Chòk imigran ak refijye

Mizajou nan dat 13 septanm 2022
Paj sa a te tradui pwofesyonèl pa yon moun. Aprann plis
Anpil imigran ak refijye soufri twomatis. Aprann plis sou siy twomatis ak twoub estrès pòs-twomatik (PTSD). Jwenn konsèy pou fè fas ak twomatis ak kijan pou jwenn tretman.

Ki sa ki chòk ye

Si w fè eksperyans yon move evènman, li komen yo gen emosyon fò tankou pè, tristès, ak kòlè. Pafwa, yon eksperyans ka kitew ak yon santiman alontèm de ensekirite. Yo rele sa chòk.

Tip evènman ki lakòz twomatis yo souvan rive sanzatann, andeyò kontwòl ou, oswa mete lavi ou an danje. Sa ka gen ladan l:

  • temwen oswa fè eksperyans vyolans
  • lagè oswa zak teworis
  • abi fizik oswa abi seksyèl
  • pèdi yon moun ou renmen
  • ke yo te fè kont volonte w (tankou yo te nan prizon)
  • aksidan oswa dezas ki menase lavi yo

Lè w ap vini nan yon nouvo peyi, ou ka gen yon move bagay ki rive w pandan vwayaj la oswa aprè w fin rive. Li ka pafwa difisil pou rekipere w de evènman sa yo paske yo te rive lè ou panse w te ka an sekirite.

Sentòm twomatis yo

Tout moun pa fè eksperyans twomatis akoz menm evènman oswa fè eksperyans lan menm jan. Pou anpil moun k ap deplase al nan yon lòt peyi, li komen pou yo konsantre sou bezwen debaz yo avan. Ou ka pa fè eksperyans sentòm twomatis yo touswit akoz de sa.

Sentòm twomatis ki komen yo se:

  • Santiman lapèrèz, enkyetid, tristès, mank enterè nan aktivite chak jou yo, koupab, oswa refize akspete sa ki rive a.
  • Sentòm fizik tankou pwoblèm somèy oswa kochma, tèt fè mal, toujou santi fatig, doulè san yon kòz fizik, kè plen, ogmantasyon batman kè, oswa toujou rete an alèt.
  • Difikilte pou sonje bagay, konfizyon, oswa pwoblèm konsantrasyon.
  • Chanjman nan konpòtman tankou itilize plis sigarèt, dwòg, oswa alkòl, chanjman nan apeti, oswa pa kominike menm jan ak fanmi oswa zanmi yo.

Sa yo se tout repons nòmal. yo. Pou pifò moun, sentòm sa yo disparèt avèk le tan. Nan kèk ka, sentòm sa yo pa disparèt pou kont yo. Sa yo rele Post twomatik estrès Twoub (PTSD).

Trètman pou twomatis

Pa santi ou nan nòmal ou aprè yon move bagay rive se nòmal. Chak kilti ak chak moun gen diferan eksperyans ak twomatis ak fason yo rekipere yo.

Gen anpil bagay ou ka fè poukont ou pou ede sentòm yo disparèt:

  • Rete aktif. K ap deplase kò w ka espesyalman itil lè w ap travay nan chòk. Li ede sèvo ou ak kò w refè epi yo ka bese òmòn yo ki fè w santi ou ensiste.
  • Konekte ak lòt moun.
  • Pran swen sante fizik ou. Manje manje ki an sante, dòmi ase ak fè egzèsis, epi evite alkòl ak dwòg.
  • Jwenn fason pou w santi w kalm. Santi w ap pedi kontwòl trè komen nan ka chòk. Pou w kapab kalme tèt ou li enpòtan pou ede w santi ou an kontwòl. Ou ka eseye pratik kout yo sispann panse difisil. Ou ka gen ladan tou aktivite kalme nan woutin chak jou ou tankou medite, ale fè yon ti mache, mizik, lapriyè, oswa yon aktivite ou jwi.
Konsèy rapid pou santi w kalm
— Mete men w ak ponyèt anba dlo kap koule.
– Fè mouvman sote oswa kouri an plas.
- Eseye metòd la 5-4-3-2-1. Repete senk bagay ou ka wè, kat bagay ou ka tande, twa bagay ou ka manyen, de bagay ou ka pran sant, ak yon sèl bagay ou ka gou.

Si ou fè bagay sa yo epi ou toujou ap batay pou santi w nan nòmal ou, li tap petèt itil pou ta travay avèk yon pwofesyonèl sante mantal. Moun sa yo se moun ki ka ede ou devlope konpetans pou w santi w plis an kontwòl. Li enpòtan pou jwenn yon moun ou santi w alèz avèk li. Gen kèk moun ki twouve li pi fasil pou yo travay ak yon moun ki gen menm pakou kiltirèl avèk yo.

Yon bon pwofesyonèl sante mantal ap ede w konnen fason pou jere sentòm yo w ap fè eksperyans. Ou pa bezwen pale sou istwa w si w pa vle. Si w gen swen sante, li ka kouvri pri a.

Aprann kijan pou jwenn sèvis sante mantal.

gason ke yo ap konsole
Ou santi w tris oswa enkyete?

Ou pa poukont ou. Aprann sou sante mantal ak kijan pou jwenn èd. Jwenn sèvis ak sipò pou imigran yo.

Jwenn èd

Estrès Post-twomatik maladi (PTSD)

Pou pifò moun, emosyon difisil apre yon evènman twomatik diminye avèk le tan. Si w kontinye gen sentòm ki pa amelyore epi ki anpeche w travay de tou le jou w yo, ou kapa petet soufri de yon PTSD. Nan kèk ka, sentòm yo nan PTSD ka montre moute yon tan long apre evènman an te pase.

Si w pan panse ke w ta ka fè eksperyans PTSD, ou ka pale ak doktè ou. Doktè w la ka sijere medikaman oswa konekte w avèk yon pwofesyonèl sante mantal.


Objektif nou se pou ofri enfòmasyon ki fasil pou konprann e ki ajou regilyèman. Enfòmasyon sa a se pa konsèy legal.