 21 an, timoun ki marye, frè, epi sè. Disponiblite viza pou manm fanmi sa yo depann de kategori preferans fanmi yo.
  • Fiyanse: ou kapab itilize Fòm I-129F pou w fè fiyanse ou ak timoun li yo antre Ozetazini pou w marye oswa tann apwobasyon Fòm I-130.

Moun ki gen green card yo

Si ou se yon rezidan pèmanan legal (LPR), ou kapab fè demann pou mari oswa madanm ou ak timoun ou genyen ki pa marye pou yo antre Ozetazini. Disponiblite viza yo depann de kategori preferans fanmi yo.

Moun ki fè demann nan
Benefisyè
Avantaj
Fòm
Sitwayen ameriken
Mari oswa madanm, timoun, paran, frè ak sè 
Green card 
I-130I-485I-864
Sitwayen ameriken
Fiyanse ak timoun yo ki gen mwens pase 21 an
Viza fiyanse 
I-129F
Moun ki gen green card yo (LPR) 
Mari oswa madanm ak timoun ki pa marye
Green card
I-130I-485I-864

Koup menm sèks ki marye legalman rekonèt kòm moun ki ansanm pou viza pou fanmi yo.

Kategori viza preferans fanmi yo

Sitwayen ameriken yo kapab aplike pou manm fanmi pwòch yo vin jwenn yo epi y ap trete demann yo jan yo resevwa yo a. Lòt manm fanmi sitwayen ameriken yo ak manm fanmi moun ki gen green card yo dwe tann viza preferans fanmi yo disponib. Gen plizyè kategori preferans diferan. 

Kategori preferans
Moun ki fè demann nan
Benefisyè
Kantite viza
Premye preferans (F1)
Sitwayen ameriken
Timoun ki pa marye (21+ (ki gen plis pase 21 an)) 
23,400
Dezyèm preferans (F2A)
LPR
Mari oswa madanm ak timoun ki minè (mwens pase 21 an) 
87,934
Dezyèm preferans (F2B)
LPR
Timoun majè ki pa marye (21+ (ki gen plis pase 21 an)) 
26,266
Twazyèm preferans (F3)
Sitwayen ameriken
Timoun majè ki pa marye (21+ (ki gen plis pase 21 an))
23,400
Katriyèm preferans (F4)
Sitwayen ameriken
Frè ak sè 
65,000

Gen yon total 226,000 viza preferans fanmi ki disponib chak ane. Ou kapab verifye disponibilite yo nan bilten viza a.

Yo aktyalize bilten viza a chak mwa e li afiche delè tretman aktyèl yo. Ou kapab kontinye nan etap annapre yo si dat depo demann ou an anvan dat ki endike a. Dat sa a se dat kote USCIS te resevwa aplikasyon w lan. Kolòn ki make “All Chargeability Areas Except Those Listed (Tout Zòn a Tarif yo Esepte Sa ki Endike yo)” se pou tout peyi esepte Lachin, End, Meksik, ak Filipin ki genyen pwòp kolòn pa yo. 

Sonje, si ou se yon sitwayen ameriken, mari oswa madanm ou, paran ou, ak timoun ou ki genyen mwens pase 21 an pa oblije tann yon viza preferans fanmi.

Elijibilite manm fanmi

Ni ou ni manm fanmi ou dwe reponn ak yon seri ekzijans pou aplike pou imigrasyon fanmi. Egzijans elijibilite yo diferan pou chak estati imigrasyon. 

Manm fanmi ou ka pa elijib si yo:

Kijan pou aplike

Aplike pou imigrasyon fanmi genyen de (2) gran pati.

Premyeman, ou dwe soumèt Fòm I-130 pou esponsorize manm fanmi an pou li jwenn yon green card. Fòm sa a sèvi pou montre oumenm ak moun nan se fanmi epi ou kalifye pou imigrasyon fanmi. Yon demann ki apwouve pa bay okenn avantaj. Li sèlman bay yon plas pami demann viza y ap trete yo. 

Dezyèman, manm fanmi ou dwe aplike pou yon ajisteman estati oswa ale nan konsila Sa depann de si yo deja andedan Ozetazini oswa nan yon lòt peyi.

  • Si manm fanmi ou andedan Etazini, yo kapab aplike pou yon ajisteman estati lè yon viza disponib. Sa fèt ak Form I-485.
  • Si manm fanmi ou andeyò Etazini, National Visa Center (NVC) “Sant Nasyonal pou Viza” ap trete aplikasyon yo a pou yon viza imigran. Sa rele trètman konsilè. Manm fanmi an pa bezwen ranpli Form I-485. 
Nan kèk sikonstans, ou kapab an mezi pou ranpli Form I-130 ak I-485 an menm tan.

Etap pou aplike pou manm fanm ki andeyò Etazini

1. Soumèt Form I-130 pou chak manm fanmi. Ou pral bezwen bay dokiman ki pwouve estati imigrasyon w ak relasyon familyal ou. 

2. Jwenn apwobasyon nan USCIS. Petisyon w lan dwe apwouve anvan ou ka kòmanse pwosesis viza a.

3. Kòmanse pwosesis viza. NVC ap revize ka ou a epi asire ou te bay tout dokimantasyon nesesè pou entèvyou w la. 

Si w ap aplike pou yon viza pou manm fanmi ki pa imedya ou dwe tann li disponib anvan sou bilten viza. 

4. Peye frè trètman an nan yon bank ki Ozetazini. W ap bezwen peye Frè Trètman Aplikasyon Viza Imigran an ak Frè Sipò Afidavit la.

5. Dosye Form I-864. Sa montre ou ka finansyèman sipòte manm fanmi ou. W ap bezwen enkli dokiman ki montre revni ou. 

6. Konplete Form DS-260. Manm fanmi w lan ap bezwen ranpli aplikasyon viza anliy lan. Yo dwe bay kèk dokiman tankou yon batistè oswa kazye jidisyè. Sa enkli tradiksyn sètifye pou dokiman ki pa an Anglè yo.

7. Pase yon egzamen medikal. Yon doktè anbasad la apwouve dwe egzaminen manm fanmi w lan. Yo dwe konplete tout vaksen yo egzije anvan entèvyou yo a. 

8. Rasanble dokiman yo pou entèvyou a. Vin ak foto e dokiman eta sivil yo ranpli ak NVC a pou entèvyou a. 

9. Pase yon entèvyou. Manm fanmi w lan pral pase entèvyou a nan yon Anbasad oswa Konsila Ameriken. Ajan an pral poze w kesyon sou aplikasyon an pou deside si ou kalifye pou yon viza imigran.

10. Resevwa yon desizyon. Ajan konsilè a ap apwouve, rejte, oswa mete aplikasyon an annatant pou plis prèv. Si yo apwouve aplikasyon yo a, y ap jwenn enfòmasyon sou fason retounen paspò ak viza yo ba yo ak pwochenn etap yo. 

11. Peye yon frè imigrasyon. Si manm fanmi w lan jwenn apwobasyon pou yon viza, yo dwe peye yon frè imigrasyon pou trete viza ak kat rezidans yo a. 

12. Vwayaje Ozetazini. Ou dwe rive Ozetazini pa pita pase dat ekspirasyon ki sou viza w la. Abityèlman li valab pou 6 mwa. Lè ou rive, yo pral revize amidsyon ofisyèl ou Ozetazini.

Jwenn èd jiridik

Li enpòtan pou jwenn konsèy legalpou konprann opsyon w yo pou imigrasyon familyal. Òganizasyon ak avoka yo ka ede w konplete aplikasyon w lan. Avoka ak reprezantan imigrasyon ki travay pou òganis ki pa pou fè lajan ki resevwa akreditasyon “Board of Immigration Appeals” ka ofri depans ki mwen chè ak plis sèvis ki fyab. Apran ki fason pou jwenn èd legal

Si yon moun mande w pou peye yo anpil lajan pou mennen yon manm fanmi w isi a, ou dwe chache yon lòt opinyon. Kèk moun ka eseye fè magouy pou di w yo ka mennen manm fanmi w ki pa nan kategori ki elijib yo, tankou yon kouzen, granparan, matant, oswa tonton.

lawyer reviewing information
Evite fwod imigrasyon

Aprann fwod sou imigrasyon ki pi kòmen tankou notè ak fo sit entènèt yo. Konnen kijan pou pwoteje tèt ou epi kisa pou fè si ou te viktim de fwod.

Aprann plis

Enfòmasyon ki nan paj sa a vini de USCIS, the Department of State, ak lòt sous nou ka fè konfyans. Nou vize pou ofri enfòmasyon fasil pou konprann ki mete ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy jiridik.

Pataje